Bisantnè komin Akayè

0
1803

Se ansyen prezidan Jean Pierre-Boyer ki te nan jounen 17 oktòb 1821, fè Akayè vin yon komin. Se nan sans sa a, vil la te selebre 200yèm anivèsè li, dimanch 17 oktòb 2021 an.

Te gen plizyè festivite pou te onore jou sa a nonsèlman te gen yon mès ki te chante men te gen tou anpil lòt aktivite tankou fwa agrikòl, egzibisyon, dekorasyon ak aktivite kiltirèl.

Plas Catherine Flon

Yon espas nan vil la te inove nan memwa Catherine Flon, fanm konsekan sa a ki te koud drapo nasyonal la. Inisyativ sa a te pran pou prepare 250 lane anivèsè nesans Catherine Flon.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here