Yon fanm mouri pou yon paspò !

0
1689
Madanm sa a se yon polisye ki fann pye dwat li nan yon liy pou paspò nan pak Sent Terèz. Li trepase nan aswè sou kabann lopital.
Depi de mwa depi w al legliz la
Ou pa wè pastè a ni kòd fanmi l
Yo gen tan sefwe nan Baydenn
Epi pastè pase tout vi l ape di fidèl
Tann Jezi vin sove yo anba bandi

 

Se vre kanaval se pi gwo fèt ki toujou rasanble anpil moun menm kote anmenntan nan tout peyi. Men, depi koze Baydenn nan vini nan koumansman mwa janvye a chak jou se kanaval nan tout biwo kote y ap fè paspò.

Depi de mwa konsa, se 3 grenn biznis ki fè piplis kòb san redi. Se Legliz k ap fè mago nan ranmase dim, lakòlèt, vann fo mirak ak sakreman ekspire sou Galile. Zak kidnaping nan menm se tout lajounen, bandi ap ranmase pòv malere epi mande fanmi yo milya ak milyon pou yo pa touye yo.

Dènye izin ki vin louvri pou vakabon ak matomann fè milya se fè paspò nan rakèt. Sa k pi mal la menm, dènye kategori magouyè aninifòm ki rantre nan fè mago depi dosye Baydenn lage a se polisye raketè.

Pastè ak pè te pase kòm pigwo chanpyon nan chanpyona raketè ak bib. Depi dosye Baydenn nan parèt nan koumansman 2023 a. Sa gen 2 mwa sèlman prèske tout pastè ak pè voye bib yo jete nan pil fatra santi melanje ak dlo sal nan kalfou 1ye Avni  pou y al fè pil milya nan fè paspò nan rakèt. Pa sezi ditou, si w aprann koze Baydenn nan akouche plizyè lòt kalib raketè ankò. Sa k pi enterese nou jounen jodi a se sa ki ak zam ak inifòm ak zèpòlèt yo, kidonk polisye yo.

Dènye izin ki vin louvri pou vakabon ak matomann fè milya se fè paspò nan rakèt.

Depi jou sa a, polisye yo depase pè ak pastè ki te pi maton nan chanpyona raketè pase raketè ki gen doktora nan fè gwo jimnastik rakèt. Sonje kategori moun yo bay pou pastè ak pè yo pase tout vi yo ape byen mennen detan y ap amize yo di benyen moun ki nan mizè ak manti nan plede di yo men Jezi nan papòt la kontinye viv nan ma labou pou l ka monte ak nou al chita adwat papa l.

Piga n sezi aprann anplis sakreman ekspire, jounen jodi a legliz lage kò l toutouni nan vann gwo zam fann fwa bay bandi pou vin fann fwa pitit pòv malere. Nan sans sa a nou sonje dosye kontenè zam fann fwa Legliz episkopal gen nan dwàn nan lè kakachat la te pete nan figi tout moun gwo lajounen ki te jedi 14 jiyè 2022 a. Jan machan zam legliz yo reflechi, ta sanble dosye zam sa a gen twòp danje ladan l.

Jounen jodi a se dosye paspò pou sanmil (100,000.00) Pyas pè ak pastè raketè tout kalib ak bib sèvi kòm zam pou fann fwa tout moun ki bezwen pyès idantite sila a pou yo kouri sove kite peyi a youn dèyè lòt. Anprensip, nan tan nòmal yon paspò koute mwens pase dimil (10.000.00) Pyas. Konsa na va demele n fè kalki1 pou n wè kouman biznis ki rele rakèt paspò a ap mennen kounyea pabò isit.

« M gen yon neve m ki soti Ansapit ki pase plis pase 3 jou nan vil Jakmèl pou l te ka fè yon paspò. Apre tout tan sa a l bijo chwe jis Miragwàn kote li pase 3 jou ankò. Aaaa nad marinad. Li di m li konn leve a 3 zè nan maten pou l al kanpe nan liy la ki men longè. Menm moun ki 1ye nan liy la pa janm rive rantre. Direktè a parèt bò 9 vè konsa ak pil moun pa l dèyè l, si w konn kapitèn rara Yogann. E, se yo sèl ki rive pase ». Se sa yon sitwayen nan ri Gregwa nan Petyonvil te rakonte n yè lendi a.

Sa k pi bèl la pa gen okenn fakilte, ni lekòl pwofesyonèl kote yo etidye raketè. Se 3 kalite ou bezwen pou w gen doktora nan raketè. Sanwont, sansantiman ak sankonsyans (magouyè ou matomann). Epi w gen tan vin milyadè nan fay minit sou mizè malere. Jwenn 100.000.00 pyas pou w lonje bay raketè a bib ou a zèpòlèt se youn. Men rive rantre kote pou w fè foto ak anprent lan se yon lòt

Depi mwa janvye, rive fè paspò san w pa pran desizyon pou w pran plizyè gagann, pataswèl, kalòt, pousad, toufounay, pilonnay w ak kèk bèl grenn palavire se yon lòt koze. Lontan, ou te konn nèk parèt nan DGI byen fasil, ou achte yon tenm paspò epi w al nan Imigrasyon fè foto ak anprent, siyen, apre kèk jou w al pran paspò w. Depi koze Baydenn lan pa gen bagay konsa ankò pyès.

Depi koze Baydenn lan nan paspò tounen lò tèlman l vin ra. Tout kote se moun pilsoupil si w konn machann gazolin nan rantre Ench. Depi koze Baydenn nan tout kote yo fè paspò se kanaval lajounen kou lannwit. Gen anpil moun, granmoun kou timoun, ki konn menm al dòmi sou channmas oubyen devan biwo kote yo fè paspò yo pandan plizyè nwit, a a a, kòve yo fè. Youn pa janm reyisi pase vre.

Lanmò pou paspò

« Men kisa yon polisye fè yon dam ki te al fè paspò jodi lendi 27 fevriye 2023 a nan biwo  Imigrasyon ki Petyonvil la nan Pak Senterèz. Li klè jounen jodia polisye chwazi detwi lavi pitit pèp Ayisyen tout jan tout fason nan peyi a. Jounen jodia anpil nan polisye yo ap mache pran gwo lajan nan men anpil moun ki vin fè paspò. Se tout kote w pase, polisye tounen Ajans vwayaj. Se nan tout sant kote y ap fè paspò nan peyi a si w pa peye yon polisye 100.000.00 pyas sa vle di w pako janm bezwen l vre ».

Sa a se pawòl yon sitwayen ki te la nan moman polisye a sasinen madanm nan ak yon bal zam gwo kalbi nan pye dwat li. Kouman sa te pase ? Nonm sa a ki te temwen an rakonte n, li te vin fè paspò ak madanm li ak 2 pitit li yo. Se nan moman polisye a parèt ak yon bann moun pou l al fè paspò pou yo preseprese. Kòm te gen anpil moun nan biwo a pat gen plas pou l te rantre anndan an.

Se konsa l koumanse simaye grenn bal tribòbabò kou Adèbal, yon gwo makout ki te ret nan Dèlma 3 pou yo ka ba l rantre. Malerezman se yon dam ki te tou pre l la ki te pran yon bal ki kraze pye dwat li tankou yon ze k sot tonbe nan panye ti machann. Panik ak gwo kouri nan tout kwen. Dapre enfòmasyon k pral tonbe madanm sa a pral rann dènye souf li nan menm aswè a sou kabann lopital.

Yon fanm te monte sou yon tèt mi pou l ka lage kò l nan lakou a. Nan trase kata sou tèt mi an pye ti manzè a chape.

Madanm pak Sent Terèz la se pa premye moun polisye yo touye nan koze paspò sa a. Zòn 8 fevriye yo konsa gen yon ti bebe ki toufe nan biwo yo rele KRLDI ki nan Taba a. Manman ti bebe kèk mwa sa a te vin fè paspò pou li pou l al nan Baydenn. Se konsa yon krèy polisye Lwijan Boje debake ak yon kolonn moun pou vin fè paspò 100.000.00 Pyas. Moun sou moun yo pa fouti rantrre ak bann madigra ki dèyè yo a.

Lwijan Boje yo pran simaye gaz devan kou dèyè. Ti bebe sa a ki te soufri opresyon te mouri toufe menm kote a. Devan ki tribinal manman ak papa ti bebe sa a pral pote plent pou ansasen yo ? Èske yo ka al pote plent devan menm matchòpwèl polisye Lwijan Boje machan paspò parèy yo. Anvan zak sasinany sa a biwo Lali a te fèmen pou kèk jou. Sa k te pase ? Mezanmi koze a tris anpil anpil.

Te gen yon fanm ki te monte sou yon tèt mi pou l ka lage kò l nan lakou a. Nan trase kata sou tèt mi an pye ti manzè a chape. Komisyon dankèt li al tonbe sou yon babele ki file kou razwa kay kwafè Kanapevè. Li fann sa n konnen m konnen an de bò si w konn zaboka nan mache Dekouze. Se lopital yo bijo mennen manzè pou al koud bòbòt li.

Fanmi l ak lòt moun ankò ki pat ka rantre nan biwo Imigrasyon an te move kou kong. Yo te koumanse voye galèt epi boule kawotchou devan baryè a. Sa te gen tan fè anpil bri kouri kòmkwa manifestan ta met dife nan biwo a. Men se pat vre. Sitiyasyon kabouya ak tèt chaje sa a se menmman parèyman Pòtopresn ak tout lòt biwo nan vil pwovens yo kote gen biznis fè paspò. Tout komisarya ak soukomisarya tounen boutik kote polisye ap vann paspò kou pate cho.

Sa a komik nèt, e anmenmtan ki revòltan tou. Jou ki te vandredi 17 fevriye a tout moun t ap konstate kouman 3 jenn gason vanyan kenbe de pye yon ti moun lonje l kou yon gòl pou travèse l yon bann tèt fè pou moun anndan Imigrasyon an. Gen 3 lòt jenn gason nan lakou a ki pe lonje men pou yo pran l. Si pa malè ti moun sa a ta chape gwo malè t ap rive l.

Pil mago Leta fè

Dapre enfòmasyon ki soti nan sistèm yo rele DIE a, pran 1ye pou rive 27 fevriye sèlman, Leta gen tan fè Nèfsan Katreventrèz Milyon Katsan Karantwui Mil (993.448.000) Pyas nan koze paspò sèlman. Mago sa n di la a se pou mwa fevriye a sèlman. Fòk nou sonje se depi koumansman janvye a lè Baydenn te fè anons : Etazini ap bay baryè lib pou kite kèk moun rantre lakay yo san pwoblèm.

Nasyon tankou Ayisyen, Nikaragweyen, Kiben ak Venezyelyen, se sitou moun sa a yo ki te gen chans sa a. Malgre tout mago Leta fè, okenn nan sèvis yo pa janm vin miyò vre pou yon yota. Nan Pòtoprens kou nan pwovens se toujou men kalvè ak gwo mago, gwo gagann, bouskilad, gwo kout kalòt marasa pou malere rive rantre nan yon biwo Imigrasyon pou al fè paspò. Moun yo brave Ensekirite, kidnaping pou y al fè paspò

Lekòl manman Mari ak papa Jezi chè, lavichè, pa gen travay se tout sa k fè anpil moun ap kouri kite Ayiti chak jou. Lè se pa nan kanntè pou al sèvi desè anba grenn dan reken, se nan liy pou al fè paspò pou bay polisye machann paspò sasinen yo swa anba grenn bal, swa anba kout gaz lakrimojèn. Anpil fwa w konn soti pou al fè paspò, menm menm jak ak dam sa a ak ti bebe Taba a se ak kout fwenn lanmò w kwaze e w bijo pran l tou.

Men n pap fini san n pa di mouche Leta yon flonn mèsi anpil pil sou pil. Mèsi Leta pou jan w maton nan manfouben anpil. Nan non moun ki mouri anba grenn bal oubyen gaz polisye ou byen sa pwent fè anfrajele sou tèt lantouray biwo Imigrasyon sou Lali nou di yon gwo manman Mèsi pou Papa Leta. Paske gras a fason w jere Imigrasyon jounen jodi a se yon paspò yon mò. Paspò vin pichè pase lò. Gras ak dosye Baydenn nan paspò tounen yon boul lò.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here