Moun Miragwàn ap mande dlo ak limyè!

0
3729
Pèp souvren ankòlè bloke nan rantre vil Miragwàn wout ki mennen Payan, Ti rivyè, Ansavo, Kawouk ak anpil lòt kote nan depatman Nip lan

Gen plis pase de mwa pèp miragwànè a leve kanpe kont vye sitirans ki sòti bò otorite ak zotobre vil la. Miragwàn se yon vil ki gen senatè ak depite poutan pa gen youn k ap panse,  ni travay pou amelyore sante lokalite a.

Chak ane lè yo vin fete fèt patronal nan Miragwàn se sou fatra ak nan blakawout yo fè l.  Se rezon sa a ki fè pèp la leve kont  palmantè salòp sa yo ki pap regle anyen pou pèp la se sèlman fè lajan ak piye peyi a sou do pèp la. Menm yon ti pwòpte yo pap pote.

Se poutètsa popilasyon an deside revolte. Mete barikad nan chak kafou pou machin ak moto pou monte ni desann. Popilasyon an oblije montre kòlè l, paske yo pase labou tròp nan figi l, se yon reyaksyon lejitim paske ofisyèl zòn nan se pa zafè Miragwàn y ap regle. Kouman pou vil la fè nan blakawout 24 sou 24 epi sa pa di yo anyen. Pa gen dlo sa pa di yo anyen.

Blakawout la fè pèp la pa kab pran lari aswè pou al detann li, pase yon bon ti moman Koupdimonn lan menm, moun Miragwàn se tande yo tande sa pa gen kouran pou nou gade match yo. Poutan nou tande yo bay senatè ak depite televizyon pou yo bay moun. Nan Miragwàn malere ak malerèz pa jwenn kouran alevwa pou yo ta jwenn televizyon leta.

Anpil granmoun lan vil dekouraje pou madichon yon seri depite ak senatè lage sou Miragwàn.

Bissainthe Anneseau

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here