Dimanch swa, yon jèn Ayisyen Raquel Pelissier pote dezyèm pri nan peyi Philippines kote yo t ap òganize nan « Mall of Asia Arena » ki chita nan kapital la Manille 65yèm edisyon kokenn konpetisyon bote entènasyonal « Miss Univers 2017 »

Te gen 12 finalis ki se : Raissa Santana (Brésil), Siera Bearchell (Canada), Andrea Tovar (Colombie), Deshauna Barber (Etats-Unis), Iris Mittenaere (France), Raquel Pelissier (Haïti), Kezia Warouw (Indonésie), Mary Esther Were (Kenya), Kristal Silva (Mexique), Keity Drennan (Panama), Valeria Piazza (Pérou) ak Maxine Medina (Philippines).

Se konpatriyòt nou Raquel Pelissier 24 lane ki te eli Premye « Dauphine » ak Andrea Tovar, ki soti Kolonbi dezyèm « Dauphine ». Men se Mittenaere Iris (23 ans) ki soti Lafrans ki pote lamayòl « Miss Univers 2017 » la.