Sen Domeng: Sasinay Miguelita Marie Shilove Thomas

0
2339
Miguelita Marie Shilove Thomas

Miguelita Marie Shilove Thomas se yon jènfi 24 lane ki t ap etidye lakay vwazen . Li te nan 3zyèm ane Syans administratif nan Inivèsite Katolik Repiblik dominiken. Se bò lari sou wout Las Americas lapolis te jwenn kadav kò li. Epi nan mennen ankèt, yo vin arete tou yon lòt Ayisyen ki rele Williamson Hilaire 33 lane, paske misye fè konnen se limenm menm ki touye Miguelita.

Asasen an Williamson Hilaire ak viktim lan Miguelita Marie Shilove Thomas

Rezon li bay se paske li te renmen ti kòmè a, men limenm pat vle renmen ak misye. Pou sa Williamson ba li 2 bal nan tèt, li touye l ak yon pistolè Prietro Beretta, calibre .380.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here