Fowòm Jamayik : Gagè pou 2 kòk PHTK

0
1014
2 kòk PHTK yo Aryèl Anri ak Klod Jozèf

Si w poko janmè asiste yon jou

De matlòt k ap joure nan mache

Ou poko janm wè anyen nan vi w 

                  Pwovèb Ayisyen

Madan Manniga alyas Grann se li ki bay tèt li doktora nan akouche oubyen ponn Konstitisyon. Se konsa Manmzèl rele tèt li Konstitisyonalis. Sa vle di l se ekspè nan akouche ou ponn Konstitisyon sadepan sou pozisyon l rete a. Akouche se sou do, ponn se sou vant. Tout peyi a alawonnbadè met ansanm pou bay Grann gwo defi pou l reponn Pèp Ayisyen an ti kesyon fasil sa kounye a. e, si l respekte tèt li fòk li ta rfeponn.

Nan ki sòm nan bib Konstitisyon 1987 la, li te ekri a li jwenn yon vèsè ki rele : Wo Konsèy Tranzisyon li te bay ti non jwèt HKT. Mesyedam lasosyete mwen pa kwè nou gentan bliye Grann toujou ap kòdase tankou poulèt pou l ki fin ponn premye grenn ze l, Oo l se se sèl grenn Ayisyen plimeank ki gen doktora nan koze akouche ou byen ponn Konstitisyon. Tout sa se pou montre n nan ki mera Pèp Ayisyen an pran.

Toutotan se kalib zentelèktyèl san prensip, san konviksyon, san ren san fyèl sa a yo ki gen lavwa ochapit Ayiti ape toujou anfouraye nan vye sitiyasyon malouk sa a yo pou lontan ankò. Pou laj Grann, li pa menm ka respekte mo l. Si laj Grann fè l pa menm ka sonje ki sa l te ekri nan Konstitisyon 1987 la, se ta premye siy ki fè wè sèvo l koumanse fè bèk atè anba kout rigwaz Alzaymè. Èske lè yon granmoun fè Alzaymè ki vle di fè maladi tèt, se nan tèt yon HKT san tèt ni kò pou yo mete w?

Bouyon rechofe 

Pifò nan san konsyans ki te al fimen bòz Jamayik yo se premye fwa nan vi yo yo kontan konsa. Long kou yon ke pis Aryèl mande popilasyon kolera Minista ap fin sasinen an pou al chache delegasyon an depi  aryopò Kingstonn ak manifestasyon 2 a 3 milyon moun ak tanbou banbou.   Aryèl pa pè l pa krenn pou l fin krache konsa nan boul figi lopozisyon epi li vire do l antre Ayiti

Li di l satisfè sou bat bouch sa a yo ki te fèt Jamayik yo. Malerezman sa l bliye bouyon rechofe toujou gen menm vye gou a nan menm bouch ti grangou yo. Chanjman Konstitisyon, chanjman nan gouvènman, òganizasyon zeleksyon bouyivide Sekirite tout kote 24/24 nan teritwa anfouraye yo. Se 4 gwo sourit Fowòm Jamayik la akouche sèlman pran dimanch 11 pou rive madi 13 jen pase a.

Ti Klòd satilfè

Pati politik Anraje oubyen «Angaje pou Devlopman » ki se ti pati pa ti Klòd la di : ki jan l kontan pou jan ti lyetnan Apèd la te deplòtonnen flonn repwòch nan boul figi Aryèl. Pou jan moun sa a yo pale, yo te tou mache ak tout remèd solisyon pou kwape tout malentespri k ape trakase bil Ayiti depi 1492 yo. Si tèt nou byen vise sou zèpòl nou fòk nou ta mande si ti Klòd pa gentan fè Alzaymè tou menm jan ak Grann.

Pou jan ti Klòd ap pale ta sanble kout danno Alzaymè ta fè l gen tan bliye pa gen lontandesa an n di anvan 7 jiyè 2021 menm ti Klòd sa a se te pi gwo majò jon nan Primati a. Se Aryèl menm ki te vin kouri dèyè l. Se sa k esplike menm yo se de matlòt k ape goumen pou yon menm nonm ki pa pou yo youn. Sa k pi bèl la Aryèl konn ti Klòd byen e ti Klòd konn Aryèl byen tou. De grenn GNB yo gen 20 lane ap pratike epi etidye youn ak lòt.

Sa fè 20 lane depi youn pe etidye lòt la tankou silabè sou biwo patwon yo  Apèd, Boulòs ak Bekè. Ti klòd te bay yon konferans ki te pi rans pase l pou l fete ki jan l te kase met nan men Aryèl. Li akize Premye minis la kòm kadejakè pwofesyonèl ki pran plezi nan fè kadejak gwo midi sou tout akò l te siyen ak pwòp men pa l. Ti Klòd te kanpe nan boul figi Aryèl pou l ba l kanè pou l di li fè zewo bare nan tout matyè yo nèt. Sekirite, Gouvènans Eleksyon Konstitisyon elatriye.

19 Senatè 40 mil dola yo

Pour listwa ap pou laverite men lis tout 19 raketè a kòl ki te pran 40.000 dola vèt kou powo pou yo te ka kwoke Loran Gagòt nan ti gòjèt Pèp Ayisyen an. Selon sa nonm Anakasis la te di sa san l pat sot vale kleren Senmichèl jis li tonbe depale. Men Ana pran tout moun nèt pou moun ki gen gwo doktora nan enbesilite. Li fè konnen se detan l nan bal kay Loran Gagòt li pran nouvèl 40 mil dola sa a.

19 senatè sa a yo te jwenn 40.000 dola yo chak pou yo te dakò pou Loran Lamòt te pase nan Sena a. Jounenjodi a, nonm Lamòt depatman trezò ameriken rekonèt li dechèpiye plis pase 60 milyon dola nan kòb Petwo Karibe a. Men non tout Senatè Raketè machann vòt pou 40 mil dola a yo. Listwa dwe mete yo nan mize Senatè Salopri Machann Vòt. Sa k pi mal la menm machann vòt sa a yo ap mache nan tout radyo al radote nan figi tout moun serye.

Epi nou pran pòz, nou ape bay bandi a sandal yo Bwa Kale sèlman. Si se konsa se lave men siye nan ma labou santi di. Men yo, Etidye lis la pou n konnen yo pakè pou jou jijman popilè a.  Se Edmonde Supplice Beauzile, Wencesclas Lambert, Roodolphe Joazil, Jean Maxime Roumer, Michel Clérié, Évalière Beauplan, Anacacis Jn Hector, Lebon Carlos, Edwin Zény, Nènèl Cassy, Yvon Buissereht, Jonh Joël Joseph, Hyppolite Mélius.

Lucas St-Vil, Derex Lucien Pierre Louis, Jn. Willy Jean Baptiste, Joseph Lambert, Youri Latortue, Kelly C. Bastien. Gen 3 senatè ki te vote kont. Se Steeven Benoît, Francky Exius ak Moïse Jean Charles. Te gen youn ki te fè abstansyon Jean Baptiste Bien-Aimé. Nonm Jean A. RICHÉ et William Jeanty te tchwipe epi mache rara a kite sal la bay bann machann vòt yo. Anakasis di li menm li pat pran kòb la kach. Men l dakò l te pran plizyè grenn pòs nan diplomasi a pou grann, tantin, pitit, tatawèl, matchòpwèl, bizawèl aktout krèy komokyèl li.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here