Sezon siklon 2018 la deja louvri depi premye jen. Kote zòn Gransid la gad, anba malè pandye sa a ? Anpil gwo pawòl preparasyon, sansibilizasyon ap pale. Gwo enstitisyon entènasyonal ki nan imanitè, gwo direksyon Leta ap fè deklarasyon, fè reyinyon, pase konsiy pou popilasyon an pwoteje tèt li.
Men, noumenm nan divès seksyon kominal nan depatman Sid, nou pa wè ni kijan, ni ak ki mwayen pou nou pwoteje tèt nou, sizoka youn oswa plizyè siklòn ta rive sou nou.
Depi siklòn Matye fin pase, nou deyò. Nou pa gen kote pou nou pare solèy ak lapli, alewè pou nou ta pare siklòn. Anpil nan nou toujou ap viv anba prela, anba 2-3 fèy tòl ak kèk poto nou te ranmase nan debri kay ki te kraze anba Matye. Menm pye bannann parèt pi solid pase kote nou abite depi gwo katastwof sa a !…
Zanmi laprès yo ak rès popilasyon an, tande byen : Apre siklòn Matye, nan mwa Oktòb 2016, men kijan gouvènman an te prese-prese evalye dega ki te fèt nan depatman Sid ak Grandans : Yo te di, nan rapò yo te fè, gen total 236 882 kay andomaje, ladan yo, nou jwenn ;
- 103, 907 kay kraze
- 99,975 kay pran gwo pataswèl
- 11 500 kay frape lejèman
- 21, 500 kay anba dlo
Men, nou konnen gen plis toujou, paske nou menm k ap viv nan mòn yo, kote van siklòn Matye te frape anpil, nou konnen aklè gen plis dega ki te fèt. Anpil kote, reprezantan Leta yo pa t janm rive, ni pou konstate, ni pou ede nou. Nou ka temwaye, Leta pa fè okenn aksyon pou soulaje soufrans nou ; pou pwoteje timoun yo, granmoun yo, depi prèske 2 lane.
Ki vle di, depi Siklòn Matye fin pase, nou deyò. Nou pa gen kote pou nou pare solèy ak lapli ; alewè pou nou ta pare siklòn.
Devan sitiyasyon malè pandye ak move lavi sa a, nou menm k ap viv nan seksyon yo, nan plizyè komin nan Depatman Sid la, nou te reyini nan dat 23 ak 24 me 2018 la, pou nou reflechi sou pwoblèm kay sa a, espesyalman pou moun andeyò yo. Nan sans sa a, nou deside regwoupe tèt nou pou nou fè tande vwa nou ; pou nou chache solisyon pou pwoblèm kay pou moun nan seksyon kominal yo, nan mòn kou nan plenn.
Nou konnen, gen bon jan kay pou abite, se yon dwa fondamantal tout moun sou latè genyen. Leta, nan chak peyi, gen reskonsablite pou l kreye kondisyon pou dwa sa a respekte.
Se pou sa, Regwoupman nou an ap mande :
- Pou Leta ayisyen, prese prese, mete abri pwovizwa nan lokalite yo, pou sezon siklòn nan, paske kote nou te konn al pare yo, tankou nan legliz, nan lekòl, yo tout kraze depi siklòn Matye.
- Pou Leta mete yon pwogram pou bati omwen 100,000 kay nan tout seksyon Kominal nan depatman Sid la, pandan 5 lane k ap vini yo, dekwa pou n ka jwenn yon kote ki gen diyite, ki definitif, pou n rete.
Pwogram sa a enpòtan anpil, epi li ijan. Tout moun konnen depatman Sid la, depi tout tan, se wout siklòn. Mete sou sa, ak zafè klima a k ap chofe a (sa yo rele rechofman klimatik la), siklòn yo vin pa gen sezon ankò; yo vin pi fò chak jou, pi sovaj.
Nou menm nan regwoupman an, nou la pou n ede Leta mete kanpe pwogram sa a. Nou swete otorite yo tande rèl nou. Nou swete yo pran reskonsablite yo.
Regwoupman nou an pou pwoblèm kay nan seksyon kominal yo, kote yo rele andeyò, nan Depatman Sid la, gen ladan, reprezantan seksyon kominal nan Komin Tòbèk, Chantal, Kanperen, Senlwidisid ak Pòsali.
Deklarasyon sa a fèt Okay, premye jiyè 2018.
Men moun ki siyen pou regwoupman an:
- Jean Simon Despagnes, 3èm Seksyon Chantal
- Paul Dit Vérius Joseph, 3èm Seksyon Chantal
- Marie Minta Milord Bien-Aimé, 2èm Seksyon Tòbèk
- Béthanie Fortuné, 4èm Seksyon Senlwidisid
- Michelet Célestin, 4èm Seksyon Pòsali
- Jean Wilfrid Joseph, 2èm Seksyon Tòbèk
- Manel Josil, 4èm Seksyon Senlwi
- Jean St. Luc Porcéna, 2èm Seksyon Tòbèk
- Jean Octave Porcéna, 2èm Seksyon Tòbèk
- Dieujuste Vénel, Komin Kanperen
Pou tout kontak, rele nan nimewo telefòn sa yo :
Michelet Célestin, Tel : 3648-1441
Marie Minta Milord Bien-Aimé : 3707-1518