Deklarasyon komite 3 avril Monreyal sou sasinay Antoinette Duclaire

0
1006

Katouch ka vide moun atè

Men yo pa ka touye lide …

 

Nan lannwit 29 pou rive 30 jen, yon lòt masak vin vide yon fwa ankò pitit pèp la atè nan Pòtoprens. Latriye viktim k ap mouri anba machin k ap simaye dèy la ap glonfle lis defen yo chak jou pi plis. Pou piti anviwon 30 moun pèdi lavi yo anba kout zam gang. Chak grenn moun ki mouri yo se kokenn pèt pou fanmi yo, chak grenn moun sa yo se yon pitit nanchon a pèdi. Nan mitan viktikm yo, gen yon kokenn fanm kouraj ki pat pè kanpe anfas machin lanmò a epi ki te yon sous enspirasyon pou jenn yo ki tonbe: Antoinette Duclaire.

Komite 3 Avril nan Monreyal denonse ak tout fòs li zak sansinay ki fèt sou jenn fanm vanyan sa nan jou ki te 30 jen epi pwoteste kont zak vyolans ki retire lavi chak grenn moun ki tonbe anba bal sanginè yo. Komite a prezante kondoleyans li bay fanmi, kanmarad, òganizasyon fanm yo ak zanmi Antoinette Duclaire, yon feminis epi militan politik. Komite a voye tout senpati l tou bay fanmi tout moun ki tonbe anba men asasen yo. Komite 3 avril fè konnen l ap kenbe fèm nan pote solidarite l bay lit tout sè ak frè l ap mennen anndan peyi a pou yon Ayiti Lib!

 

Komite 3 avril nan Monreyal :

Guerda Amazan

Monique Dauphin

Chantal Ismé

Maguy Métellus

Élisabeth Philibert

Fabienne Pierre-Jacques

Édenne Roc

Pascale Romain

Célia Romulus

Samia Salomon

Maguy Thélusmond

Marjorie Villefranche

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here