17 desanm-6 janvye : Peryòd Makaya

0
167

Se nan bwa m rete o mwen Twa Ile.
M ape mande kisa pwal bay Gad la manje.
Makaya manje Koki Lanmèèèè
Mwen di se nan bwa m rete ooo Twa Ile

                                                                           Chante Vodou                                                    

Yon ti rale sou Nwèl

Patizan Krimsyanis yo ki fete fèt nwèl yo fè konprann se dat Zezi te fèt. Men nan Kilti Vodou menm epòk sa a se pito peryòd Makaya. Si nwèl se 24-25 desanm peryòd Makaya tanmen depi 17 desanm pou fini 6 janvye ki se jou Lèwa. Gen anpil Ayisyen sèvèl poul ki kite menm blan kriminèl ki te konn antere zansèt nou yo tou vivan yo jwe nan tèt yo jis yo rive fè yo kwè yo se kretyen.

Se kretyen bò katedral sa a yomenm yo fè kwè nwèl se dat yon lamayòt ekspire yo bay pou Zezi te fèt nan yon nich poul nan yon peryòd kote tout bagay nèt kouvri ak nèj. Siman Zezi sa a te gen po karèt kou tòti pou fredi pat tou kokobe l epi fè l fè bwonch pou l ta kadav apre 3 jou. Alòs tout moun ki gen yon ti zing bonsans konnen Nwèl sa w tande a se yon lamayòt pou kraponnen timoun rechiya.

Si Tonton Nwèl se lamayòt pou kraponnen timoun, Zezi se lamayòt tou. Men se pou pase granmoun nan rizib. Konsa tout moun tèt dwat konnen se yon fèt loksidan kapitalis envante pou l ka pwofite fè lavichè monte bwa pou dechèpiye sa k pi fèb yo. Kòm pi bèl ekzanp pou n ka wè pi klè. Lachin se peyi ki fè piplis abdenwèl pou vann nan epòk nwèl patikilyèman anvan 24/25 desanm. Lannwit 24 pou louvri 25 desanm sa a, se dat sa a zòt pretann Zezi te fèt.

Se dat tou zòt di ti Mari ki toujou vyèj malgre l te gwòs apre Sentespri te fin met men sou li devan 2 grenn je ti Zòzèf te met ba. Kòm rezilta zak kadejak sa a ti Mayòt met ba yon ti bonnonm li rele ti Zezi. Sa k pi komik la se sou de twa ti pay sèch nan mitan yon patiray kote chen t ap fè lago kache ak ti mouton k fèk fèt ti Mayòt pouse ti Zizi sa a san l pat gen okenn chanday pou chofe l nan peryòd fredi sa kote tout kote se lanèj ki t ap vide kò l atè 24/24.

Epoutan ti blofè ki envante istwa ti Zezi a rakonte koze sa a menm mounfou sezi jis yo pete kriye de ran dlo nan je detan y ap ri ak de ran dan yo griyen. Yon moun ki ka gen je 1 chèch nan pwen pou l fè w kwè se nan menm dat 24 pou louvri 25 desanm sa a ti Zezi te fèt li toutouni kou vètè nan yon ti touf pay, l pap jennen fè w pran kaka poul blan pou ze peyi tou. Epoutan, se menm kriminèl a bib sa a yo ki vann mas popilè yo lamayòt yo rele Zezi.

Peryòd Makaya a kòmanse 17 desanm pou l fini 6 janvye, jou Lèwa

Zezi sa a ki fin fè kont gagòt li ak Mari Madlèn fè kwè l remonte al prepare yon ti plas dwat papa l anva l vin chache sa k te dakò viv nan ma labou yo mennen yo al trip nan 1ye plas nan wayòm nan. Men se lè yo fin kite maladi, vyolans, grangou, toutouni, soufrans fin dekonstonbre yo apre bandi pè ak pastè vann zam fin kouri dèyè yo Matisan Kafoufèy Maryani Pènye, Savyen elariye.

Kiyès Makaya te ye ?

Jou ale, jou retounen, Gason vanyan k te rele Makaya a se youn nan 1ye moun ki te koumanse demaske pil radòt sa a yo blan kretyen te vin foure nan ti gòjèt sansèt nou yo. Makaya se te yon Chèf Mawon ki se te pitit Makandal ki li menm te yon chèf revolisyonè epi yo gwo Ougan. Makandal sa a pat konn nan tete lang ak blan kretyen vakabon matomann omajiskil. Makaya t ap dirije yon divizyon rebèl kont lesklavaj blan kretyen te vin enpoze n nan non dye Izrayèl yo.

Se Makaya ki te koumanse mete sou pye premye pepinyè lame endijèn nan. Se lame endijèn sa a menm n ki ta pral pran jarèt pou mennen gwo batay pou chante lanèman sistèm lesklavaj blan kolon kreteyen te enpoze zansèt nou yo. Papa Desalin te vin chante lantèman sistèm èsklavajis la sou zile a pou l te ka mennen n sou gwo boulva Lendepandans Ayiti a 1ye janvye 1804. An n fè sonje dènye rasanbleman Makaye te fè a te dewoule nan lannuit 23 desanm 1756.

Menm jan ak bon jan pitit papa l Makandal, Makaya te wè pi lwen pase Antwàn nan plenn Gonmye. Ougan an te gen tan anonse kouman blan kretyen pral arête l, maspinen l apre pou yo boule l tou vivan nan lojik kriminèl kolon eksplwatè yo gen misyon pou touye l. Men tou Ougan an te gen tan fè konnen l ap tounen yon gwo vonvon pou l ka libere anban flanm dife blan kolon yo. Anvan jou a rive Makaya te mande pou tout esklav yo kontinye pale pawòl verite a menm si l pa ta la ankò.

Makaya te ankouraje frè l ak sè l yo ak tout lòt kanmrad yo pou yo kontinye goumen pou yo ka vin moun kou wè tout kolon yo ki konprann se yo sèl ki moun pase tout moun. Menm jan li te anonse sa a, lè blan kolon yo te fin  arete l epi mete l nan dwoum pou boule tou vivan, yon gwo gwo vonvon tou nwa kou chanbon soti nan dife a l vole. Lè tout lòt esklav yo te wè sa pase jan l te anonse l la yo tout tonbe kriye.

« Jwaye Makaya, Jwaye Makaya, Jwaye Makaya ». Se nan memwa gwo kokenn revolisyonè sa a nan Kilti Vodou pran 17 pou rive 6 janvye se epòk Makaya. Si Ayisyen alyene yo fete nwèl ki se yon fèt jidayis ak kretyen, Vodouyizan an yo pa bò kote pa yo pito swete nou tout alawonn badè Jwaye Makaya. Menm jan ak Makaya Gason Vanyan sa a ki te koumanse ak batay pou dechouke kolon èsklavajis yo jounen jodi a tout Ayisyen ki respekte tèt dwe kontinye gwo batay sila a pou Ayiti gaya.

Anba Pye Bwa Manbo Inan

Nan ti bat bouch sou koze Makaya, depi anviwon plis ke 2 lane, men sa Djeri Benjamen Vodou Lakay di sou sa. Se vre non sa a fè anpil deba nan tout kominote Vodou yo. Anpil moun yo gen yon tandans ranplase Nwèl pa Makaya. E yo gen rezon yo nan le men yo Pou anpil moun se yon swaf idantite ki pwovoke reyaksyon sa, Lakay jèn yo, pou anpil lòt se twò prese oubyen mal konprann. Men an reyalite kisa Makaya an ye ?

Makaya,se yon mo nan nan Lang Kikongo yo pale nan peyi Kongo, ki se pliryèl mo Kaya, ki vle di fèy. Men fèy sa a yo diferan de fèy yo ka manje yo rele Lukaya. Men an Ayiti tandans lan change  pa rapò ak  sa anpil nan nou,te ka kwè sitou anpil jèn ki swaf konn TradisyonVodou an e anbrase li. Makaya se pito yon epòk ki kòmanse presizeman nan mitan mwa desanm pou fini nan finisman 1ye senmenn nan mwa Janvye an.

Se nan epòk sa menm moun ki travay ak espri baròk malouk renouvele tèt yo. Se epòk tou moun ki te angajman oubyen pran kondisyon epi fè pwomès ak pwen ou gad sa yo vin renouvle tèt yo a travè Kondisyon yo. Men se nan regleman Makaya se kondisyon bat kòk, tout ti vis pèt, sa Grandèt yo rele Lalwa Masyal la. Anndan Tradisyon zansèt yo, Makaya deziye yon Rit kote ougan ki sibi inisyasyon sa yo pote Tit Anperè ou Ougan Anperè.

Anperè, se yon tit lontan ki te difisil pou wè y ap rele moun. Men bizaman ki vin trè popilè, sitou nan zòn lwès lan. Chante Vodou an di « Se nan bwa m rete o mwen Twa Ile. M ape mande kisa pwal bay Gad la manje Makaya manje Koki Lanmè mwen di se nan bwa rete ooo Twa Ile.
« Makaya » oubyen « fèy nan bwa
»

BNE : 3 jou Makaya

Pran 20 pou rive 23 desanm 2023, Biwo Nasyonal Etnoloji BNE te òganize 3 jounen Makaya nan jaden Biwo a menm sou Channmas. Nan lokazyon sa a te gen ekspozisyon zèv atizanal, beny, mizik, chante Makaya, ak anpil lòt pratik kiltirèl. Plizyè atis ak atizay tankou Atòs vèvè ak youn nan zèv li « Dekapite », atizan Sony ki reprezante « Atelye potri ravin sèch nan Latibonit », estaf « Schnai creation » ak « Diamond collection », fè prezans yo tou.Saritha youn nan sekretè biwo Laboratwa syans pèp la pa t kache konesans li sou Makaya.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here