Dous Makòs

0
1501

Dous Makòs se yon pwodui natifnatal nan vil Tigwav. Yo kòmanse fè dous sa a nan lane 1937. Se paske anpil etranje te konn antre soti nan peyi a sitou yon latriye moun peyi Lawolann ki  te konn vin achte kafe nan izin santral Jean Simonds nan zòn Ti Ginen nan vil Tigwav. 

Men se nan lide pou resevwa etranje sa yo ki te vin fè afè konmès yo, pou te byen akeyi yo, yon fason gate yo ak yon bon ti bonbon sikre pou yo pase nan bouch yo. Se madanm prezidan izin kafe a, madan Makòs ak madanm travayè ki te sou kès la, madan Fernand Labarre ki te met tèt yo ansanm pou yo te kreye tablèt sikre sa a.  

Men kijan yo te konn konpoze l : se yon melanj ki fèt ak lèt bèf, sik blan, chokola, esans, woz ak vani. Ou brase tout ansanm  ak yon kiyèbwa avan ou mete l sou yon bonjan dife bwa toulimen jiskaske li kwit, lè sa a  w ap wè lèt la seche nèt. Se konpozisyon sa a, pi devan ki pral pote non madan Makòs, yo rele l dous Makòs.

Dous la lè sa a, yo pat fè l pou vann. Se te plis yon amizman nan bouch pou etranje yo, men anpil Ayisyen te konn manje l tou, telman li te bon se te fonn nan bouch. Se nan lane 1939, madan Makòs vin mouri, bagay sa a pouse Macoss kite peyi a, l al viv depreferans Kiba, epi madan Labarre limenm chwazi kontinye fè dous la paske tout moun te vin renmen l. 

Men se pa pou gratis limenm li fè l, se yon konmès li konmanse epi voyel vann nan lari. Tout moun ki goute tonbe renmen l epi yo tonbe achte jouk li vin popilè nan tout peyi a.

Kounyea dous Makòs fè pati pwatrimwàn alimantè moun Tigwav, li fè pati tradisyon komin sa a. Se youn nan pwodui nasyonal  moun Tigwav devlope anpil, kote ou kapab jwenn yon latriye moun k ap fè bonbon sa a pou vann.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here