Viv Ansanm mande depa Konsèy prezidansyèl la

2
814
Jimmy Chérizier

Nan yon deklarasyon  pou laprès Jimmy Chérizier, pòtpawòl kowalisyon  “Viv ansanm” lan, mande klèman depa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Li fè konnen : « Nou sèlman ap tann, yon sèl bagay nan men Konsèy la: depa li.  Kowalisyon Viv ansanm pral sèvi ak tout mwayen li pou reyalize depa sa a. Men tout  deklarasyon 18 Novanm 2024 la.


Apre Kriminèl « Si-n Pa Voye Jovenel Ale, Nap Mouri » yo , fin sasinen Prezidan an anndan lakay li nan Pèlerin, yo pilonnen konstitisyon 1987 la, e yo fèmen zye sou jidisyè a (Kou Kasasyon).

Depi lè sa a, kriminèl yo vin ak yon estrateji akò (nou pa bliye Akò 21 Desanm 2022 Ariel- André Michel-Nènel Cassy ak akolit li yo). Pèp la tèlman zonbifye, Ariel tonbe, Akò 21 Desanm 2022 rete kanpe kou ke makak nan figi tout moun, nan figi laprès ak tout ti ekip vòlò gouvènman Ariel yo. Yo kontinye jwenn tolerans pou yo pilonnen Konstitisyon 1987 la ak meprize pouvwa jidisyè a (Kou Kasasyon).

Kriminèl ak kowonpi Akò 21 Desanm yo tèlman alèz, yo rantre nan yon lot akò ki rele “Akò 3 Avril 2024” ki kreye yon krèy ” konsèy prezidansyel tranzisyon “, 9 vòlò, 9 dinozò sistèm kowonpi an ki aksepte ekzekite lòd papa yo nan entènasyonal la nan vini ak tchoul yo rele Garry Conille lan kòm premye minis. Yo kontinye pilonnen konstitisyon 1987 la ak meprize pouvwa jidisyè a.

Sa k pirèd la, semenn pase a, kriminèl yo mete ak ansyen kowonpi sistèm nan, yo pwofite rezilta eleksyon peyi Etazini yo pou yo òganize yon “kout fòs” e mete deyò nan Primati a tchoul entènasyonal la yo rele Garry Conille la. Kriminèl k ap kraze peyi a depi apre 1986: Ekip Aristide + Ekip Preval + Ekip Oligak Sektè Prive a fè yon sèl kont pèp la epi yo pran tèt tranzisyon politik la defòs, san dyalog ak pèp la. Pèp la deyò! Pèp la nan lari!

Viv Ansanm deklare se sel pouvwa jidisyè a li rekonet, se sel pouvwa jidisyè a ki pa soufri maladi legalite ak lejitimite.

Se pousa, Viv Ansanm ap di ekip lavalas la, ekip verite/inite a ak ekip oligak kowonpi sektè prive a, se byenkonte malkalkile. Viv Ansanm ap di klèman, kou a pap pase. Konstitisyon 1987 la ap sispann pyetine, pouvwa jidisyè a (kou kasasyon) ap sispann sibi mepri. Depi 40 dènye ane yo vòlò nan palè, vòlò nan primati ak ansyen vòlò nan palman fin kraze peyi Dessalines nan, epi vle mete li sou do Viv Ansanm. Papa nasyon an mande Viv Ansanm aplike estrateji 18 novanm 1803 a pou rive 1er janvye 1804 la. Peyi a dwe libere! Ayiti pral libere!

Pouvwa jidisyè a pa manke moso, pouvwa jidisyè a pa soufri ni pwoblèm legalite, ni pwoblem lejitimite. Kidonk, nan non « prensip legalite ak lejitimit », Viv Ansanm deklare, jodi lendi 18 Novanm 2024 la, ekzekitif ak lejislatif la pa ekziste Ayiti. Si yo te ekziste, yo ta koute vwa pèp la, si yo te ekziste yo ta pran chimen dyalòg pou lapè tounen anndan peyi ya.

Viv Ansanm deklare se sel pouvwa jidisyè a li rekonet, se sel pouvwa jidisyè a ki pa soufri maladi legalite ak lejitimite. Sou baz tou sa ki di la yo, *Viv Ansanm deside apati jodi 18 novanm 2024 la pou rive 1er janvier 2025, l ap libere Ayiti anba zago ekzekitif kriminel ki sasinen Dickson Oreste la ” Didier Fils-aimé-Préval, Kpt Lesly Voltaire, Louis Gérald Gilles, Nènel Cassy- Aristide la.

San Dickson Oreste pap koule pou granmesi.

Viv Ansanm deside remet pouvwa a bay pouvwa jidisyè a (kou kasasyon).

Viv Ansanm mande tout jij kou kasasyon prepare yo apati jodi 18 novanm 2024 la pou sove peyi a, retounen Ayiti sou chimen Konstitisyon 1987 la, nan dyalog ak lapè!

Viv Viv Ansanm !!! Viv Dyalog !!! Viv Lapè!!!

Viv Lalwa!!! Viv Kou Kasasyon!! Viv Ayiti!

Deklarasyon 18 novanm 2024

 

HTML tutorial

2 COMMENTS

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here