Poukisa Inivèsite Leta Ayiti (ILA) pa inosan nan mizè mas Pèp la?

0
2203
Li enpòtan pou n pa janm bliye Inivèsite a, menm jan ak lekòl, legliz, medya elt… se yon enstitisyon sosyete a kreye pou repwodui tèt li.

« Pou chyen ayisyen k ap di yo kiltive Nan Inivèsite Nou voye yon plòt krache » Manno Chalmay

« Toupatou, tout tan, kapab gen yon Antigòn ki di NON ! » Felix Morisseau-Leroy

Depi nan kòmanse lane 2000 yo, Inivèsite Leta an Ayiti tounen yon espas boul malatchong kote nou jwenn anpil moun san vizyon, san tit ni kalite. Move payas ki swa ap chache grapday pou yo kapab viv oubyen ki senpman bezwen larekonesans pou yo bat lestomak yo di yo se entelektyèl pandan yo enplike nan tout kout maltaye kont mas pèp la. Tout dinamik batay ki te kòmanse ak FENEH (Federasyon Nasyonal Etidyan Ayisyen – sig la se anfranse) ki vin kontinye ak KLE (Komite Lit Etidyan), KILE elt… vin bwè lwil lè Aristid retounen nan lane 1994 anba pwoteksyon zwazo bèk fè pou l vin aplike menm pwogram politik ekonomis liberal Marc Bazen t ap pote nan lane 1990.
Youn nan poto mitan pwogram politik sa, se pou Leta dezangaje l nan pifò sektè estratejik li te kontwole nan sosyete a. Sa l ap privatize nèt, sa l ap bandonnen sou baz yo pa rapòte anyen, sa l ap jere ansanm ak sektè prive a nan kad patenarya piblik prive epitou gen sa l ap kontinye jere pou lafòm – pandan l ap kite yo depafini – yon fason pou boutofen li lage yo bay sektè prive a ki li menm pral jere yo tankou biznis ak objektif pou fè lajan. Se nan dènye kategori sa nou jwenn tout sistèm sèvis piblik la kit se nan domèn lasante ak ledikasyon anpatikilye lise yo ak ILA (Inivèsite Leta Ayiti). Anplis fè lajan, finalite pwogram politik sa se tabli – nan kèk ka – ak ranfòse – nan kèk lòt – segregasyon (apatay) ant moun ak moun nan domèn ledikasyon ak lasante sou baz kantite lajan yo genyen. Kidonk mezi lajan ou, mezi levasyon ak lasante w ap rive jwenn.
Konsènan reskonsablite Leta nan ILA, malgre Konstitisyon 1987 la se yon konstitisyon liberal li di konsa nan atik 209 : «Leta dwe finanse mach ak devlopman Inivèsite Leta Ayiti ak lòt lekòl Siperyè Piblik yo. Pou òganize yo ak pou tabli yo, sa dwe fèt nan sans devlopman rejyon yo». Pi ba nan atik 211-1 Konstitisyon an di konsa: «Inivèsite ak lekòl siperyè prive oubyen piblik yo dwe bay yon ansèyman valab, pratik, ki kadre ak mach ak devlopman nasyon an.» Eske anseyman k ap bay nan ILA a koresponn ak sa ki di nan atik 211-1 konstitisyon an? Eske kit se nan ILA kit se nan Inivèsite prive ILA gen reskonsablite sipèvize daprè Konstitisyyon an ansèyman k ap bay la ‘‘adapté à l’évolution et aux besoins du développement national’’?
Li enpòtan pou n pa janm bliye Inivèsite a, menm jan ak lekòl, legliz, medya elt… se yon enstitisyon sosyete a kreye pou repwodui tèt li. Nan yon sans laj, Inivèsite a fè pati sa Althusser ak anpil lòt militan maksis rele aparèy ideyolojik Leta yo. Aparèy sa yo gen kòm wòl jistifye, lejitime ak konsolide anpati – oubyen entegralman – fòm dominasyon ki egziste anndan sosyete yo. Sa pa vle di pa gen posiblite rezistans ni pa gen mwayen ti freyaj men li enpòtan pou pa gen pyès ilizyon sou wòl enstitisyon sosyal yo ap jwe. Sinon, anpil nan nou riske pran kaka poul pou manba. Ti eleman kadraj sa yo enpòtan pou ede n konprann fondalnatal kriz k ap brase bil ILA depi kèk lane, yo ap pèmèt nou konprann kijan kriz sa gen gwo lyannaj ak kokenchenn kriz kapitalis paramilitè neyoliberal k ap brase sosyete a depi pase 40 lane men pi fondamantal toujou, eleman sa yo ap pèmèt nou konprann pi byen dènye devlopman ki genyen nan kriz ILA a kote yon dwayen deside pase yon tibis sou etidyan k ap mande refòm.

Jean Rock Gourgueder

Pou defann pratik ‘‘rache kou poul’’ rektora defakto Blot pase machin li sou yon etidyan etnoloji !
Lendi 12 jen 2017 zòn 4trè-5è nan Laprèmidi, gen yon gwo katastwòf ki pase nan Inivèsite Leta a anpatikilye nan Fakilte Etnoloji. Si se vre kriz ap sekwe ILA depi kèk lane men se premye fwa kriz la rive nan tonbout sa a. Nivo vyolans ki rive jou sa a montre kriz la atenn yon faz kote pa gen mwayen fè bak ankò. Kisa k pase menm? Yon pwofesè, yon Dwayen, yon papa pitit, yon moun yo prezante kòm militan pwogresis depi plizyè lane deside pase machin sou yon etidyan, yon ti jèn k ap mande bonjan fòmasyon, k ap mande refòm. Ann swiv !
Pou pwoteste kont zak abitrè, vagabondaj, kriminalizasyon ak tantativ sasinay sikolojik ak pwofesyonèl rektora defakto a ak tout konsèy inivèsite japwouv la ap fè kont yo depi plis pase yon lane, yon gwoup etidyan etnoloji deside ale fè yon pwotestasyon devan fakilte a. Kisa yo t ap mande? Pou yo enskri paske yo bezwen swiv kou, yo bezwen fini fòmasyon pou yo kapab sèvi pèyi yo. Menmlè yo kritik sou pwoblèm ki genyen anndan inivèsite a oubyen sou dekalaj ant inivèsite a ak sosyete a ki fè yo ap ekzije bonjan refòm depi plizyè lane, yo ensiste pou yo kontinye pran fòmasyon. Yo konsyan konesans se premye zam pa yo e se ak li yo vle tire. Devan rezistans ak entranzijans reskonsab yo, yo deside itilize sèl sa yo te genyen ki rete yo kidonk kò yo ak diyite yo kòm boukliye.
Tout moun ki te nan antouraj Fakilte Etnoloji jou 12 jen sa a te rete san vwa. Ti machann fresko, ti machann pap padap, mesye fotokopi yo, bado ki toujou chita sou ban anfas la, ti machann kòmilfo an tout moun te dlo nan je. Yo pa kapab kwè sa yo wè a se sa. Kijan yon moun kapab fè pase machin sou yon lòt moun ? Anplis kijan yon dwayen kapab fè pase machin li sou yon etidyan ? Pou yon moun kriminèl nan eta sa a!

Sèl danje a li rele Jean Yves Blot, yon òpòtinis kriminèl, odasye ak mantò ki pa ezite pase machin li sou yon jèn etidyan 23 lane k ap mande bonjan refòm nan Inivèsite a.

Sèl moun ki te parèt satisfè li menm se Blot. Apresa kè tout lòt moun te sou biskèt. Malgre nan jou lendi a menm Blot pa janm di yon mo apre zak la a, san di petèt li t ap chache yon diskou pou si etidyan an te mouri, men apati madi 14 jen, yon fwa li jwenn benediksyon Rektora a epi yo fè bouch li, li kòmanse paweze ak yon bann pawòl reyaksyonè de grenn dwat. Si te gen volonte pou fè lajistis ak laverite blayi sou zak kriminèl sa, li t ap jis sifi pou otorite yo te ale fè yon ankèt nan vwazinaj la pou yo ta konprann epi fikse reskonsablite klè men sa se pa pou ni jodi ni demen. Nou tout konn sa deja! Se pou lè n rive konstwi yon lòt sosyete kote Blot p ap toupuisan. Moun ki te nan lakou BNE (Biwo nasyonal etnoloji) yo temwaye : Jhon Picard Byron ki rive jete l nan espas Biwo a apre li fin sote yon mi paske l te panike pou lavi l apre zak Blot a, t ap repete yon sèl pawòl : kouman misye fè fè yon zak konsa. 5è nan laprèmidi, te gen anplwaye ki te la !

Yon imaj ki choke tout moun!
Anpil moun ki pa konprann zak la mande eske nonm sa se Dyab anpèsòn? Yo pa konprann! E nou tout konn sa, lè moun yo pa konprann, yo gen yon tandans ki fò anpil pou ale chache eksplikasyon sinatirèl. Anreyalite, Blot pa dyab. Blot se jis yon moun ki chwazi vin konsolide kan bouwo yo. Li chwazi kan lareyaksyon ! Se pa san rezon si youn nan ra grenn solidarite Blot jwenn – apre Pika ki vin fè bak – se Sweet Mickey, ti Simòn ansyen prezidan avadra pou n reprann ekspresyon yon jounalis endepandan. Sweet Mickey, jan jounal Ayiti Libète toujou fè sonje sa a, se ansyen ninja ki nan peryòd koudeta militè a (1991-1994) te konn rantre nan katye popilè – anpatikilye Site Solèy – pou ale fè ekzèsis tire sou ti malere ak malerèz, sou pòv poutèt yo te swadizan Lavalas. Sa ta dwe pouse Blot ak Pika reflechi sou kisa yo tounen jounen jodi a.
Nan sosyete kapitalis periferi tankou sa n ap viv la, ki se fondalmantalman yon sosyete kote tout bagay «ra» akòz peniri divizyon entènasyonal travay nan mond kapitalis la, tout ti avantaj parèt gwo privilèj. Tout grapday parèt tankou opòtinite. Li pa difisil pou foli pouvwa, grandè ak ti enterè neryen monte nan tèt yon moun. Se konsa, nou kapab wè tèl ansyen militan ki te konn ap defann enpòtans prensip kraze brize ak vyolans revolisyonè pou fè dinamik listwa vanse vin tounen pi gwo defansè otorite ak lòd paske kòm jounen jodi a li se pwofesè, li gen tan wè l nan tèt jwèt li nan nouvo wòl sosyal l ap jwe a. Si jounen jodi a, JPB retwouve l sou menm tab ak Blot ap defann zak malveyan epi kriminèl misye fè sou etidyan Gougeder se paske antanke trèt ak soubreka sistèm eksplwatasyon kapitalis la enterè yo marande ak lòd kapitalis la. Misye santi l fyè paske grapday pouvwa k ap soti anba bouch anbasadè, kapitalis neyoliberal ak enperyalis plen tèt li. Se sa k fè li kapab gen kouraj ap menase – epitou bay gwo presyon – yon pwofesè ki ekri yon ti atik analiz sou sitiyasyon vyolans nan sosyete a.

Poukisa Blot santi l alèz pou li pase machin li sou etidyan?
Li pa imajinab pou pèsonn pou yon endividi pase machin li sou yon lòt granm lajounen devan tout moun. Sof nan ti espas enpinite pa yo mesye yo amenaje depi plis pase 20 lane a. Yo rele l Inivesite Leta Ayiti ! Divalye te konn fè ak defè ladan l kounye an se ti klik jwisè apre 1986 yo ki fè dappiyanp sou li. E se ekzateman sa pozisyon rektora defakto a pran pou defann Blot kont lajistis vle di. Li di yon dwayen pase machin sou yon etidyan sa pa gade pyès lòt aktè.
1) Li di nan Laprès li pran sante etidyan an anchaj, kidonk pas de soucis ! 2) Li di l ap fè ankèt kidonk pa gen sousi pou lajistis entèvni. Anplis se li menm ki kapab envite lajistis rantre nan yon bagay ki konsène UEH. Lajistis pa kapab pran pwòp inisyativ li san rektora a pa envite l. 3) Rektora defakto a pa menm fè sanblan li non-partisan nan dosye a. Okontrè li bay Blot espas pou li reyini, pou l bay konferans pou Laprès anba gwo dispozitif sekirite Lapolis. Kidonk li deklare aklè li solidè ak Blot.
San nou p ap pèdi tan chita sou deklarasyon ak anpil kontradiksyon ni Blot fè nan madi 13 ni JPB vin fè apre, nou ta renmen siyale malantandi ki genyen sou kek bagay: èske Gourgeder se etidyan ILA ou non? Tout dènye enfòmasyon nou jwenn fè konprann wi misye se etidyan 3zyèm Ane Sosyoloji nan Fakilte Etnoloji. Se vre li enplike nan yon konfli ak Rektora a plis Konsèy Inivèsite swivis la men sa pa mete l deyò nan ILA pou sa. ILA pa pwopriyete ni Rektora a ni Konsèy Inivèsite a.
An n di ak plis presizyon: Premyeman, rektora defakto a pa gen lejitimite pou mete pèsòn deyò nan ILA; ekip ki nan tèt ILA a se sou baz fwod, magwouy ak kont maltaye yo kenbe espas la daso. Dezyèmman, se sou baz anpil mantò yo te monte yon dosye pou chawonyen misye paske li te pami etidyan ki te okipe espas rektora pandan anviwon 6 mwa pou ekzije bonjan refòm, bonjan eleksyon epi fè solidarite ak batay pèsonèl yo t ap mennen. Twazyèmman, nan lis non etidyan yo ta swete «mete deyò» yo, non yo te mal ekri kidonk se pa t li menm. Kounye a lòt kesyon pou n ta poze se : etidyan ou pa, èske Blot kapab jistifye zak li fè a? Pèsòn pa wè kòman. Menm zanmi pwòch misye malalèz ak sa ki fèt la.
Si n ta eseye gade pawòl misye – ak tout JPB – yo nan detay : eske yon moun ki andanje nan yon espas ap pran tan l pou l ale monte machin, pase kle, estat machin, derape epi pase sou yon lòt pou l echape ak danje a? Pèsòn pa fouti konprann mòd rezonman sa. Yo toujou di ILA se pa yon espas kote moun save ak limyè epi twòp entelijans briye men franchman, gen de bagay ou tande yon moun yo di ki li nan ti lèt fen ap di, w ap mande si se li menm ki enbesil oubyen si l pran tout yon peyi pou enbesil. Se vre chak moun sanble gen reyaksyon yo selon evenman yo. Men tout moun ki te viv 12 janvier 2010, konnen sa yo rele lè yon moun te an danje. Gen moun ki te kouri soti dotouni, san sandal ak yon bout chot sou yo. Se vre sete yon lòt kontèks men pèsòn pa t ale chache machin.
Alòs li ta bon pou n ta poze kesyon: eske te gen danje vre nan Fakilte Etnoloji 12 jen 2017? Repons la se non. Sèl danje a li rele Jean Yves Blot, yon òpòtinis kriminèl, odasye ak mantò ki pa ezite pase machin li sou yon ti jèn 23 lane k ap etidye epi k ap mande bonjan refòm nan Inivèsite a.

Asuiv
ALASO VOL 1 # 2, Jiyè 2017
RHIZOMES
Jounal ALASO se yon pwodiksyon Kolektif Kanmarad Janil Prezan ak Rhizomes.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here