Yon gwoup jèn pwopoze yomenm « Akò lari a »

0
1105

Vandredi premye oktòb,  sou Channmas plas Konstitisyon an, yon gwoup jèn te reyini pou lanse yon akò yo rele l « Akò lari a ».

Selon deklarasyon potpawòl yo Jimmy Pierre : « Objektif akò sa a, se pou asire yo tout manm nan sosyete a reprezante. Yon akò enklizif ki pran ankont jèn yo ak Ayisyen yo k ap viv nan dyaspora a »

Jimmy te fè konnen tou, moun klas defavorize yo, menm moun yo rele bandi yo gen plas yo nan akò lari a, paske yo tout se yon bann viktim yon klas moun nan sosyete a, yon ti ponyen moun k ap toupizi, souse, eksplwate majorite moun yo nan peyi a.

Akò lari a ap pran ankonsiderasyon revandikasyon mas pèp la, chofè moto yo, taksi yo, moun ki viktim nan Geto yo, tankou Delma 6, Bèlè, Site Solèy ak Lasalin.

Akò lari a se yon inisyativ popilè kap pran ankonsiderasyon revandikasyon etidyan yo, polisye yo, travayè nan faktori k ap bourike pou po pistac, chomè yo ak peyizan yo. Se pa yon akò boujwa , se akò pa pèp la ! Akò boujwa yo pa entegre pèp travayè a, machann nan lari yo,  ni moun nan Geto yo.

Anpil jèn te reponn prezan nan aktivite sa a kote yo siyen akò a. Oganizatè yo prevwa yo pral nan plizyè lòt vil peyi a pou yo mobilize moun pou siyen akò pèp la.

17 Oktòb k ap vin la, jou nou komemore sasinay ki te fèt sou papa peyi a Janjak Desalin, se jou sa a yo fikse pou  dokiman akò a ki rele “Akò lari a” pran lari kote pou tout moun jwenn li.

Libète ou lanmò ! Viv akò lari a ! Viv akò pèp la !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here