Men poukisa diplòm sètifika te vin plis yon baryè sosyal pase yon egzamen

0
1074
Nan lane 1982, Minis ayisyen Joseph C Bernard te deside okenn timoun pa dwe kite lekòl avan 9 ane lekòl obligatwa

Mwen vle pote kèk presizyon pou moun ki regrèt paske Leta santral pa kontinye sètifye jan li te konn fè l konpetans elèv apre 6è ane lekòl primè an Ayiti

 

Tou dabò, nou ka poze kesyon sou valè diplòm sa yo te genyen paske menm lekòl Leta te toujou egzije yon egzamen anplis pou elèv yo rantre nan Lise, lè se pa yon parenn li oblije chèche. 

Nan anpil lòt lekòl kongreganis e prive, si w pa fè nivo mwayèn Direksyon an egzije, ou mèt te pase ane sètifika nan lekòl la, ou mèt te reyisi egzamen ofisyèl e gen diplòm nan, yo mete w deyò. Lekòl sa yo te jije jan egzamen sa yo te konn oganize, se te pou pèmèt lekòl ki gen akwentans ak kèk enspektè jwenn bon rezilta, dekwa pou fè piblisite nan radyo e atire paran.

Kidonk, li te plis sanble yon baryè sosyal pou anpeche yon kategori anvayi lekòl segondè ki te rezève pou triye e seleksyone selon kategori sosyal, selon relasyon e latriye. Timoun nan zòn riral ak nan bidonvil ki pa favorize gen plis difikilte pou aprann e anplis yo pa gen parenn pou ede yo pase nan konkou sa yo. Pa bliye tou se 25% adolesan ki te rive frekante ansyen lekòl segondè, kote menm mwatye pa rive fini. Kidonk, an nou poze vre pwoblèm echèk eskolè a ki pa gen anyen pou wè ak egzamen sètifika.

Ki kote egzamen sètifika etid primè a sòti ?

1- Pou kòmanse, men kote istwa Sètifika Etid Primè, nou kopye-kole a sòti:

HTML tutorial

[Par la circulaire du 20 août 1866, Victor Duruy, ministre de l’Instruction publique de Napoléon III, institue un certificat d’études primaires (CEP) destiné aux “élèves qui auraient subi avec succès un examen portant au moins sur l’enseignement obligatoire. “] Se diplòm Leta sa ki te bay aksè nan peyi Lafrans a ti pozisyon nan Lame ak Leta nan fen 19è syèk ak kòmansman 20è syèk la. Diplòm Bakaloreya te bay aksè a pòs ki pi enpòtan yo.

Poukisa se 9 ane lekòl minimòm ki gratis e obligatwa ?

2- Nan lane 1982, Minis ayisyen Joseph C Bernard te deside okenn timoun pa dwe kite lekòl avan 9 ane lekòl obligatwa (Lekòl Fondamantal), paske 6 ane (sètifika primè a) te twò piti pou yon timoun nan 20è syèk metrize sa li bezwen avan li kite lekòl. Konstitisyon 1987 amande a vin kore pi plis desizyon sa, lè li ranplase tout kote ki te gen mo “Ansèyman Primè” pa “Ansèyman Fondamantal”. [Article 32-3: L’enseignement fondamental est obligatoire. Les fournitures classiques et le matériel didactique seront mis gratuitement par l’Etat à la disposition des élèves au niveau de l’enseignement fondamental.]. Sa vle di tou se 9 ane lekòl gratis pou Leta pran responsabilite olye 6 ane lekòl ki dwe gratis.

3- Desizyon lekòl obligatwa 9 ane te jwenn anpil rezistans kote kèk moun, sitou lè Minis Bernard te deside retire egzamen ofisyèl Sètifika Etid Primè (CEP) e pa bay diplòm Leta sa ankò. Men apre yon ti bout tan, lè li ale, yo retounen ak diplòm ofisyèl Sètifika primè ankò. Kidonk, nou retounen ak depans pou paran achte inifòm nèf pou 3 jou egzamen epi peye pou enskri nan egzamen sa. Sa fè Leta vin bay 4 diplòm ofisyèl : 6è ane, 9e ane pou nivo fondamantal, Reto ak Filo pou nivo segondè.

4- Plizyè paran, sitou sa ki pa gen anpil mwayen yo, kontinye retire pitit yo lekòl apre yo “fini” lekòl ak papye ofisyèl 6è ane sa. Poutan bagay yo chanje paske konpetans minimòm, pou rantre nan yon nivo fòmasyon teknik e pwofesyonèl mande 8-9 ane lekòl fondamantal. Rapò GTEF, ki se baz “Plan opérationnel 2010-2015” ke m t ap aplike a, te retounen ap rekòmandasyon elimine papye ofisyèl apre 6 ane lekòl la.

 Ki sa ki lakòz pi fò elèv yo pa reyisi ?

5- Paske 85% pwofesè pa kalifye epi kourikoulòm nan pa adpate. Jodiya, se 5% elèv ki reyisi gen dènye diplòm lekòl segondè sa. Men diplòm sa pa vle di ke 5% sa gen bon jan konpetans pou tèt li ak pou sosyete kote l ap viv la. Kidonk nou mèt fè 13 egzamen ofisyèl epi bay 13 diplòm Leta chak ane, toutotan nou pa kontinye mete an plas kourikoulòm 2015 preskolè a, ak #12Mesures yo, ki egzije fòmasyon, pèmi obligatwa pou tout Anseyan san bliye griy salaryal 2014 la, se lave men siye atè.

6- Pandan nou pase prèske 2 syèk ap kopye-kole sa menm peyi Lafrans pa fè ankò, 33% elèv pa gen chans rive nan 6è ane Sètifika sa. Move pwofesè ak double klas dekouraje anpil nan yo. Kidonk Leta pa ka tann jis 6 ane pou evalye e chèche konprann ki jan elèv yo ap aprann e ki jan pwofesè ak lekòl yo ap pèfòme. Se pou sa “12 mesures” yo vini ak evalyasyon-dyagnostik ki dwe fèt nan plizyè klas avan egzamen ofisyèl 9è ane fondamantal la dekwa pou pran bon jan desizyon, tankou konnen nan ki matyè Anseyan bezwen ranfòsman.

7- Ansyen egzamen Sètifika sa, se te yon moman pinisyon pou elèv ki pa metrize “pa kè” kèk matyè e sitou lang franse. Se elèv defavorize yo ki toujou anba. Anplis move kondisyon, yo jwenn mwens anseyan kalifye. Anplis, li pa te aprann ni paran, ni elèv, ni pwofesè, ni direktè, ni Leta ki kote feblès yo ye dekwa pou bon jan desizyon pran sou fòmasyon Anseyan, sou chwa materyèl ak liv k ap itilize e latriye. Pa bliye egzamen ofisyèl pa p janm ka korije pwoblèm lekòl k ap fonksyone san otorizasyon, pwofesè ki pa fòme k ap fè kou san pèmi.

Ki sa ki dwe kontinye fèt pou lekòl pa kreye plis echèk ak inegalite ?

8- Ministè a pa te pran yon sèl mezi pou elimine egzamen Sètifika ak Reto. Se omwens 12 mezi ki te pran pou yon pi bon Gouvènans nan sistèm nan, san bliye nouvo lwa ki te depoze nan Palman an. Tout desizyon sa yo makònen yonn ak lòt.

9- Nou swete Leta kontinye prese prese evalyasyon-dyagnostik avan 9è AF la, pibliye e vilgarize rezilta yo. N ap raple ke dènye yo te fèt an 2017 pou 4è AF e 7è AF (Kreyòl, Franse, Matematik..). Men rezilta yo pa vulgarize e nou pa okouran mezi k ap pran pou korije sa ki dwe. Mwen panse li dwe fèt sitou pou 4è e 6è AF paske yo koresponn a final 2 peryòd nan nivo fondamantal la.

10- Finalman nou ta renmen santi tout bon travay nouvo Enspeksyon Jeneral ki kreye an 2015 la [Inspection Générale de l’Administration de l’Education Nationale et de la Formation professionnelle (IGAENF)]. Travay li se sipèvize e konseye sou enpak tout refòm sa yo, redije rapò sou pèfomans sistèm edikatif la, ede evalye randman ak motivasyon anseyan e latriye

Si nou vle bay lekòl la yon lòt misyon sosyal ki diferan de seleksyone e triye elit, tout ti ayisyen dwe nan yon lekòl ki sipèvize e gen otorizasyon pou fonksyone, tout ti ayisyen dwe jwenn yon pwofesè ki gen bon jan pèmi pou anseye e gen kapasite aplike yon kourikoulòm ofisyèl.

Mwen sèten preske totalite 95% ki pa fini segondè tradisyonèl la abite nan milye riral ak bidonvil, menm jan mwen sèten preske totalite 5% ki reyisi a pa sòti nan zòn sa yo. Li lè pou nou pran kouraj nou pou onore siyati #PacteEducation e fè sa nou dwe fè.

 

Nesmy Manigat, ansyen minis edikasyon

12 mai 2021

© AyiboPost 2021

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here