Rasin Defi aplikasyon deklarasyon inivèsèl dwa moun an Ayiti

2zyèm pati

0
1108
Peyizànri ayisyen an toujou sou kontwòl, parekzanp sou kontwòl grandon yo, Pè Legliz katolik yo, ti boujwa politisyen yo epi fonksyonè lokal Entènasyonal kominotè a.

Fòmasyon sosyal peyi Ayiti

Nan yon premye tan, [21] depi libète fòmèl fin fè kò sasinay sou lespri libète byennèt, sosyete a pase yon seri kriz : kriz sosyal yo (1806, 1843), kriz dèt yo (1825, 1875, 1896, 1910), kriz lokipasyon yo 1915, 1994, 2004), elatriye. [22]

Nan sosyete a, toujou gen batay politik. Nan Sendomeng travayè esklav yo pran konsyans pou yo chavire lòd modèn kolonyal la. Sosyete libète byennèt la pa gen tan layite kò ak lespri li. Ansyen lòd la retounen sou fòm libète, egalite, fratènite ki sasinen viv lib osnon mouri. Peyizan Grandans reponn avèk jesyon kolektif solidè ; peyizan sid fè kò avèk jistis sosyal. Ansanm revandikasyon yo pa janm jwenn repons. An Ayiti, pratikman [23] depi Endepandans 1804, peyizan yo lage pou kont yo, yo viv senpman sou pwòp resous yo kreye. Se modèl fonksyònman sa a Gérard Barthelemy rele « système autorégulé » a ki tabli depi nan lagè pou Endepandans. [24]

“Peyizànri ayisyen an toujou sou kontwòl, parekzanp sou kontwòl grandon yo, Pè Legliz katolik yo, ti boujwa politisyen yo epi fonksyonè lokal Entènasyonal kominotè a”. Nan founi je gade, [25] « peyizan ayisyen an pa janm mennen yon batay ki otonòm nan espas politik la. Li toujou jwenn yon kouch moun save, reprezantan politik, gwoup sosyal ki fè li kwè yo ka ride li jwenn satisfaksyon nan revandikasyon li yo ». Sa pa anpeche peyizan yo jwe yon gwo wòl nan pwodiksyon agrikòl la, malgre tout gwo pwoblèm peyizan yo konfwonte anfas klas dirijan yo, majorite moun k ap viv nan lakanpay yo bay gwo enpòtans ak pwodiksyon agrikòl la pou yo satisfè konsomasyon lokal la, tankou sektè agrikòl la rete youn nan pi enpòtan sous aktivite pou plis pase 5.2 milyon moun k ap viv nan milye riral la jounen jodi a epi pou bay yon bon pati nan popilasyon an manje. 

Sosyete ayisyen an, se yon sosyete ki fonde sou filozofi libète byennèt la.

Nou kapab konprann istorikman dwa peyizan yo pase anba pye an Ayiti menm jan ak anpil lòt kouch sosyal. Malgre sa a genyen gwo batay k ap fèt nan nivo entènasyonal nan òganizasyon tankou Via Campesina pou li fè respekte dwa peyizan yo, menm genyen kèk òganizasyon peyizan ayisyen ki fè pati estrikti sa a, kòm « Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay » (MPNKP), Tèt Kole ti peyizan Ayisyen (TK) k ap batay pou dwa peyizan yo respekte nan lojik pou yo jwenn tè pou yo travay, dwa pou yo jwenn bon jan semans, dwa pou genyen souverènte alimantè, sipò teknik ak bon jan ankadreman, elatriye. Nan atik 1 òganizasyon sa a, li mansyone : “yon peyizan se yon moun k ap viv dirèkteman nan relasyon avèk latè epi ki respekte lanati” [26].

Yon moun save kou [27] David Placide konprann ansanm pwoblèm sosyete a ap konfwonte fè pati yon eritaj kolonyal sa vle di kote pa genyen vrèman, depi aprè Endepandans, yon lojik ak yon pratik ki kaba ansyen pratik kolonyal yo. Pratik koripsyon, pwostitisyon, tradisyon otokratik, pa respekte lwa yo epi demounize moun suivan move trètman yo jwenn, elatriye. 

Lojik pratik sa yo pa ale nan sans filozofi batay pou libète byennèt moun kolon yo t ap fè sèvi kòm esklav. [28]Sosyete ayisyen an, se yon sosyete ki fonde sou filozofi libète byennèt la. 

yo te kanpe libète byennèt travayè yo anfas libète malèt kolon yo

Nan konkrè 14 dawout 1791 la, Boukman ak Fatima te reprezante libète byennèt la tankou fòm lavi granmèt k ap gide vodou a. Se an kreyòl, ki se lang yo te kreye pou libere yo anba chenn modènite kolonyal la, yo te kanpe libète byennèt travayè yo anfas libète malèt kolon yo […] Se nan diskou ak pratik libète sa a premye deviz peyi a soti : viv lib osnon mouri ! Kò sasinay sou Desalin bay Pétion dwa pou li chanje li an : Libète, Egalite, Fratènite. Nou deja wè kouman 2 pwojè libète t ap batay nan Sendomeng [29]. 

Si n ap parafraze Jan Anil, filozofi libète byennèt la ; batay kaptif yo pou yo jwenn « Citoyenneté pleine » yo se ta rasin tout veritab demokrasi an Ayiti. Alòs, pou nou konprann pi gwo pikan kwenna ki sèvi baryè pou aplikasyon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo an Ayiti, n ap konprann li nan fè yon analiz dyalektik sou pikan kwenna ki fè demokrasi a paka rive nan bout li aprè Rejim Divalyeris la fin kaba. 

Asuiv

Malachy BASTIEN, Asp Antwopo-sosyològ, Ekriven

5 desanm 2020

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here