Samdi pase, 8 avril 2017 la, Konbit Ayisyen pou Kore Lakay, KAKOLA, te envite kontenjan veteran lit demokratik Nouyòk la nan yon kokenn “seremoni” pou kanpe sitwayen Athanase Chavannes kòm youn nan potorik militan yo ki pa janm sispann mete men nan pat difisil liberasyon peyi l.
Li toujou bon pou n pa tann se lè yon moun mouri pou n rann li omaj. Onore yon moun pandan l ap viv se pi bèl kado ou kapab fè l pou l chita ap tande, tout fanmi l ap tande tout konpliman y ap fè l.
Jean Oreste te pale sou aspè politik la, li te site kèk nan òganizasyon politik Ata te patisipe
Anpil moun te reponn prezan, plis pase 100 konpatriyòt te vini pote solidarite yo ak Ata. Se François- Marie Michel ki te mèt seremoni an, yon konpatriyòt sanfason, alapapòt li te onore zansèt nou yo ak Im nasyonal Peyi nou Ayiti, tout moun te chante. « Lè nou tande koze Ayiti pa gen moun nan, nou gen yon repons kout: E Athanase, limenm? » te deklare mèt seremoni an.
Twa moun te pran lapawòl : Pwofesè Menes Dejoie te kanpe Ata kòm moun, kòm pwofesè, kòm modèl, yon senbòl. Se yon moun ki pa janm anreta nan okenn reyinyon, okenn randevou.
Tony Pierre ki te Okongo ansanm ak Athanase, te pale sou kontribisyon pa l ak Ata nan Federasyon Asosyasyon Rejyonal Ayisyen nan peyi Etranje (FARHE). Se nan prezantasyon Tony an anpil moun te ka dekouvri ladrès Athanase pou ploge teknik pedagoji -teknik aprann nan lekòl pou fòme pwofesè- nan lòt sitirasyon ki pa lekòl. Powèt/dizè Paul Tulce te di yon tèks ki rele : Mwen fè yon rèv.
Apre twa moun sa yo, Kakola te prezante Ata yon plak, se Jean Oreste ki te entwodui prezantasyon plak la kote li te montre yon aspè ki potko souliye nan aktivite a, se aspè politik la. Ata pat janm rete ap gade ; depi nan ane swasantdis yo li ap milite pou jouk jounen jodi. Jean te raple kèk Oganizasyon Ata te patisipe ladan yo tankou : Mouvman Ayisyen Aksyon Patriyotik (MAP) ; li se youn nan manm Fondatè Solèy leve, li te manm Ifopada, li te manm Fondatè Komite Chalo Jaklen epi manm Fondatè Kakola. Yon chimen long, rich, nan plizyè gwoupman ak regwoupman, jan sa te parèt nan yon video « Association des Planteurs pour le Progrès de la Petite Rivière de l’Artibonite (APPROPA) » te voye pou okazyon sa a.
Michèle Daniel limenm te li sa ki nan Plak la, yon fason pou fè tout moun konnen ki sa kanmarad Ata reprezante pou yo. Jouk aprè Michèle fin bay Ata plak Ochan / Remèsiman an, sitwayen an te pran lapawòl pou l remesye tout zanmi, tout fanmi, tout kanmarad pwofesè ak kanmarad politik li te prezan nan sal la. Se avèk anpil emosyon li te salye tout moun yo avèk prekosyon pou l pa bliye yon zanmi, yon fanmi, yon kanmarad.
Diskou Ata se te yon rapèl pou tout militan pou n pa janm dekouraje nan lit la, pou n toujou gen disiplin nan aksyon n ap fè chak jou, kote kritik youn ak lòt pa vle di jouman pou sa oubyen bagay pèsonèl. Li te esplike tou nan ki konjonkti Kakola te pran nesans nan lane 2004 aprè koudeta kidnapin meriken yo sou prezidan Jean Bertrand Aristid. Pou fini Ata te site powèt Koralen nan yon pawòl sajès ki fè konnen :
Yon patriyòt gen dwa tonbe
Men divès lòt ap leve l
Men tèks pwofesè Menes Dejoie te prezante pou fè tout moun konprann ki kalte gason, potomitan, pwofesè Athanase Chavannes ye.
ATHANASE CHAVANNES
Athanase Chavannes, Se non manman li ak papa li te fè ofisye eta sivil mete nan batistè li.
Siman Athanase gen ti non jwèt tou. Ti non jwèt, grann, granpapa, tonton, tantin te ba li Lè li te tikatkat, timaymay Jenn ti bway k ap kouri monte kouri desann sou glasi Fè chenè, woule sèk, teke grenn kannik, choute boul chosèt.
Ti non jwèt elèv lekòl te ba li pou fawouche li.
Siman Athanase gen lòt ti non se madanm li ki ba li yo, Lè y ap fè jwèt lago kache tèt kole, Lanmou bene, Lago delivrans,
Men m la a pran m.
Siman li gen ti non se pitit li ak pitit pitit li ki ba li yo Lè y ap koze, lè yo chita pale Kat je kontre
Gen de non se nou menm ki ba li yo Ayisyen sou beton
Zanmi danfans Kolèg nan edikasyon Kanmarad nan asosiyasyon rejyonal, Konpatriyòt nan òganizasyon politiko-kiltirèl: Atha, Chavannes, Athanase, Msye Chavannes
Men gen de non on nèg genyen Okenn moun pa gen pouvwa ba li yo. Athanase gen yon seri de non se pa moun ki ba li yo Se li menm, li menm menm ki bay tèt li yo Nan fason li, nan konduit li. Se yon kalite non ki tache nan fwon li. Se yon kalite non ki nan venn li. Ki make sou tout po li Tankou grafiti sou mi lantouray.
Se de non ki pèmèt yo rekonèt li Kèlkanswa kote li pase: Nan lalin klè Nan fè nwa Nan bann rara
Nan bidyonèl Nan gran salon Nan koridò Nan site Letènèl Nan mitan foul moun Sou granri Sou Bouklin Brij Sou Istènpakwe
Athanase gen yon seri de non se pa moun ki ba li yo Se li menm, li menm menm ki bay tèt li yo konsa konsa tou natirèl firamezi. Lè l ap grandi l ap aji l ap reyaji. L ap mete pye li on kote, l ap deplase. L ap make pa. L ap travèse pas, rankontre moun. L ap poze poblèm, rezoud poblèm, brase lide. L ap travay toulejou ak paran ak elèv ak sipevizè ak patriyòt Ak leta ak otorite ak grandèt ak timoun piti L ap dirije, l ap kòmande, l ap kolabore
Athanase gen yon seri de non se pa moun ki ba li yo. Se limenm, limenm menm ki bay tèt li yo. Se de non tankou: Moun serye, moun onnèt, moun san fason, moun donan Bon nèg, Bon gason, bon zanmi, bon patriyòt Nèg bòzò, nèg sèvyab Poto plante, Poto mitan.
Athanase, nan jaden nou, ou se yon mapou (1) kote nou poze lè n bouke Se pou piyay ou bay lonbray.
Athanase Chavannes pa ti koulèv madlèn Kote li pase li kite tras. Nan lekòl nòmal siperyè an Ayiti, Lekòl de dwa, Athanase kite tras: Wi se wi, non se non. Pa gen ni lè blan ni lè Ayisyen Yon sèl lè pou tout moun konsekan.
An Afrik Athanase kite tras: Moun debyen Moun serye Moun prensip Moun dousman
Nan lekòl PS 189/Sant Bileng Kote li travay pandan plis pase 25 an Athanase kite tras.
Athanase gen yon seri de non nan lekòl PS189 Se pa moun ki ba li yo. Se li menm, li menm menm ki bay tèt li yo, Se rezilta travay li, se rezilta konduit li. Bon kolaboratè, bon pwofesè, bon òganizatè Vini bonè, kite ta Bay tan li gratis pou le peyi pou lapatri, pou timoun yo.
Athanase rasanble paran pou konbit nan lekòl PS 189 Yo pentire, ranje ban, monte pòt, klouwe, deklouwe Tout moun mete men.
Pandan anpil ane, Athanase anseye Franse Li aprann ti Ayisyen kou ti etranje pale Kreyòl, ekri Kreyòl Athanase prepare yon kolonn jenerasyon ti Ayisyen kou etranje pou yo pran Ridjenns Franse pou yo pa bezwen pran matyè sa a ankò nan Ayskoul.
Pandan de deseni anviwon, Athanase kolabore ak pwofesè, administratè. Li prepare elèv pou li òganize seremoni 18 me, Fèt drapo nan PS 189. Bèl pèfòmans, bèl dans fòlklorik, bèl pyesèt sou istwa d Ayiti. Tout moun an ble e wouj, Ayisyen kou etranje Tout timoun byen bòzò drapo nan men Ayisyen, Dominiken, Pòtoriken, Kolonbyen, Meksiken, Jamayiken, ti blan, ti ameriken nwa, eksetera era
Y ap chante: Pour le Pays, Pour les ancêtres, (2)
Marchons unis, Marchons unis.
Dans nos rangs, point de traîtres!
Du sol soyons seuls maîtres.
Marchons unis, Marchons unis
Pour le Pays, Pour les ancêtres,
Marchons, marchons, marchons unis,
Pour le Pays, Pour les ancêtres.
Tout timoun byen bòzò drapo nan men: Ayisyen, Kostariken, Trinidadyen, Gwatemaltèk, Ondiryen, ti blan, ti Afriken, eksetera era
Ap defile nan parad: C’est nous jeunesse étudiante, (3) C’est nous les grands, nous les petits, Demain la gloire d’Haïti Les cœurs joyeux, l’âme fervente, Toujours en avant nous irons, La tête altière et haut les fronts.
Athanase,
Nan plenn pa nou, ou se yon rivyè (4)
K ap fè detou, simen frechè.
Ou wouze san machande.
Respè pou ou, chapo ba pou ou!
Nòt
- Yon moso nan “Yon mapou tonbe” nan Flè Dizè, Jean Claude Martineau (Koralen) Nouyòk: M. Romain, 1982.
2) Yon moso nan “La Dessalinienne”, Justin Lherisson
3) Yon moso nan “Hymme à la jeunesse: Fière Haiti”, Edouard A. Tardieu
4) Yon moso nan “Yon mapou tonbe” nan Flè Dizè, Jean Claude Martineau (Koralen) Nouyòk: M. Romain, 1982.
Menes Dejoie
Avril 2017