Sasinay Wesley Mathurin

0
1164
Wesley Mathurin

Mathurin Wesley fèt 8 out 1971 nan depatman Nò, komin Plezans, li se pitit Félix Mathurin ak Justine Pierre, li kite 4 pitit : 2 fi ak 2 gason. 

Wesley te kite lakay jou madi 29 desanm 2020 an nan bonè maten pou l al travay, depi lè sa a li pa rantre lakay li ankò. Se aprè 4 jou kote fanmi l t ap chache l toupatou, finalman yo pral resi jwenn kadav li dekapite sou yon pil fatra nan yon ravin sou Bisantnè an, nan zòn Vilajdedye. Yon zòn kote yo kidnape anpil moun.

Lapolis te okipe zòn sa a pandan epòk fèt fendane yo, swadizan pou mete sekirite, sa pa t anpeche anpil moun te kidnape nan Kapital la, Pòtoprens.

Wesley Mathurin se yon jèn pwofesyonèl ki te konn kondui kamyon.  Sansibilite Wesley pou chak manm nan fanmi li sete yon bagay enkwayab, moun pat ka konprann. Malerezman fòsfènwa yo etenn lavi l ak tout rèv li te genyen pou 4 pitit li yo ak tout fanmi l, epi yo jete l sou yon pil fatra nan Vilajdedye. 

N ap mande jistis pou tout moun ki viktim anba ensekirite sa a, espesyalman kouzen mwen Wesley Mathurin.

Elysée Luckner VIL

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here