Fowòm Jamayik : Grann tchwipe Aryèl fè bòz

0
1277
Ariel Henry nan Fowòm Jamayik la

Moun trèt ak moun ipokrit
Pi danje pase moun anraje

                  Pwovèb Ayisyen

Kominote Ekonomik Karayib la, ki gen ti non jwèt li Karikòm se yon inyon politik ak ekonomik ki gen 15 peyi ladan l konsa. Li te wè jou 1ye dawout 1973 nan vil Charagwas ki nan Trinidad Tobago. Men kèk nan 15 peyi yo tankou Babad, Giyàn, Jamayik, ak Trinidad Tobago ki te nan premye peyi ki te met òganizasyon an kanpe. Ayiti te vin manm Karikòm depi jiyè 2002.  Objektif li se pou ankouraje entegrasyon ak koperasyon nan anpil domèn.

Edikasyon, sante, kilti, ogmante komès ak envestisman, amelyore imigrasyon, epi ini peyi yo pou yo leve vwa yo ansanm sou youn nan gwo kriz entènasyonal ki afekte kominote Karayib la tankou dil dwòg trafik zam ilegal, trafik moun elatriye. Nan moman n ye la a Ayiti tankou anpil lòt peyi Karikòm yo ap fè fas ak yon seri gwo defi, ak anpil gwo menas tankou krim ak vyolans òganize.

Akòz gwo pwoblèm chomaj, povrete ak inegalite sosyal, kòripsyon, eksklizyon, ak imigrasyon ilegal sa lakòz anpil moun viktim anba move enfliyans gang yo. E, gang yo, menm jan ak Ayiti, se toujou zouti klas dominant yo ak gwo dechipiyè a kostim yo mete kanpe pou fè mas pòv yo ret poze yo lejou yo ta vle leve kanpe pou yo reklame yon alemye. Nou sonje pozisyon aklè Mesyedam Gang yo te pran kont mobilizasyon popilè yo.

kouman lòt peyi Karikòm yo ta fè met nan tèt yo, se yo ki gen renmèd maladi yo bay pou ensekirite, chomaj, grangou, eksplwatasyon elatriye.

Nou sonje barikad gang defansè pouvwa a te mete kanpe pou te bare mobilizasyon mas popilè yo ki t ap reklame pou bawon Tèt Kale a te renmèt 4.2 milya Petwo Karibe a yo te gagote a. Ayiti menm jan ak tout lòt peyi Karikòm yo ki gen tip oligachi kontrebandye tankou GNB ak 184 nou yo se yon gwo pwen transpò pou trafik zam ilegal ak trafik moun ak dwòg pase nan Karayib la, yo viktim akoz pozisyònman jeografik yo.

Aryèl krache sou lopozisyon

Pou sa k pat konnen l Ayiti gen menm pwoblèm ak pi fò nan peyi Karikòm yo. Jan nou wè n sot di la a, sa vle di si Sizàn gen menm maladi ak Nanna epi detan Sizàn pa ko janm ka geri anba maladi pongongon pa l la, kouman pou l ta fè gen odas pou l bay Nanna renmèd ki pou geri l. Sa vle di kouman lòt peyi Karikòm yo ta fè met nan tèt yo, se yo ki gen renmèd maladi yo bay pou ensekirite, chomaj, grangou, eksplwatasyon elatriye. Sa fè 13 lane depi Minista te pote kolera vin sasinen popilasyon pòv yo an Ayiti kote plizyè dizèn moun kadav.

Konbyen fwa peyi Karikòm yo te janm leve yon ti dwèt pou di Loni ki jan l kriminèl. Epi jounen jodi a se menm peyi Karikòm sa a yo ki pi renmen Ayiti nan pwen pou yo ta renmen n soti nan katchouboumbe Loksidan lage l la. « Nou pa vin la a pou n vin pran lòd nan men pèsonn. Nou pa vin la a pou nou nan separe gato ak okenn raketè politik lakay. Nou pa vin la a pou n vin akouche yon lòk akò ankò anplis tout pil sa k siyen dejan a yo. Nou vin la a pou nou nan tande raketè politk k ap vin rablabla. Nou vin la a pou n mete lòt mach ki ka ride nou antann nou sou ki fason nou pral konstwi yon lòt demokrasi ».

Grann kabre

Se konsa Aryèl pa t pè l pa t krenn pou l te lage gwo plòt krache repwòch mele ak plizyè grenn piman chen pinga tou wouj nan boul figi lopozisyon sanwont san santiman an yo. Mezanmi nou kwè nou tande ? Kòm wont se yon volonte l ye mesyedam yo pat pèdi tan yo pou yo menm wont pou menm yon ti zing lawonte. Se sa ki esplike Madan Maniga ki se grann nan HTC a te gen nen l fen, pat mete pwent pye l nan bouyon mimi sa a.

Anplisdesa depi nan Karibe manzè te gen tan manje kwis poul blanch ak grenn diri pèpè  vant deboutonnnen. Men pase 3 senmenn grann HTC a pat ko menm fin fè dijesyon, grenn diri rebèl ak zo poul blanch te toujou ap fè manifestasyon sou lestomak li. Ki sa l ta pral fè nan randevou makou, mimi, mal chat mawon, Sendika Bakoulou degize (SEBAD) ak reprezantan Asosiyasyon ti Boujwa Abolotcho (ABA).

Grann te gen tan pran lòdè malonnèt santi di Aryèl pral fè tout eskòt  lopozisyon yo, l te gen tan di moun Karikòm yo non mèsi bokou pou envitasyon resepsyon nan lakou koukou sa a. Grann ase granmoun epi l te leve ak granmoun pou l te konnen depi l al nan resepsyon a minwi nan lakou Koukou kote tout kalib Bakoulou, Abolotcho, GNB, Zagoloray Restan GNB, Restan 184, Restan 184, l ap bijo manje okabine chwal kan menm. Grann merite yon bèl bravo omwen ti manzè montre pou 83 lane l la l pa nan laj pou l kite ti dòk la bay ti rès diyite l la zikòk jis Jamayik jis pou l al fè lese frape dèyè grenn diri ak yon kwis poul blanch.

Aryèl krache sou yo

Si Aryèl pa pè l pa krenn pou l fin krache konsa nan boul figi lopozisyon epi vire do l kite yo ak bouch yo tou blanch ape ret tann grenn diri ak kwis poul blanch se paske l konnen yo youn pa respekte tèt yo. Se de grenn bagay ki enterese yo sèlman. Dyòb minis, direktè jeneral, anbasadè, chajedafè, konsil, konsiltan pou yo satisfè anndan vant ak anba ti vant yo. Apre ti dyòb yo bezwen jwenn mwayen pou yo al nan zeleksyon bouyivide.

Zeleksyon bouyi vide sa a yo, se pou yo ka senatè depite, majistra, kazèk ak azèk pou y al kale kò yo, bay yon lòt gouvènman mayèt la ». Si nou konprann sa Aryel di a byen. Li di nèg yo, li pa gen pwoblèm pou yo di l tout verite yo nèt nan boul figi l. Epoutan nan premye diskou li a, Aryèl te di ti mesyedam lopozisyon yo, li pap janm okipe yo e pa gen anyen k ap fè l okipe yo paske l wè se jwèt tè y ap fè. Siman se koze teritwa pèdi a ki fè yo bijo al chache fè bòz jis Jamayik.

Aryèl ki konnen sendika anbasadè peyi Loksidan an yo kore l 24/24 nan tout sa l ap fè yo pa bay peyi a pote epis pou li. Ekzanp sitiyasyon sekirite a di anpil anpil. Ti Mòy ki te gen tan fin pote lamayòl nan chanpyona Abolotcho Pwofesyonèl  apre l te fin fè jimnastik nan defile drapo Okap la 18 me pase a te gen tan reponn absan depi anvan Karikòm rale lis apèl li. Anpil moun nen fen ki abitye ak betizè pwofesyonèl sa a yo gen te konnen se tan pèdi pawòl kleren koze kredi ki pral pale sèlman. Ki sa w vle k soti deserye nan pil pale anpil sa a yo ankò ?

Men non Bozè Jamayik yo

Ariel Henry, Jerry Tardieu, Himmler Rébu, Claude Joseph , Magalie Comeau Denis, André Michel, Jorchemy Jean Baptiste, Edgard Leblanc Fils, André Victor, Emmanuel Ménard, Evallière  Beauplan, Pierre Raymond, Maryse Narcisse, Liné Baltazar, Edmonde Supplice Beauzile, Antoine Rodon Bien Aimé, se kèk nan moun ki te reponn prezan depi anvan Ministè Afè Etranjè te gen tan fè lis.

11, 12, 13 jen 2023

Gen anpil kanmarad ki reflechi sou pil akò akwòkwò pil pale anpil k ap plede fèt depi nan tan Benmbo. Se konsa gen ki di pou yon lòt fwa ankò, kèk nan lidè politik ak nan sosyete sivil nou yo, pral chita pou yo pataje lide sou gouvènans peyi nou nan jis nan peyi Jamayik. Ki sa k anpeche n enspire kèk bèl modèl egzanp konsyans ak Inite Solid zansèt nou yo? Epi aplike l nan reyalite politik nou ye  jounen jodi a.

Ki sa k anpeche n enspire kèk bèl modèl egzanp konsyans ak Inite Solid zansèt nou yo?

« Konsyans sosyal nasyonal nou bezwen wi mesyedam, pou n makonnen lide ak entèlijans nou yo ansanm, pou n monte yon “Konsèy Nasyonal Tranzisyon” (KNT) oswa yon “Konsèy Nasyonal Soti nan Kriz”(KNSK)?  Nan linyon n ap jwenn piplis fòs. Antann pou n antann nou. Menmjan zansèt nou yo, pou n te gen bèl peyi sa a, yo te makònen lèspri ak entèlijans yo ansanm pou yo te monte bèl pwojè sa a (Endepandans Ayiti / Libète pou tout moun)  n ap jwi rezilta a jounen jodi a ». Se refleksyon sa a Ari Meneyis te akouche.

Kanmarad la pale ak mesyedam yo, zanman l yo pou l di yo an nou sispann ak politik san lanvè san landwat woule m debò sa yo. Gen anpil je k ap gade nou. Peyi a gen 10 depatman. Yo chak gen reyalite ak kapasite yo. Sa vle di, yo chak gen yon jan pou n jere yo. Kisa k anpeche nou gen konsyans sosyal chak espas tèritoryal sa a yo? Kisa k anpeche n apwopriye reyalite politik la nan tout eta l, pou n chita an granmoun, pou n pale negosye, epi jwenn konpwomi k ap ede n soti nan katchouboumbe nou ye la a.11, 12, 13 jen 2023 menm tenyen menm tenten yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here