Enpòtans ak sans politik batay klas travayè yo !

0
1617
Sèl jan pou travayèz-travayè yo touche 800 goud minimòm lan, se gonfle ponyèt yo, kontinye mobilize pou mete kanpe bonjan òganizasyon k ap defann dwa yo tout bon vre.

Batay klas travayè yo ap mennen jounen jodi a kont boujwazi retwograd la se jis pou defann yon ti kras pi bon kondisyon lavi, travay ak salè. Se pa pou fè larevolisyon ! Jan tout moun – eksepte patwon yo – kapab konstate sa, se yon batay ki kòrèk paske kondisyon sa yo pa sispann degrade chak jou pi plis nan peyi a. Kidonk menmsi travayè yo se jis reziste yo ap reziste pou gade kijan nan kad sistèm eksplwatasyon kapitalis la yo ta kapab jwenn yon ti amelyorasyon, batay la lejitim. Yo poko rive nan faz poze kesyon fini ak sistèm lekspwlatasyon an men militant k ap batay pou chanjman sosyal, total kapital ak radikal pa kapab kanpe gade. Menmlè tou anreyalite se nan faz sa nou dwe goumen pou nou rive.

Nan liv «Salaires, prix, profits», kanmarad Kal Maks (Karl Marx) te gen tan montre klè kou dlo kòk kijan mòd revandikasyon pou ogmante salè yo kapab jwe yon wòl pozitif pou laboujwazi. Toutotan revandikasyon sa yo rete nan kad rapò eksplwatasyon kapitalis yo, yo kapab jwe wòl tilandeng yon fason pou pèmèt kapitalis yo evolye tankou nan louvri plis toujou chan pwodiksyon an. Si pa bò isit se nan gwo goumen pou rache yon grapday nan men patwon malfini ak rapas, lòt kote sa konn diferan. Patwon vizyonè ak entelijan, nèg ki p ap fè koutay nan lajan soutretans konn anji yon lòt jan.

Se konsa nan peyi Etazini nan lane 1913 Henry Ford, boujwa ki te fonde konpayi Ford Motors ki pwodui machin fòd yo te reyalize li nan enterè l ak nan enterè konpayi an pou yo peye travayè yo plis pase tout lòt konpayi k ap travay nan endistri fè machin. Depi 1913, konpayi Ford Motors te deside peye ouvriye $ 5 US pou yon jounen travay pandan lòt izin nan menm sektè a t ap peye ant $ 2 ak 3 US. Mezanmi nou kapab imajine ki enpak sa te genyen sou travayè Ford yo anpatikilye ak sou travayè nan endistri otomobil yo anjeneral. Daprè sa Ford te di sou desizyon sa a, lide kite dèyè l sete yon senp kalkil ekonomik : yo te vle fidelize travayè yo pandan yo ap bay konpayi yon baz solid. Apati moman sa a, li te pratikman enposib pou lòt konpayi yo te kenbe konpa devan Ford. Ford te envesti nan lavni. Ford te pozisyone l kòm lidè, li te vire bagay yo! Eske yon analiz konsa kapab kenbe pou kapitalis malfrendeng ak ti koutye k ap evolye nan peyi periferi yo?

Nan sa ki konsène Ayiti, si Leta a pa t restavèk enperyalis la ak patwon yo, li te kapab pwofite moman revandikasyon travayè yo pou lanse yon vrè deba ki te kapab pèmèt analize limit òganizasyon sosyal ak ekonomik peyi a. Gen yon bann fòm rapò travay ki rete nan kad systèm feyodal la toujou. Li klè òganizasyon sosyal la rive nan bout li, lè yon travayè-travayèz pa fouti touche lajan minimòm pou li jis repwodui tèt li, nou pa kapab gen dout sou sa a. Tout tantativ pou kontinye kenbe l tennfas ap fè l eksploze ak plis fraka.

Annatandan, sèl jan pou travayèz-travayè yo touche 800 goud minimòm lan, se gonfle ponyèt yo, fanm tankou gason, kontinye mobilize pandan y ap mete kanpe òganizasyon k ap defann dwa travayè-travayèz yo tout bon. Se konstwi tou bonjan alyans ak peyizan, etidyan, pwofesè, ti machann, chofè elt… pou kanpe yon gwo mouvman lit pou chanjman radikal total kapital.

 

ALASO VOL 1 # 2, Jiyè 2017

 Jounal ALASO se yon pwodiksyon Kolektif Kanmarad Janil Prezan ak Rhizomes.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here