Nan Kodevi : Polifwont touye 3 moun, blese 14 lòt

0
1142
Men Kadavkò Gèli Milyen ak Liknè Sindè

Men Leta byen plase

Pou kraze brize lè l vle

Enterè tout sa k pi piti

Pou fè laboujwazi plezi

Manno Chalmay

 

Jou ki te jedi 15 jen an se te tèt chaje ak dlo nan je nan Wanament pou n pi klè nan izin Kodevi yo. Nan jou madichon sa a yon gwo eskandal kakosal mele ak tout yon eskonbrit te pete ant 2 ouvriye ak kèk manm nan kò lapolis yo rele Polifwont la ak ajan sekirite nan Kodevi yo. Kòm rezilta gen 2 ouvriye ak yon timoun ki soti kadav menm kote a. Anplis 3 kadav yo gen 2 antèn  lapolis ak katòz (14) moto ouvriye yo ki boule tounen sann.

Se yon bouch louvri ant 2 ouvriye ak 2 polisye ki te mennen pil lanmò sanzatann sa yo Apre zak sasinay sa a polisye Polifwont yo fè sou Gèli Milyen ak Liknè Sindè ak yon lòt timoun, se jijdepè vil Wanament lan Mouche Reno Pyè ki te fè konsta legal pil kadav yo ki t ap benyen nan yon larivyè san tou wouj devan izin yo. Kòm nou ka wè l sou foto a se ak yon grenn bal nan mitan fontenn yo polisye yo te pase ouvriye yo a lenfinitif.

Ala kote polisye sa yo fò nan tire lè se pou gaspiye lavi ti malere ak ti malerèz. Men tout kò polis la te mèt met ansanm fè 10.000 grenn bal dèyè 10.000 grenn bandi. A a tout se bobin, yo tout fè flay. Apa kadav de jèn gason sa a yo, gen yon lòt timoun ki mouri anba bal toujou. Anplisdesa gen plis pase 14 lòt ouvriye ak ouvriyèz ki jwenn ak plizyè grenn bal nan tout kò yo. Men bal sa a yo pat rive koupe souf yo, yo kouri ak yo lopital kote dòktè ak enfimyè ap ba yo swen yo merite.

Selon sa anpil moun ki te la di, gwo eskonbrit sa a te pete lè ouvriye yo te al reklame liberasyon de kòlèg yo ajan sekirite Kodevi yo te arete. Nan gwo lesefrape sa a yo gen 2 nan antèn lapolis ki te nan zòn nan pase anba flanm dife. Polisye yo te bijo rele pou mande ranfò. Grenn bal zam fannfwa ak gaz lakrimojèn fè kenken anvan pou polisye ak ajan sekirite Kodevi yo te ka rive fè moun yo poze yo.

Se pa premye fwa

Fòk nou fè sonje se pa premye fwa eskonbrit konsa rive pete nan Kodevi. Lane pase jou ki te jedi 29 septanm nan gen yon gwo derespektan koze konsa pyès konsa ki te fèt prèske menm jan an. Detan ouvriye ak ouvriyèz yo t ap reklame dwa yo nonm Kapeyann nan te kanpe devan yo nan boul figi yo pou l di yo pa gen bagay konsa pyès. Lè l wè ouvriye yo deside kanpe sou brennzeng yo tout bon  l te rele makout dominiken l yo.

M pa bezwen di n militè mele ak makout dominiken mele ak ras Twouiyo sa a yo ki te déjà pa vle wè Ayisyen mele ak atache ak lòt kalib bandi nan lame dominiken yo. Se pa de maspinen militè makout yo pat maspinen Ayisyen ak Ayisyèn frè n ak sè n yo nan gou jezi. Men kouman Yanik Etyèn ki se kòdonatris Batay Ouvriye te denonse zak briganday militè makout dominiken yo. Alòs Batay Ouvriye Madan Yanik ap dirije se youn nan sendika k ap batay pou defann dwa ouvriye yo.

« Nou menm nan Batay Ouvriye, nou denonse kare bare zak sovajri san parèy militè makout dominiken fè sou Ouvriye ak Ouvriyèz nan Kodevi yo. Nou denonse tou Ajan Ekzekitif Enterimè Wanament la nonm Lima Demetriyis la ki te dakò baya tache nan lame dominiken yo otorizasyon pou yo te rantre sou teritwa Papa Desalin nan pou te vin fè zak maspinay sou pwòp Ayisyen parèy li ».

Nòt Ministè Afè Sosyal

Direksyon Travay nan Ministè Afè Sosyal ak Travay pat pran lontan pou l te fè tande vwa l poul te bay dizon l sou zak sa a ki te mennen lanmò. Konsa Ministè a te kondane zak maspinay ki te fèt sou ouvriye ak ouvriyèz yo. Anplis li te pwofite pou l te voye kondoleyans bay fanmi moun ki mouri yo. Direksyon travay te tou fè konnen li pral voye yon delegasyon nan Wanament ki pral mennen ankèt

Ankèt sa a sw pou l ka gen limyè ki fèt sou sak sasinan sa a ki pote ale lavi plizyè moun ouvriye tankou ti moun. Ministè Afè Sosyal ak Travay fè patwon yo ak ouvriye yo sonje youn depann de lòt paske sn youn lòt la pap ka ititl tèt li anyen. MAST fè konnen se lalwa ki ba l dwa pou l foure bouch nan tout sa k ap pase nan domèn travay. Konsa Ministè a fè patwon ak ouvriye yo sonje se nan boukante lapawòl oubyen tout lòt mwayen lalwa mete pou yo rive mete yo dakò sou tout sa k ta divize yo.

Ki sa Kodevi a ye ?

Anvan n fini, n ap fè sonje Kodevi a se yon kote nan vil Wanament ki sou fwontyè ak Sendomeng pa twò lwen vil yo rele Dahabonn li ye. Se yon konpayi yo rele Gwoupo M ki vle di Konpayi  pou Devlopman Endistriyèl se yon kote ki chaje ak izin ak faktori. Kote sa w tande a se yon plenn ki te konn founi diri pou tout depatman an manje pou tout yon lane. Men boujwa dominiken jwenn li pou yo louvri fakori pou fè pyès voye al vann lòtbò.

Kodevi se nan yon zòn franch. Ki vle dechèpiyè k degize an envestisè jwenn prèske gratis ti cheri kote yo mèt fin fè milya, yo pap peye taks. Anplis endistriyèl soudevlope sa a yo pap janm bay menm yon pyas pou ta devlope zòn na. Kodevi pa ko menm itilize menm yo tyè nan 80 kawo tè Leta Ayisyen mete a dispozisyon yo a. Men si sa pèmèt kèk ti malere jwenn lavi miyò, men militè makout dominiken yo pap pley. Yo konn pwofite pou yo sasinen ouvriye ak ouvriyèz yo chak fwa yo leve kanpe pou reklame dwa yo epi denonse abi ak enjistis nonm Kapeyann nan ak akolit li konn fè yo.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here