Òganizasyon mondyal yo pa pou nou yo ye
Sa la pou ede volè yo piye devore
Pawòl chante Gason Manno
12 janvye 2010, zougoudou madichon malveyan malfèktè gaspiye lavi piplis pase 300.000 Ayisyen ak Ayisyèn natif natalsan konte etranje. Anplis de kantite kadav sa a yo, te gen yon dividal kay ki te kadav tou kote gagann zougoudou te kraze yo plat atè. Epi te gen anpil machin ki te anba kay sa a yo ki te krabinen tounen farin pitimi. Pil malè sa a yo te pèmèt anpil Awousa lakay kou lòt bò vin pi milyadè toujou.
Detan maleng zougoudou pat ko menm geri, pim Loni lage yon lòt java azipopo nan kòtòf lestomak Ayiti. Pòv defen grann mwen t ap rele sa mete apse sou klou. Kolera, se konsa azipopo sa a te rele. Premye kote m te wè yon bandwòl dwòl antravè nan lari a se te Petyonvil nan Avni Panamerikèn. Nan sa k te ekri ladan l yo Loni te konseye tout moun lave men yo byen pwòp anvan yo manje.
Depi m wè l la, m te twouve sa bandwòl sa a dwòl anpil anpil. M te touve sa dwòl anpil pou se nan bandwòl etranje ap ankouraje konpatriyòt nou yo pratike kalib prekosyon lijyèn sa a yo. Premye bagay m di. Depi ki lè blan restan kolonn kolon ak restan okipan manzanza te renmenn Ayisyen konsa a. Epi pou se yo ki ta vin ban n konsèy ki prekosyon pou n ta pran pou mikwòb pa pete fyèl nou.
Kolera Minista Loni
Enben, lè m te resi vin konn sa k te pase a, m te gen rezon pentad konsa vre. Sa l te ye ojis ? Se te yon pepinyè kolera blan Loni te pote pou Ayiti kòm èd imanitè soti jis nan peyi Nepal. 19 oktòb 2021 an fè 10 lane men longè jou pou jou depi blan malè malfèktè Minista Nepalè te debake ak pon gongon sa a vin simaye tribò babò an Ayiti.
Apa zak sasinay, zak kadejak sou ti fi kou ti gason, kolera manzanza se pi gwo kado Minista Loni te pote pou Ayiti. Se pa ni de ni twa kretyen sitou nan mas pòv yo Kowona Minista Loni pat voye al rekonèt yo nan peyi Alada. Kowona monte sa a gaspiye lavi Ayisyen ak raj. Tout analiz ki fèt nan tout gwo laboratwa nan anpil peyi yo dekouvri se siyati Nepalè Minista Loni azipopo sa a pote.
A a, malgre sa je chèch ki chanpyon nan chanpyona rizèz anba ti vant yo bay pou Loni an sèmante sou mò gran grann li se pa vre. Yo menm di se malpalan ki bezwen pale yo mal. Loni mache fè konnen li pa gen anyen pou l wè ak malè pandye sa a. An tou ka, nou tout konnen w ka genyen tout moun sof je chèch ak rizèz anba ti vant machann lèt kou wè Loni.
10 lane kolera Loni an Ayiti
Jounen jodi 19 oktòb la fè dis lane men longè. Tout sa k mouri mò Kolera Minista Loni mouri pou de twou je yo gras bonte bon blan Loni yo. Tout demach ki fèt, pike pikèt devan biwo Loni. Malgre tout manifestasyon ki fèt nan dengonn eskòt vèmin etranje yo bay pou Loni a, aaa nad marinad. Tout se bobin fil. Anyen pap fè l rekonèt tò l ak responsabilite l nan silaye pepinyè kolera a nan peyi a ak nan lòt peyi. Malfèktè Loni yo pat dakò dedomaje kòd fanmi menm yon grenn nan viktim yo.
Yon grenn rezon ki fè sa. Pou blan kolon esklavajis ak okipan kretyen yo tout pitit mas pòv yo pa moun. Se menm jan an Loni wè koze a tou. Depi jou 19 oktòb sa a w tande a, se pa pil ak pa pakèt kamyon Loni peye bwote kadav frè n ak sè n al lage nan twou si w konn chyen sou pil fatra. Loni te menm achte yon bann tè nan vil Lakayè pou fè simityè pou mò Kolera.
Depi lè sa a tou fanmi moun ki mouri ak moun ki te trape Kolera a yo pa menm pran rizèz anba ti vant yo bay pou Loni an pou fatra paskegen fatra ki itil anpil. E si w gade byen se sa lye vre. E, lè n sonje maleng tè tranble 2010 la pat ko menm fin geri. Ayiti te vin pran nan yon azipopo ki rele Kolera Nepalè Loni.
Kolektif pou dedomaje viktim kolera a yo
Nan mwa dawout 2016, Òganizasyon Mondyal Lasante (WHO) estime maladi pon gongon Kolera Minista Loni a an te lakòz pilis pase 10.000 kadav san sèkèy. Sa pa ko fini la non. Pi devan yo te vin jwenn gen plis pase 800.000 ka sitou idantifye an Ayiti ak Repiblik Dominikèn, men tou, nan Kiba ak Meksik. Se konsa anpil militan te kole tèt ansanm pou yo te ekzije Minista pou l te dedomaje tout Viktmkolera a yo
Kolektif pou dedomaje viktim kolera yo gen ladan l : Batay Ouvriye, Tèt Kole Oganizasyon Popilè yo, UNNOH, MODEP, MOLEGAF, KRD, Sèk Gramsci, GREPS, Chandèl, AVS, Bri Kouri Nouvèl Gaye, ACREF, DOP, AKP. Nan tout militan ki pat pè gade blan an nan je pou rele l blan kolera w te jwenn non sa a yo. James Beltis, Jean Evrard Jean Charles, Guy Numa, Jean Willy Belfleur, Yves Pierre-Louis.
10 lane apre, tout kadav kolera a yo mande papa Bawon pèmisyon pou yo releve pou yon ti bout tan. Yo releve pou yo bay Loni bèl ochan Ayibobo poutèt pon gongon kolera sa a. 10 lane apre, tout moun ki te trape kolera men ki gen chans ki pat kadav yo mande grann Brijit pèmisyon pou yo releve pou yon ti bout tan. Yo releve pou montre Loni ki jan yo rekonesan anpil.
Yo releve pou yo bay Loni bèl ochan Ayibobo poutèt pon gongon kolera sa a ki te manke pete fyèl yo a. Loni w merite yon bèl flonn mèsi. Paske pou jan pwovèb la di l la. Sa w geyen se sa w bay. Se kadejak w te genyen se li w bay Ayiti. Se zak sasinay w te genyen se sa w bay Ayiti. Se Kolera w te genyen se sa w bay Ayiti.
Dis lane apre w te bay Ayiti se Madan Lalim w genyen se sa w bay Ayiti. Men si Kowona Minista Loni pat pete fyèl tout 12 milyon Ayisyen an, se pa ti Lalim ki va jwenn ak bout nou. Kreyòl fèt pou pale, Loni demele w pou w konprann kreyòl. Kolera pa kreyòl. Kolera se Minista Loni Nepalè gwo malè. Dis lane apre w te fin lage Ayiti nan pèlen Kowona, Minista Loni ti bon anj Ayisyen ki kdav yo fèk kare nan dengonn w… pou w pa janm bliye w dwe n. Kreyòl pale…Loni konn rès la.