Refleksyon Jimmy “Barbecue” Cherizier sou konjonkti politik la

0
2453
Jimmy "Barbecue" Cherizier, Fòs Revolisyonè G9 Famiy ak Alye

Jodi samdi premye Oktòb 2022 a, Jimmy “Barbecue” Cherizier, pòtpawòl Fòs Revolisyonè G9 Anfanmi ak Alye, fè refleksyon sa a, pou nonsèlman li pale ak pèp la men pou l reponn tou yon latriye jounalis osèvis oligachi a ak klas dirijant kowonpi, pouri a, k ap kreye konfizyon nan lit pèp ayisyen ap mennen pou l chanje kondisyon lavi l.

 

Nan mesaj sa a, Cherizier tante esplike misyon yon revolisyonè  genyen pou chanje yon sosyete : Se goumen karebare kont klas sosyal k ap eksplwate epi oprime klas travayè a.

Li  mande pèp ayisyen an pou l « pran desten l nan men l », menmjan zansèt nou yo te dirije desten pa yo nan yon kokenn lit ame kont Lame esklavajis Lafrans la pou liberasyon nasyonal peyi nou, Ayiti.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here