Seremoni omaj pou ajan BSAP yo ki te sasinen Laboul

0
135
Ajan BSAP yo k ap rann omaj ak kòlèg yo

Yon semèn apre sasinay Laboul la, moun nan vil kay-Jakmèl, te òganize yon veye patriyotik jou jedi 15 fevriye 2024 la pou te rann omaj ak viktim Ariel Anri yo. Nou vle pale 5 ajan Brigad Sekirite Zòn Pwoteje yo (BSAP), gouvènman kriminèl Ariel la te sasinen nan Laboul jou 7 fevriye 2024 la.

Vandredi 16 fevriye a menm, legliz Monkamèl ki nan Kay-Jakmèl te òganize nan maten yon mès pou manm Bsap yo tou, epi moun yo te rasanble pou lapriyè epi eksprime sipò yo pou fanmi mati sa yo ki nan lapenn yo.

Asanble a nan legliz Monkamèl ki nan Kay-Jakmèl

Popilasyon an te òganize tou yon antèman senbolik pou onore memwa senk ofisye sa yo ki te sasinen gwojounen nan Laboul. Omaj yo te fèt ak diyite, mete aksan sou enpòtans ki genyen nan solidarite anfas advèsite.

Apre seremoni sa a, manm BSAP yo te boule foto ajan ki te disparèt yo. Apre sa, imaj yo te vin tounen sann yo antere nan yon twou ki fèt espesyalman nan katye jeneral BSAP-Sidès nan Kay-Jakmèl.

Pou konkli jou memorab sa a, yo te plante yon pyebwa, ki senbolize espwa ak rezistans nan memwa ajan BSAP yo, Ariel Henry te sasinen Laboul.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here