Pozisyon divès òganizasyon nan sosyete a sou dènye evolisyon kriz Inivèsite Leta a!

0
2052
Dimansyon kriz la rive jounen jodi a, se rezilta kriz estriktirèl k ap brase bil Inivèsite a depi dikdantan.

Noumenm, òganizasyon etidyan, sendikal ak popilè ki siyen nòt sa a, nou leve vwa nou yon lòt fwa ankò pou nou mande yon ola nan kriz Inivèsite a. Direksyon kriz la ap pran an, riske lage Inivèsite a nan kalfou tenten. Kriz la make san. Jan nou deja di li nan divès pozisyon nou pran. Dimansyon kriz la rive jounen jodi a, se rezilta kriz estriktirèl k ap brase bil Inivèsite a depi dikdantan. Kriz sa a makonnen byen di ak kriz global k ap brase bil sosyete a. Kriz global sa a lakòz tout enstitisyon nan Leta a anba kriz. Men se tou, rezilta move jesyon Inivèsite a depi plis pase 20 lane ak iresponsablite dirijan yo ki pa janm rive travay pou Inivèsite a fonksyone nan bonjan kondisyon.

Men, okenn nan dimansyon kriz la, paka jistifye zak malonèt, kriminèl ansyen Dwayen Jean Yves Blot poze sou etidyan John Rock Gourgueder Jean, nan dat 12 jen ki sot pase a. Se pou sa n ap mande tout aktè k ap batay andedan kou deyò Inivèsite a, pou yo mete enterè Inivèsite a anvan enterè pèsonèl yo ak rapò zanmitay yo. Si n ap denonse enpinite nan sosyete a, nou pa pakab ap defann enpinite lè se moun pa nou ki ankoz. Se pou sa n ap mande, pou lajistis pran responsablite li, pou fòse ansyen dwayen an bay esplikasyon sou zak li poze a.

N ap pwofite okazyon sa a, pou nou denonse konpòtman malonèt pwofesè «chèchè » John Picard Byron, ki akize òganizasyon etidyan LAKOU kòm yon òganizasyon kriminèl. Nou menm òganizasyon ki siyen nòt sa a, nou pran angajman nou pou nou demanti deklarasyon pwofesè « chèchè » John Picard Byron an. LAKOU se yon òganizasyon konsekan, ki enplike nan divès batay konsekan k ap mennen nan peyi a nan dènye lane sa yo. Majorite manm LAKOU, se etidyan nan Fakilte Etnoloji. Nan lane 2016, LAKOU te patisipe ansanm ak MPDP, nan lansman tribinal popilè kont 100 lane okipasyon peyi a. N ap raple pou pwofesè « chèchè » John Picard Byron, se dirijan Fakilte a, ki toujou bay LAKOU espas nan Fakilte a pou li òganize konferans deba ak aktivite kiltirèl. Menm pwofesè Blot konn patisipe nan aktivite LAKOU ap fè nan Fakilte a. Akizasyon asosyasyon kriminèl ak kamikaz pwofesè Picard mete sou LAKOU a, riske mete vi manm òganizasyon an danje. Se pou sa, n ap rann pwofesè Picard responsab tout lòt zak malonèt ki kapab rive manm LAKOU yo. Pou nou menm, kriz Inivèsite a pap rezoud ni ak dirijan, pwofesè, ni ak etidyan blofè k ap sèvi ak manti kòm chwal batay yo.

Se pou sa n ap mande, tout aktè konsekan andedan Inivèsite a, pwofesè, etidyan ak manm pèsonèl administratif la, pou yo pran responsablite yo nan kriz la. Nan sans sa a, n ap ankouraje tout aktè konsekan yo, pou yo mete kanpe, yon komisyon travay sou refòm Inivèsite a. Komisyon sa a dwe pèmèt tout kò ki andedan Inivèsite a, bay dizon yo sou pwosesis refòm nan ki dwe fèt ak patisipasyon tout antite yo.

Pandan tan sa a, aktè yo (pwofesè, etidyan ak pèsonèl la) dwe mobilize pou mete kanpe yon konsèy tranzisyon nan tèt Inivèsite a ak nan tèt Fakilte Etnoloji. Konsèy tranzisyon sa a ap gen misyon pou li relouvri tout Fakilte ki fèmen yo pou kou yo ka reprann, lanse pwosesis refòm nan, reyentegre etidyan yo mete deyò abitrèman yo, fè limyè sou tout gagòt ki fèt nan Inivèsite a patikilyèman dosye chèk ki disparèt yo epi òganize bonjan eleksyon nan sifraj inivèsèl pou mete kanpe yon Konsèy Egzekitif ak yon Konsèy Inivèsite eli nan tèt Inivèsite a ak yon konsèy kòdinasyon nan tèt Fakilte Etnoloji. Sou baz sa a, n ap sipòte tout mobilizasyon etidyan ak pwofesè konsekan yo ap fè pou bonjan refòm andedan Inivèsite a.

N ap pwofite okazyon sa a tou, pou nou sipòte mobilizasyon ouvriye yo ki relanse nan semèn sa a pou kontinye mande yon salè minimòm 800 goud, bonjan kondisyon travay ak reyentegrasyon ouvriye revoke yo. N ap sipòte tou, batay divès sendika nan administrasyon piblik la ap mennen pou bonjan kondisyon travay, patikilyèman, batay travayè sante yo, batay sendika ONI an ak batay travayè OAVCT yo ap mennen kont privatizasyon OAVCT epi kont dirijan konwonpi yo.

Inivèsite Leta a pap kraze ni privatize !
Aba privatizasyon enstitisyon/antrepriz Leta yo !
Viv lit travayè yo ! Viv lit pou bonjan refòm nan Iivèsite a !
Viv Lit mas pèp la !

Pou òganizasyon yo :

Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) / Guy Numa
Gwoup Rechèch ak Apui Devlopman Kolektivite Tèritoryal (GRAD) / Jean Joachim Laflèche
SEK GRAMSCI / Abydarline Jouth
SEK JANIL / Emmanuel Paraison
Gwoup Refleksyon sou Pwoblèm Sosyal yo (GREPS) / François Philippe
Mouvman Vizyonè Desalinyen (MOVID) / Abel Loreston
LĖSANPA / Fresner Michel
Komite Pou Relèvman Divivye (KRD) / Patrick Joseph
Fòs Refleksyon ak Aksyon Sou Koze Kay (FRAKKA) / Edouardo Ilema Edouard
Union Nationale Des Normaliens D’Haïti (UNNOH) / Ebens Cadet
Mouvement Des Jeunes Haïtiens Pour l’Avancement de la Lecture (MOJHAL) / Micheldo Pierre
Mouvement De Liberté, D’Egalité Des Haïtiens Pour La Fraternité (MOLEGHAF) /  Domini Raisin
Rasanbleman Pwogresis Sid (RPS) / Estimé Jean Fricien
Jèn Pwogresis Okay (JPO) / Jean Claudy Aristil
Mouvman Oganizasyon Pou Devlopman ak Desantralizasyon Nò ak Nòdès (MODOD) / Jose Félix

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here