Eksplwatasyon, kòripsyon ak enpinite : 2 zèl yon menm malfini

0
2796

De ti mo

Mouvman 22 Janvye / M22 kontan konstate kouman anpil moun ak enstitisyon nan sosyete a koumanse ap leve kanpe kont kòripsyon. Fòk nou di se pa kounye a gen kòripsyon nan Leta a. Leta kapitalis rachitik nou gen la a, se yon Leta ki pouri, konwonpi jouk nan zo. Men, jounen jodi a, kòripsyon an rive nan yon nivo li pat janm rive. Rapò sou gagòt ki fèt nan lajan Petrokaribe a montre aklè kouman koze kòripsyon an rive lwen. Boujwa ak anpil antepriz kapitalis, gwo palto nan Leta a ak anpil lòt aktè ak enstitisyon nan sosyete a mouye jouk nan zo. Aktivite kòripsyon an se yon veritab espageti ki melanje yon bann konwonpi youn anndan lòt. Men tou, kesyon kòripsyon an makonnen ak sistèm dominasyon ak eksplwatasyon ki tabli a. Konsa, si nou vle konprann kesyon kòripsyon ak enpinite ki tabli nan peyi a, li enpòtan pou n al gade relasyon kesyon sa yo ak sistèm peze souse a.

Relasyon eksplwatasyon, kòripsyon ak enpinite

Jan nou koumanse di li pi wo a, gen yon relasyon lanvè ak landwat ant kòripsyon, enpinite ak eksplwatasyon, yo se 3 pye yon menm recho. Nou tout konnen kapitalis la, se nan bwè san moun, nan piyaj ak nan vòl li konstui. Si w kwè nou manti, al mande Kristòf Kolon. Nou ka annik sonje tou, peryòd kolonizasyon ewopeyèn nan ak peryòd okipasyon meriken nan peyi a. Kapitalis la fè anpil masak, piyaj ak vòl pandan ak apre peryòd kolonizasyon an. Apre endepandans, sitou apre asasina Desalin, kòripsyon an te toujou youn nan zouti dirijan politik yo ak klas dominant yo itilize pou plen pòch yo. Anpil aktè sou teren an vin boujwa kapitalis, nan vòlò, nan piye kès Leta, nan fè dappiyanp sou tè Leta ak lòt richès peyi a genyen. Anpil moun itilize Leta a kòm chwal papa pou yo vin rich sou do pèp la. Se pou sa yo toujou fè tout sa yo kapab pou yo kontwole tout ti kwen nan Leta a. Se yo ak enperyalis la ak gwo miltinasyonal yo ki mete prezidan, senatè, depite, menm majistra kominal. Enperyalis la ak antrepriz miltinasyonal yo itilize yo tou kòm moun ki gen dosye, ki pa klè pou yo ka mete men sou richès peyi a.

Si nou gade byen sa k ap pase nan Faktori yo pa egzanp, n ap byen konprann kouman eksplwatasyon, kòripsyon ak enpinite ap karese tout lajounen youn ak lòt, tèlman yo bobo. Se boujwa yo ki mete yon seri chèf toupatou nan Leta a, Ki fè, lè yon ouvriye al nan afè sosyal oswa nan tribinal travay, moun k ap trete dosye li a, se moun patwon an te mete a. Lè se pa patwon an ki mete l, patwon an grese pat li tanzantan. Se pou sa, dirijan sa yo toujou fèmen je yo sou patwon yo, lè yo pa peye ONA ak OFATMA pou ouvriye yo. Lajan patwon yo pran sou ouvriye yo rete nan pòchyo.  Lajistis menm se pa pale. Se lakay li kòripsyon dòmi. Boujwa yo konwonp tou anpil jounalis ak aktè nan sosyete sivil la pou fèmen bouch yo. Konsa, kòripsyon gaye nan Leta, nan atrepriz prive yo, jouk li tounen yon kansè nan tout sosyete a.  Mouvman sa a montre aklè, kouman eksplwatasyon an, kòripsyon ak enpinite, se 3 zèl yon menm malfini, se 3 pye yon menm recho.

Pawòl pou n al pi lwen

Pou fini, nou ka di, batay kont kòripsyon an dwe ale pi lwen pase mete vòlè anba kòd. Li enpòtan pou nou fòse lajistis mare mafya yo, sezi byen yo epi fè yo remèt tout lajan yo vòlè nan kès Leta a. Nou wè kouman gen anpil mobilizasyon k ap fèt nan anpil peyi kont kòripsyon. Lakay vwazen, lajistis oblije mete anpil gwo palto anba kòd sou presyon popilasyon an. Afrikdisid, pati ki sou pouvwa a (ANC) oblije lage prezidan Afriken an Jacob Zuma pou kòripsyon. Nan peyi Lachin, dirijan yo fiziye sou plas piblik, yon seri gwo palto, menm milyadè pase anba fiziyad. Menm sèten peyi “sosyalis” pa epaye anba fleyo sa. Wi, batay sa a enpòtan, men nou konnen tou, sistèm kapitalis la paka grandi san kòripsyon, san piyaj ak enpinite. Se pou sa, nou dwe pouse batay la pi lwen jouk nou rive derasinen sistèm peze souse a.

 

Mouvman 22 Janvye / M22, 24 fevriye 2018

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here