Home Kwonik Kreyòl Ki moun ki sasinen Lyncé Raïtza Dominique?

Ki moun ki sasinen Lyncé Raïtza Dominique?

0
109

Lanmò manman bourik deranje mèt li

Men l toujou ranje koze manman chen

Pwòvèb Ayisyen                                                                                                      

 

Yon manman ta sanble touye pitit fi l Linse Rayitza Dominik.  Estefani Dòsenvil se manman Linse Rayitza Dominik ki te gen 9 lane. Zak malonnèt sa fèt jou ki te lendi 17 out 2026 la, nan anviwon 7 è diswa. Se nan katye popilè Dèyè Fò, toupre wonn nan, nan komin Okay, depatman Sid malè sa a rive. Linse Rayitza Dominik ta pral  nan klas 4yèm ane fondamantal, matant li ansanm ak kèk lòt moun te jwenn li mouri sasinen ak plizyè kout kouto sou kò l, nan yon bank bòlèt, manman l Estefani Dòsenvil, responsab ki rele Sen Jòzèf. Se apre yo te fin defonse pòt bank bòlèt la, ki se menm espas kote Linse t ap viv ansanm ak manman l.

Se sèl manman viktim lan, Estefani Dòsenvil, yo te jwenn nan bank bòlèt la oubyen lakay li ansanm ak Linse ki limenm t ap naje nan yon larivè san. Sa k pimal la, manman an tou te blese kote te gen anpil twou epi mak kout kouto nan kò l tou. Dapre sa yon gransè Estefani esplike madi 18 out 2026 la, Estefani ta rapòte gen yon moun ki te antre nan bank bòlèt la, li te kache figi li epi li te prezante l yon fèy, epi mande l pou l ekri sa li panse. Se nan moman sa a Linse ta vin rele anmwe. Dapre menm vèsyon an, moun nan ta sasinen timoun nan ak kout kouto, epi li ta bay Estefani de kout kouto tou: youn anba gòj li ak yon lòt dèyè kou. Apre sa, li ta fèmen pòt la epi al fè wout li.

Men apre konsta yo, lapolis te kenbe manman viktim nan pou bezwen ankèt la. Etandone eta sante l pa t bon, lajistis te bay lòd pou yo mennen l al pran swen. Depi lendi swa, li ta kouche nan sal ijans nan Lopital Jeneral Okay. Genyen anpil lòt pawòl nan bouch moun nan popilasyon an ki ta fè kwè se manman an ki ta ka touye pitit li. Yo baze refleksyon sa a sou lefètke se limenm yo te jwenn nan espas la ansanm ak viktim nan, epi pòt la te fèmen.

Gen moun ki panse pa t ap gen posibilite pou yon lòt moun fèmen pòt la soti anndan, paske dapre yo, bank bòlèt la ta gen yon sèl antre ak yon sèl sòti. Kounye a, youn nan prensipal refleksyon k ap fèt la se sou posibilite pou se manman an ki ta rive touye pitit li a, si toutfwa vèsyon li bay la pa ta koresponn ak reyalite a. Gen moun k ap mande tou si yon zak konsa ta ka gen rapò ak depresyon. Sitou lè nou konsidere sitiyasyon difisil anpil moun ap viv nan peyi a. Nan dènye ane yo, depatman Sid la deja anrejistre plizyè ka swisid. Sitiyasyon sa a ki soulve kesyon sou konsekans depresyon ak lòt difikilte sosyal sou popilasyon an.

Men pou gransè Estefani an, li pa panse manzè te soufri maladi depresyon nan moman krim lan. Li esplike dimanch anvan zak la, Estefani pa t montre okenn siy dwòl ki ta fè moun panse li pa t pote l byen. Okontrè, li t ap jwi moman li ak pitit li ansanm ak fanmi an. Dapre gransè a toujou, anviwon 10 zè nan aswè dimanch, Estefani te separe ak yo, li antre ansanm ak pitit li nan apatman li, kidonk bank bòlèt la, pou l al dòmi. Gransè a menm te antre al dòmi nan pwòp apatman pa l, ki nan menm kay la tou. Nan demen maten, li te leve bonè pou l al travay.

Se anviwon bò 6 zè nan aswè konsa, apre li te fin soti nan travay epi li t ap repoze l, li tande yon chen l k ap jape bò kote kabann li. Li pantan nan dòmi an, li soti deyò epi li mande sa k ap pase. Se lè sa a moun ap di l : depi maten an, bank bòlèt la pa louvri. Sa vle di, yo pa wè Estefani ansanm ak pitit li soti deyò. Dapre yo, se pa t yon bagay ki nòmal, se poutètsa yo t ap frape nan pòt la. Yo ta tande Estefani di : li pa gen fòs pou l louvri pòt la. Se lè sa a gransè a ta di moun yo pou yo ride l defonse pòt la pou yo ouvri l. Se konsa yo vin dekouvri sa ki te pase a.

Nan ka zak sasinay sa a, gen plizyè vèsyon k ap sikile. Premye a se posibilite pou se manman an ki ta sasinen pitit fi li akòz li fè depresyon. Dezyèm nan se vèsyon Estefani bay la, selon sa gransè li rapòte, ki fè kwè se yon endividi moun poko idantifye ki ta antre nan bank bòlèt la komèt zak la. Jiskaprezan, pa gen okenn prèv ki pèmèt nou konfime youn nan 2 vèsyon sa yo. Li ta enpòtan pou otorite yo mennen yon ankèt serye ki ka pèmèt yo jwenn verite a, idantifye vrè otè zak kriminèl sa a, pou koupab la oswa koupab yo jwenn pinisyon lalwa prevwa.

Men bann ansasen kriminèl yo ki touye Linse Rayitza Dominik

Zak sasinay sa a vin ajoute sou lis lòt zak kriminèl ki fèt deja nan komin nan, kote anpil fwa verite a pa janm rive jwenn limyè. N ap raple zòn Dèyè Fò se youn nan kote plizyè moun deja pèdi lavi yo nan sikonstans vyolan, swa anba men moun yo pa rive idantifye, oubyen nan lòt operasyon kote lapolis, an inifòm oswa san inifòm, te site kòm moun ki te enplike. Nan yon peryòd anviwon yon mwa sèlman, zòn nan ta deja anrejistre plizyè lanmò vyolan, pami yo de moun ki mouri anba bal oswa kout kouto, ansanm ak yon lòt moun ki pèdi lavi li apre yon zak kote yo rapòte itilizasyon baton oswa move tretman lapolis. Pou kounye a, kesyon prensipal la rete san repons: Ki moun ki vrèman sasinen Lincé Raïtza Dominique? Se sèlman yon ankèt serye, ansanm ak prèv syantifik ak temwayaj verifye, ki kapab bay yon bon repons.

Linse Rayitza Dominik : Viktim pri lekòl?

Dapre yon lèt 6 paj Estefani ta ekri, anvan l fè zak sasinay sa a sou pitit fi l Linse. Li ekri se paske l pa t ko ka wè ki kote l pral jwenn mago pou l pot bay pè Kolèj Senjan yo, Okay. E se toujou menm reyalite a anpil fanmi ap konfwonte nan yon peyi kote se bòlèt yon manman bije ap fè lakay li pou l siviv ak pitit li. Jouk manman ta bije sasinen pitit li epi t ap eseye mete fen ak lavi pa l tou. Men sa ki kapab rive nan yon peyi, sitou peyi leta tankou Ayiti kote leta absan.  Men èske se timoun yo pou paran an yo sasinen ou byen makòn Bandi ki nan tèt Leta peyi a. Se pa Estefani ki fè manman l pa kab peye lekòl la. E lòt bagay tou pri lekòl ki tèlman chè. Majorite lekòl se ak lajan meriken pou malere, malerèz yo ki pap travay, ki pap fè anyen jwenn pou vin peye pou timoun yo.

Menm lekòl pè, mè ak pastè yo, se menmman parèyman. Se yon mago lajan meriken pou paran yo jwenn pou pote ba yo. Sa fè n sonje nan lane 2024 konsa, se Lanmò Sanjou ki t ap bay kèk manman ak papa pitit ponya pou yo kapab  al peye lekòl kay pè, mè, pastè frè ak lòt direktè raketè dechèpiyè sanfwanilwa. Epoutan sa pa janm di pèsonn anyen,  ni Leta, ni rès sosyete a. Selon sa manman viktim nan ta ekri, ki ta fè l, fè zak sasinay sa a sou pwòp pitit fi l la se akòz li pa ko wè ki kote l pral jwenn mago pou l pot bay pè kolèj Senjan an yo. Nan ka sa a, Estefani Dòsenvil se yon viktim menjan ak pitit fi l, li sasinen an Linse Rayitza. Men pigwo ansasen an, ki se yon pwofesyonèl nan piye peyi a epi sasinen pitit peyi a toupatou, se Leta Ayisyen ! Se tout moun ki nan tèt Leta a, k ap souse peyi a tankou sansi, k ap gaspiye lajan peyi a bay Erick Prince pandanstan pitit peyi a ap swiside tèt li paske l pa kab  manje, li pa kab peye lekòl pitit li. Si gen yon moun ki pou peye pou zak kriminèl sa a : se Premye minis defakto a Alix Didier Fils-Aimé ak tout latriyè minis li yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here