Prezidan Jovenel moise fè vwèl pou peyi sanchapo

0
1089
Komin Miragwàn ap òganize yon seremoni finèb nan memwa prezidan Jovenel Moise jou fineray li a 23 Jiyè 2021

Miragwàn pral genyen de jounen aktivite k ap  reyalize pou fineray ansyen Prezidan Jovenel Moïse nan depatman Nip la.

Te deja genyen yon jounen rankont ki te òganize lendi 19 jiyè 2021 ki sot pase a nan depatman Nip komin Miragwàn ant patizan ak senpatizan Jovenel Moïse yo nan objektif pou òganize tout aktivite fineray  la. 

Reprezantan pouvwa egzekitif la nan depatman Nip lan, Morel Espérance Berard, fè konnen rankont sa fèt nan lide pou make 2 jounen aktivite nan moman  fineray la pou rann omaj ak  ansyen Prezidan an k ap fèt mèkredi 21 jiyè 2021 nan Kafou Dèriso ak yon mès rekyèm k ap chante vendredi 23 jiyè 2021 nan Katedral sen Jan Batis Miragwàn. Delege depatmantal Nip lan, ki se Morel Espérance Berard, mande ak tout sektè pou vin rann yon dènye omaj ak ansyen Prezidan yo te sasinen lakay li nan Pèleren 5, komin Petyonvil.

Ansyen depite 50tyèm lejislati a pou depatman Nip komin Miragwàn la, Yvon GESTE ki te prezan nan moman rankont lan t ap dewoule te pran mikwo pou l te fè konnen li kondane zak sasinay sa a,  yo fè sou Jovenel Moïse la, epi li mande ak lajistis pou fè  fanmi Prezidan jwenn jistis komsadwa.

Lòt kesyon plizyè moun ka poze,  ak analiz yo ka fè. Eske yon Prezidan gen plis vale, gen plis enpòtans pase yon Pèp, yon popilasyon, e menm nasyon l ap dirije a ? Pou kantite moun ki mouri, bandi sasinen, simen latwoublay, kidnape, touye boule k ay moun menm ti bebe pa sove, avoka ap mouri, jounalis ap mouri, etidyan ap mouri, elèv lekòl mouri, yon pakèt polisye pèdi lavi yo nan Vilajdedye ak anpil lot kote nan peyi a. Fanmi viktim sa yo ap swiv rega Prezidan  an  pou konn ki lè y ap resi di yon mo jistis pou yo tou. 

 

Bissainthe Anneseau

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here