Yon komisyon nan tèt OAVCT

0
1682
Se yon komisyon twa moun pou dirije Ofis Asirans Veyikil Kontyè (OAVCT) kounyea

Prezidan peyi a Jovenel Moise mete kanpe yon komisyon pou dirije Ofis Asirans Veyikil Kontyè (OAVCT), ant simwa pou rive yon lane. Nan yon sans Prezidan an bay revandikasyon sendika bwat sa a rezon, kote li ranplase direktè jeneral la Elie Blaise.

Twa moun ki nan tèt OAVCT a kounyea soti nan Ministè Ekonomi ak Finans. Non yo se Wolff Dubic, Kòwòdonatè, Frank Bonhomme, Kòwòdonatè adjwen, ak Goethie Varnelle Morency, manm. Selon arete prezidansyèl ki lonmen yo a, yo gen yon misyon ki gen 7 pwen pou yo ranpli. Epi y ap gen pou yo bay rapò yo oubyen rekòmandasyon yon an ministè ekonomi ak Finans.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here