20 avril 1990-20 avril 2021, sa fè 31 lane !

0
1305
Yon foul moun k ap travèse pon Bouklin lan

Jounen 20 avril la se yon dat istorik pou tout ayisyen k ap viv Ozetazini. Yo dwe toujou raple yo kokenn mach pèp la te fè travèse Pon Bouklin lan pou al bloke Manatann. Ayisyen te sòti toupatou, nan tout vil Ozetazini pou te vin bloke sikilasyon Nouyòk.

Se depi nan lane 1983, Ayisyen te konmanse goumen kont Center for Disease Control (CDC) Sant pou Kontwòl Maladi ki te deklare gen 4 gwoup ki pote viris Sida a. Yo te site : Ayisyen, omoseksyèl, emofili ak moun k ap itilizate zegwi ipodèrmik yo.  

Dènye kou pou te touye koukou a, se nan mwa fevriye 1990, lè Federal Drug Administration (FDA) limenm vin deklare Ayisyen pa gen dwa bay san paske yo ta sanse youn nan kat gwoup ki kapab pote jèm Sida a.

Yon ti pati nan foul moun ki te desann nan lari Manatann

Pawòl rasis sa a, se te yon pwojè pou kreye yon diskriminasyon kont pèp ayisyen an. Pawòl sa a te soulve tout ayisyen ki gen san Desalin k ap koule nan venn yo. Se konsa toupatou moun te konmanse nan tout radyo, jounal ap pare yon repons nan bon timamit pou otorite vil Nouyòk yo.

Se konsa tout moun te mobilize, travayè, etidyan te pran lari jou ki te 20 avril 1990 lan. Plis pase sanmil (100.000) Ayisyen te kanpe tankou nan Lakrètapyewo, tankou nan Vètyè pou denonse rekòmandasyon Federal Drug Administration (FDA) ki entèdi Ayisyen bay san, kòmkwa nou sipoze yon gwoup ki gen gwo risk pou gen SIDA.

Yon ti pati nan foul moun ki te desann nan lari Manatann

Ayisyen te montre kapasite mobilizasyon yo. Nan tout gwoup etnik nan vil Nouyòk se sèl noumenm ki pa janm kite yo pase figi peyi nou labou. 

Jounen manifestasyon sa a pa t ap janm fini, si Majistra Nouyòk la David Dinkins pa t bije kite biwo l, sòti, monte sou estann manif la kote anpil pèsonalite ayisyen kou etranje t ap pran lapawòl. Mè a te vin pote solidarite l ak Kominote ayisyen an, li kondane karabare zak diskriminasyon an epi li mande pou FDA fè eskiz piblik bay pèp ayisyen an.

Claudel C. Loiseau

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here