Dimanch swa, yon jèn Ayisyen Raquel Pelissier pote dezyèm pri nan peyi Philippines kote yo t ap òganize nan « Mall of Asia Arena » ki chita nan kapital la Manille 65yèm edisyon kokenn konpetisyon bote entènasyonal « Miss Univers 2017 »
![Andrea Tovar, ki soti Kolonbi dezyèm « Dauphine »](https://haitiliberte.com/wp-content/uploads/2017/02/Miss-Colombia2017jpg-300x219.jpg)
Te gen 12 finalis ki se : Raissa Santana (Brésil), Siera Bearchell (Canada), Andrea Tovar (Colombie), Deshauna Barber (Etats-Unis), Iris Mittenaere (France), Raquel Pelissier (Haïti), Kezia Warouw (Indonésie), Mary Esther Were (Kenya), Kristal Silva (Mexique), Keity Drennan (Panama), Valeria Piazza (Pérou) ak Maxine Medina (Philippines).
![Mittenaere Iris « Miss Univers 2017 »](https://haitiliberte.com/wp-content/uploads/2017/02/France-Miss-Universe-202x300.jpg)
Se konpatriyòt nou Raquel Pelissier 24 lane ki te eli Premye « Dauphine » ak Andrea Tovar, ki soti Kolonbi dezyèm « Dauphine ». Men se Mittenaere Iris (23 ans) ki soti Lafrans ki pote lamayòl « Miss Univers 2017 » la.