Ouvriye yo pran lari!

0
3789
Ouvriye ak ouvriyèz yo mande: gaz monte plizyè fwa sale a rete menm jan, ogmantasyon prese prese. 800g kòm salè minmòm!

Gran moman pa ouvriye ak ouvriyèz yo pou defann dwa ak devwa yo nan mitan kalfou kote gouvènman ak palmantè ap taye banda pou louvri baryè bay klas dominant lan chak jou pi plis sou do ouvriye ak ouvriyèz yo

Sa gen plizyè mwa depi klas ouvriye a ap mande pou satisfè yon seri revandikasyon li genyen, tankou bonjan kondisyon travay, sèvis asirans lè yo malad ak pitit yo malad, yon ogmantasyon salè 800g pou pi piti, se konsa yo pral anonse yon kanpe travay si ansanm revandikasyon sa yo pa rive respekte, lapoula otorite nan milye soutretans lan pral rele kèk sendika tankou (GOSTRA, SOTA/BO, CNOHA) pou n site sa yo sèlman nan yon chita pale sou pretèks yap reponn ak revandikasyon yo, yo pa bezwen kanpe travay, apre anpil vire nan farin bò kot patron yo, ouvriye ak ouvriyèz yo deside pran desten yo nan pla men yo jou kite vandredi 19 Me 2017 pou di NON se twòp atò ak fòm eksplwatasyon patron yo ap fe sou yo, e yo pral mobilize tout faktori ki nan tout peyi a, soti KODEVI nan Wanamen pase nan SONAPI pou rive nan faktori nan Potoprens ak menm revandikasyon nou te sot site la yo.

Se konsa patron yo deside fè presyon sou yo pou yo pa kanpe travay, epi sete byen konte mal kalkile bò kote patron yo, se ta pral denye gout dlo pou ranvèse botèy la, kote plizyè milye ouvriye ak ouvriyèz pral pile boton byen fò, ak revandikasyon sa yo: GAZ MONTE PLIZYÈ FWA SALE A RETE MENM JAN, OGMANTASYON PRESE PRESE 800g kòm salè minmòm, pou te rive devan palman yo pral fòme 2 branch, yon branch kise tout fakori ki nan zòn klèsin nan ki pral pase sou wout nasyonal nimewo 1 an vire lasalin pou al bout devan palman, lòt la ki pral pase soupis pou pase devan palè nasyonal la, se la fòs dezòd la CIMO (lapolis) pral tire dlo grate ak gaz sou ouvriye ak ouvriyèz yo, bat yo, souflete yo, kise yon lòt fòm vyolans sou yo ankò, malgre sa yo pa janm demobilize pwotestè yo, yo te kontinye pakou yo pou yo te rive devan palman an, pou al fè 50èm nan konnen, konplo yap jwe ak pouvwa anplas la nan enterè klas dominant lan pou chanje yon seri atik nan kòd travay la, yon kòd ki te ekri sou rejim diktati bout di Divalye a ki te bay patro ak gran don tout avantaj sou do ti malere ak malerèz yo, konya yo vle rantre ak yon lojik 3 fwa 8 èd tan pou jounen an, kote moun k ap travay lajounen pral touche menm lajan ak moun lannwit, kote moun lannwit yo dwe touche, 2 fwa pi plis pase moun lajounen yo.

Pandan prezidan asosiyasyon endistri Dayiti (ADIH) Georges Sassine nan deklarasyonl soti poul asasine ouvriye ak ouvriyèz yo pou leta pa moute salè a, li bliye sa ako 2009 la di, chak tan mizè ap ogmante salè dwe ogmante nan tout peyi a, se pa dat mizè ap ogmante 17 wotè nan peyi a epi salè a rete menm jan, se nan kontèks sa ouvriye ak ouvriyèz yo ap mande pou pouvwa anplas la, Konsèy siperyè salè a (KSS) pran responsablitel pou fiske sale a 800g pou pi piti, si sa pa respekte yo fenk kare okipe beton an jiskaske yo jwenn sa yap cheche yo kòm revandikasyon Nan ka sa nou kondane tou zak represyon ak arestasyon pouvwa Jovenel/Lafontant voye fè sou ouvriye ak ouvriyèz yo kote ap fè pase yon ansanm revandikasyon ki jis, nap mande minis jistis la ak sekirite piplik la pran responsablite prese prese pou fè lage tout ouvriye ak ouvriyèz yo arete epi mete polisye yo ki frape ouvriye ak ouvriyèz disponibl pou vin reponn kesyon lajistis pou zak abitrè yo fè.

Viv Yon Salè 800g Pou Pi Piti, Viv Sekirite Sosyal Aba Salè Tibèkiloz

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here