An nou konprann evolisyon Pandemi COVID-19 lakay nou

0
1081
Pote mask tout tan tout kote. Kenbe distans fizik ak tout moun. Lave men souvan.

Komite Syans ak Kilti/Ayiti rasanble pwofesyonèl diferan kapasite, konpetans ak eksperyans pou pale ak konpatriyot nou yo, pataje enfomsyon ak popilasyon an ak akonpayel nan move pas  lap travèse anba pandemi koronaviris.  Espesyalis ki nan demach sa  vle reprezante yon vwa moral, etik  ak teknik nasyon an ka tande. Komite Syans ak Kilti/Ayiti ap analyze dezisyon Leta a pran nan kad pandemi an, degaje fòs ak feblès dezisyon sa yo epi pwopoze repons adapte ak kontèks ayisyen sou baz konesans syantifik ak tradisyonèl. Firamezi pandemi an ap avanse, Komite Syans ak Kilti/Ayiti pran angajman fè soti bilten pou kominike ak nasyon an sou rekòmandasyon ki pi koresponn ak moman an.

An n gade done estatistik MSPP yo. 

Pandemi Covid-19 (ki se non maladi a) kontinye ap fè chemen l.  Dapre Otorite sante yo nou ta gen 72 ka konfime, 5 moun mouri ak 2 geri.  Sepandan pi fò moun nan popilasyon an pa gen konfyans nan sa otorite yo ap di.   Ki sans chif sa yo genyen vreman vre dapre lasyans?   Syans ki rele Epidemyoloji a pèmèt espesyalis yo analize done estatistik yo (chif ki tradui reyalite a) yon fason pou dekri pi andetay posib sitiyasyon evolisyon ak devlopman maladi a epi elabore pwopozisyon fyab pou aksyon prevansyon oswa tretman.

Eske Chif Leta anonse yo koresponn ak reyalite a vreman vre ?  Syans epidemyoloji a gen prensip li. Done w ap analize yo fèt pou veridik. Yo fèt pou gen mwens dout posib sou yo.  Nan ka epidemi ou pandemi jan sa ye pou Covid-19 la sèl fason pou konnen kantite moun ki malad vre se fè plis tès dyagnostik posib.

Repons politik Leta bay nan moman kriz leve kanpe yo bay anpil kè sote pou avni peyi a.

Fason pou konnen konbyen moun ki gen viris la men ki pako malad se fè tès depistaj pami moun ki te an kontak ak yon malad oswa pami moun ki antre soti nan yon peyi ki gen anpil malad tankou Etazini ak Sendomeng.  Si nou konsidere kapasite pou yon malad ta enfekte ant 2 a 4 lòt moun, e si MSPP te fè reperaj ak tès pou tout kontak ka pozitif yo peyi a ta dwe gen pou pipiti jounen jodi ant 200 a 250 ka pozitif aktif. Donk chif y ap ban nou yo pa ekzak. Ogmantasyon ka yo ta ka pi rapid tou. Sa nou wè reskonsab yo ap fè a se yon ti moso toupiti li ye nan syans epidemyoloji a.  Yo paka di nou verite ekzak sou sitiyasyon maladi a.  Chif yo valab sèlman pou kantite moun ki teste yo selman, Yo pa gen okenn valè epidemiolojik pou yon leta nan jesyon  pandemi an.   Pa ekzanp nou pa konnen jan sa di pou lòt peyi se 15% popilasyon an ki devlope fòm modere maladi a. Li ka plis pandan 5% fom grav yo kapab mwens.  Menm jan tou nou dwe poze tèt nou kesyon sou modèl matematik ki prevwa kantite malad ak kantite mò k ap genyen nan lòt peyi ki pa toujou aplikab menm jan nan tout peyi. Modèl sa yo ta dwe entegre plizye eleman ki diferan selon peyi ou gwoup peyi kote pwojeksyon sa yo ap fèt. Yon lòt aspè nan analiz epidemyolojik pandemi a se eleman « tan an ». Li se yon varyab enpòtan.  Nou dwe kesyone tan pandemi an ap pran pou li enstale.

Menm jan tou nou dwe suiv tan li pral pran pou estabilize diminye oubyen disparèt nèt nan peyi a.  Menm rezon ki fè maladi a pat manifeste anmenmtan ak nan lòt peyi rezon sa yo la toujou. Nou ka di prensipal kondisyon pou maladi a te enstale ak fòs nan peyi a pat prezan nan menm moman ak lòt peyi.  Nou pat gen anpil anpil ajan kontaminan k ap gaye maladi a nan moman sa.  Fèb prezans moun kontamine ki potko antre nan peyi a se yonn nan rezon ki esplike koub ogmantasyon nouvo ka yo lakay nou pa fèt nan menm peryòd tan ak anpil lòt peyi. Nou pran plis tan pou gen anpil ka pozitif.  San konte mak fabrik sosyal ak kiltirèl popilasyon ayisyen an epi jan l ap viv nan anviwonman an.  Popilasyon an ki jen anpil, abitid alimantè pwòp pa li, devlopman sistèm iminitè l nan anviwonman peyi a, se tout sa ki ka eksplike nou pa gen anpil ka pozitif an menm tan ak lòt peyi.   Anplis nou pa konnen si viris ki nan peyi a se menm fòm kowonaviris la ki frape lòt peyi yo.   Epi tan sa nou pase ap obseve evolisyon maladi a nan lòt peyi se te yon gwo avantaj.   Sa te  ba nou plis tan pou benefisye konesans ki devlope sou maladi a.  An patikilye nan sa ki konsène manifestasyon maladi a andedan kò moun ak ki tretman ki pi koresponn.  Nou aprann ak eksperyans sa yo, pandan sa ba nou plis tan pou òganize pwòp repons sanitè ak repons politik pa nou selon vizyon prevansyon  ak kalite swen pou tout sitwayen.  Olye sa nou wè plis tan pase nan fè popilasyon an pè maladi a olye akonpaye pou fè fas kare avè l.

Vizyon anti nasyonal anti popilè elit dirijan yo mete ak nati rèstavèk Leta mete popilasyon an pi an danje anko lè nou konstate se de (2) pi gwo ONG nan zafè sante ki pran plas leta pou jere repons nasyon an.  Se finansman USAID ak inivèsite meriken ki finanse ONG sa yo e yo abitye kolabore ak plizye enstitisyon entènasyonal deja nan fè rechèch nan koze Sida, tibèkiloz, planin ak kolera.

Komite Syans ak Kilti ap rete veyatif sou estrateji ONG sa yo.  Oganis entènasyonal tankou Fondation Bill Gates, ak USAID pou site sa yo sèlman mete  ak sektè prive ayisyen an gen tan kouri bat bravo pou sa.   Depi ki lè òganizasyon entènasyonal ak lelit te janm an favè sante majorite popilasyon nan mond lan.

Dayè se echèk sistèm ekonomik sosyal ak sanitè ki mete an plas nan pi fò peyi yo ki lakòz moun ap mouri kou mouch.  Malerezman se nan men enstitisyon entènasyonal sa yo ak yon Leta ensousyan sante popilasyon an ye nan moman pandemi an.  Nou di atansyon.   Nan sans sa nap avèti espesyalis sante yo pou pa kouri mete yo san okenn rezèv osèvis yon sistèm k ap mouri kote otorite yo byen konnen reskonsabilite dirèk yo nan enkapasite teknik ak sosyal peyi a pou fè fas ak pandemi an.

Resous peyi a gaspiye, pwojè  demokrasi patisipatif popilè a pase anba pye. Pratik rèstavèk devan letranje plis koripsyon toupatou fè peyi a pèdi tout prestij li, tout kredi pou li kolabore nan respè ak diyite nan afwonte menas sanitè sa a an kolaborasyon ak lòt Leta yo oswa ajans entènasyonal yo.  Tout mankman grav sa yo makònen ak objektif gouvènman de fakto PHTK kap sèvi ak pandemi an pou renouvle pouvwa l fè li asepte san gade dèyè repons sanitè ak politik ki pi koresponn ak ekzijans enstitisyon entènasyonal ak peyi etranje k ap fè sanblan bay eta sante popilasyon priyorite.

Popilasyon an byen fèt pa pran nan panik.

Evolisyon maladi a lakay nou pa suiv modèl yo konstate nan lòt peyi ewopeyen yo ak ozetazini.  An menm tan li sanble tou ak sa kap pase konye a nan anpil lòt peyi ki pa gen milyon malad ak milye moun mouri.  Olye pou otorite yo ak ONG yo livre jesyon ijans sanitè a ta pwofite obsevasyon sa pou fè rechèch, pran tan nesesè pou envante ak aplike lòt modèl òganizasyon pou prevansyon ak pou bay swen, yo pito pesiste nan fè popilasyon an pè  ak menas pil kadav ak pil moun ki pral malad.  Nou pa di sa paka rive pase nou gen dout toujou sou kisa ki anfas nou vre.  Men nou panse jan pandemi an ap evolye an Ayiti  soulve anpil kesyon ki mande repons ki adapte ak reyalite evolisyon maladi a nan peyi a.

Nou pata swete aprann kesyon teste vaksen kont kowonaviris la ta fè pati dil ki fèt sou do popilasyon an.

Devan yon fenomèn nouvo pou tout latè, mak fabrik sosyal ak kiltirèl yon peyi kapab fè ladiferans nan repons kolektif Leta ak popilasyon an ka bay.   Pou konye a pandan nou pa pataje repons sanitè ak politik fason yo enpoze popilasyon an, nap ankouraje tout sitwayenfanm kou gason- pratike mezi pou anpeche maladi a antre sou nou.

Pote mask tout tan tout kote. Kenbe distans fizik ak tout moun. Lave men souvan. Pwoteje grandèt ak timoun yo. Rele leta depi nou gen bezwen. Pa kite okenn enstitisyon sèvi ak nou kòm kobay pou teste vaksen kont maladi sa.

Selon eksperyans ki pase deja nan mond lan, maladi a pral fè chimen l. Lap pase menm jan li te vini an.   Kòm se met kò ki veye kò nap toujou fè atansyon ak dekarasyon reskonsab Komite syantifik MSPP a ansanm ak deklarasyon Komisyon miltisektoryèl jesyon an. Jounen jodi a nou konstate anpil konfizyon ak anpil feblès nan jesyon pandemi an. Nou te deja atire atansyon nou sou de (2) gwoup sa yo nan Bilten #2 Syans ak Kilti a.

Nou tande deklarasyon  chak kòdonate gwoup yo Doktè Dely ak doktè Pape. Yo kontinye itilize estrateji laperèz la lè yap pale de pandemi Covid-19 la.  Nou wè anba chal yo preske ap rann popilasyon an reskonsab sizoka gen anpil malad ak anpil moun mouri.  Atitid sa pa aseptab lè nou konnen estrateji jesyon ijans sanitè patisipatif yo refize aplike yo bay plis rezilta. Yo apiye sou modèl matematik inivèsite Harvard ak Cornell pou fè menas katastwofik.  Men yo poko janm ka di nou ki pwotokol tretman peyi a ap aplike. Eksperyans tretman ki aplike nan Lopital Mibalè ak lòt kote malad pozif te ospitalize ta dwe deja endike chimen yon pwotokòl minimal nasyonal ki ta koresponn ak nivo konesans sou maladi a an Ayiti.  Se yon feblès anplis ki oblije  nou kontinye suiv ak atansyon jesyon otorite yo pou evite popilasyon ta viktim eksè laperez sa ni nan ko l ni nan lespri l.  Pa bliye konsekans fizik sosyal ak sikolojik tranbleman te 2010 la.

Pou fini

Nou dwe sonje pandan pandemi an kontinye ap fè chimen, lavi ap kontinye, leta pa chanje direksyon, li kontinye ap aji sou baz manti jeneralize,  koripsyon tout aparèy la epitou oken chanjman serye nan rapò peyi a ak enstitisyon entènasyonal yo.  Nou dwe poze nou kesyon sou plis pase 111 milyon dola FMI kouri depose nan bank an Ayiti alòske ekonomi nou pa vyab.  Kisa Leta ayisyen bay anplis ki fè bank entènasyonal sa kouri libere èd sa ?  Repons lan poko klè men nou ka di fason Leta abòde kriz sanitè a koresponn ak fason li abode kriz estritirèl istorik peyi a. Repons politik Leta bay nan moman kriz leve kanpe yo bay anpil kè sote pou avni peyi a.  Modèl jesyon kriz politik la montre karaktè vyolan Leta pral ranfòse pi plis toujou apre pandemi an fin pase.  Diferan sektè nan popilasyon an pral ekzije eklèsisman.  Nou pata swete aprann kesyon teste vaksen kont kowonaviris la ta fè pati dil ki fèt sou do popilasyon an.

KOMITE SYANS AK KILTI/AYITI Bilten #3 – 23 Avril 2020

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY