LAPENN ooo…

0
638

Rèl yo Mezanmi

Rèl yo…

Rèl Medam yo

Rèl yo

Rèl Manman yo mezanmi

Rèl ti fi yo

Rèl yo

Rèl Lanmò yo

Rèl Tranche yo

Rèl Yo Rèl Yo Rèl Yo

Tranche Yon Fanm Se Pa Tout Fanm

Tranche Manman n Se Pa Nou Tout

Sa Rache Kè

Sa Chire Zantray

Rèl Yo

Nan Mitan Vant Nou

Se la l Chita Anmwe Sekou

Mezanmi Sispann Tire

Sispann Tire Zanmi m Frè m

Pa Tire Anba Ankò Zanmi m Frè m

Sa Twòp Pou Timoun Yo

Sa Twòp Pou Fanm Yo

Sa Twòp Pou Noumenm Menzanmi

Sispann Tire Anba Zanmi m Frè m

Sa Rèd Twòp Sa Rèd Twòp Sa Rèd Twòp

 

Al Simen Bal Anwo Zanmi m Frè m

Pou Zorèy Bouche Yo Kapab Konprann

Tranche Ayiti Manman Nou tout Se Pa Yo Tou

 

Papa Desalin Leve

N Angaje… 

 

André Charlier

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here