Chapo ba pou Osaka

0
700
Nawomi Osaka

Mwen remèsye ak tout kè m tout zansèt mwen yo chak fwa m sonje se gout san yo tou cho ki kouri tout boulin nan tout longè venn mwen. E, pa gen anyen, anyen, anyen menm ki ka  janm rive fè m bliye sa”.

Gwo deklarasyon Manzè Nawomi Osaka fè, lè l te fin savonnen nan final gwo chanpyona tenis nan peyi Etazini ki rele Youwès Openn (U.S Open) nan pati ki fèt pou fanm yo. Final sa a te fèt jou dimanch ki te13 septanm nan, Nawomi te savonen yon ti Manzè ki rele Viktorya Azakarenyen (Azarenka) ki se yon fanm ki jwe tenis ki soti jis nan peyi Byelorisi.

Nawomi Ozaka ki sèmante plizyè 77 fwa 7 fwa pou l pa janm bliye l san Papa Desalin nan tout longè venn li paske kòd lonbrik papa l ki rele Mouche Lewona Franswa antere anba yon gwo pye mapou nan mitan vil Jakmèl.

Byen pre pa lakay

Ti manzè ki rele Azarenka a te fè yon radiyès monte mal sou Osaka nan premye sèt la kote l te kouri avè l 6/l. Azarenka ki te wè 2 b te konprann se byen bon te konprann li fin bon e l te menm koumanse fete nan kè l. Men se te byen konte mal kalkile paske ti manzè pat konnen si Osaka se pitit pitit pitit Papa Desalin ak Sanit Bèlè. Lwa Papa Desalin monte Osaka, epi sa w tande a li bap li pran ti manzè a nan kolèt li pati a bòt li 6/3 6/3.

Nawomi Osaka ak Viktorya Azarenka

Sa vle di se lave Manman Penmba ki rele Nawomi OZAKA a lave ti manzè yo bay pou Viktorya a. Epitou viktwa sa a fè OZAKA 3zyèm gwo chanpyona kote l a mache savonnen tout lòt fanm ki te gen malè pèdi kat grann yo vin tonbe anba ponyèt dwat li. Lamayòl sa a tou fè Osaka ki te limewo 4 nan tout fanm sou tout latè ki maton anpil nan voye kout rakèt adwatagoch vin monte kòm nimewo 3.

Nawomi Osaka, yon revolisyonè nan domèn tenis

Fòk nou sonje di tou Nawomi Osaka pa yon ti fanm tèt bese jan n ta vle konprann nan. Nawomi ki te konnen l gen 7 match pou l jwe nan chanpyona a li pote 7 mas nwa yo chak gen non yon Nwa blan rasis nan peyi Etazini te maspinen poutèt sistèm lan aprann yo moun sa y opa moun.

Ayibobo pou Nawomi Osaka paske batay pou respekte moun tout koulè a, li pwofite sou enfliyans li nan espò ki rele tenis lan pou mennen l san gadedèyè.

Yon ti mo sou Byelorisi

Byelorisi se yon peyi nan pati Lès Lewòp ki chaje ak pwoblèm politik menmjan ak nou an Ayiti. Manifestasyon nan lari chak jou apre rezilta yon eleksyon pèp la estime ki fèt nan magouy.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here