Yon moso nan yon deklarasyon MOLEGHAF met deyò

0
196

MOLEGHAF konstate depi lè gwoup asasen « PHTK » yo pran kontwòl pouvwa politik la, sa gen anviwon 13 lane, mas pèp ayisyen an ap fè fas ak yon sitiyasyon malouk, yon sitiyasyon koupe souf, kote Kondisyon lavi sosyal ak ekonomik yo pa sispann detèryore chak jou pi plis.

Nou kapab wè klè, Aryèl Anri, Jovnèl Moyiz prezidan defakto te nonmen kòm premye minis anvan yo te sasinen li 7 jiyè 2021, se yon kriminèl k ap kontinye ak pwojè lanmò enperyalis meriken nan peyi a. Toupatou gouvènman sanginè li a tabli fwaye gang li pou kontwole tout espas mas pèp la konn òganize lavi yo.

Kontèks politik la, nan dènye tan sa yo fè pòtrè yon ansanm gwoup ame, politisyen ak boujwa tout plim, tout plimay mete kanpe pou kraze tout fòm rezistans popilè nan peyi a. Pandanstan, lavi chè ap taye banda, ensekrite ap vale teren, lavi pèdi tout sans li, pa gen lwazi, lekòl kraze. Peyi a ap vide desann ak tout boulin nan fon labim. Majorite popilasyon an pa ka sikile, madan sara ak peyizan yo paka sòti nan yon depatman pou al nan yon lòt ak pwovizyon yo, komès yo, san bandi p ap sezi yo, oubyen vyole, touye malere ak malerèz sa yo.

Kontèks politik la, nan dènye tan sa yo fè pòtrè yon ansanm gwoup ame, politisyen ak boujwa tout plim, tout plimay mete kanpe pou kraze tout fòm rezistans popilè nan peyi a.

Prèske tout popilasyon an pa genyen aksè ak pwodui premye nesesite yo. Sitiyasyon sa kapab ede n konprann nan pi wo nivo, kouman sistèm enperyalis la itilize lagè gang kont gang pou atake sistematikman pwojè byennèt kolektif la. Nan moman mas popilè yo ap chache chimen pou yo òganize yo se nan menm moman an politik kriminèl la ap chache wout pou l renouvle tèt li nan bay pouvwa defakto Aryèl Anri a tout kalte sipò pou reyalize eleksyon de grenn gòch, eleksyon malatchong nan peyi a.

Konsiderasyon sa yo pa sèlman fèt sou politisyen yo, men nou kapab pote menm konsiderasyon sa yo sou òganizasyon ak santral ouvriye yo k ap kontinye fouye pwòp twou pou antere tèt yo anba dan patwon sousèd san yo. Lè n konstate kijan Apèd revoke ouvriye nan Izin «Apparel Prenium S.A» san prestasyon salè, san akonpayman sosyal, san dedomajman, epi menm ouvriye sa yo tounen lakay yo ap mache achte kredi nan tout kwen pou reponn ak bezwen madanm, mari, pitit yo, nou pa t ap ka pi endinye pase sa.

Pou n ale pi lwen, nan gwo 21è syèk sa, n ap asiste kouman envestisè miltinasyonal yo makonnen ak leta nan peyi a kase ponyèt peyizan PLENN MARIBAWOU, vòlè tè yo pou bati izin faktori CODEVI. Peyizan ki te ouvriye agrikòl tounen ouvriye tekstil. Sa n ap dekri la, pa la yè… Pi pre nou la, nan lane 2023, pandan ouvriye yo nan mobilizasyon pou mande yon lòt kondisyon lavi ak bonjan kondisyon travay, patwon yo voye bandi al tire sou yo, sa ki mouri, sa ki pran kout manchèt. Lòt ki disparèt. Se dilere sa.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here