Ochan Ayiti Libète pou konbatan Athanase Chavannes!

0
1895
Bon vwayaj Atha !

Kominote Ayisyen an pèdi yon mapou. Yon gwo mapou ki te chaje ak fèy men ki pa t janm fè bri, menmsi gwo van soufle sou li. Mapou sila a se te Athanase Chavannes. Atha pou lèzentim.

Atha te fèt Tirivyè Latibonit. Si li te Chavannes bò kote papa l, men li te Belizaire bò kote manman l. Li te genyen yon frè ak plizyè sè. Athanase te lekòl alafwa Tirivyè lakay li ak nan vil Senmak epi nan Pòtoprens sou rega vijilan Mèt Phildor Belizaire, yon kouzen l ki te kreye yon pansyon fanmiy ri antèman pou jèn gason nan anviwonnman Tirivyè ki te genyen posibilite vin kontinye klas imanitè yo nan kapital peyi a. Apre etid segondè, Atha rantre Lekòl Nòmal Siperyè kote li te sòti ak yon diplòm Syans Sosyal epi li te youn nan Pwofesyonèl Ayisyen ki te genyen chans al bay peyi Kongo, an Afrik yon kout men apre endepandans li, anvan Papadòk  te mete yon anbago sou posibilite sa a.

Atha te marye ak Jeanne, ki ba li twa pitit, de fi, yon gason. Nan finisman sèvis Ayisyen nan peyi Kongo, Atha se te youn pami nan pwofesyonèl yo ki antre ak tout fanmiy yo Ozetazini. Kidonk, se la a epi se lè sa tou, Atha ta pral fè wè nan dyaspora ayisyen an, sa li te genyen  nan tèt li ni kòm paran, ni kòm konbatan.

Atha te renmen di pwezi, pa nenpòt kalite pwezi pou fè moun reve je klè.

Paran, Atha te kolekole sou lekòl bileng PS189 nan Bouklin, kote pitit li yo t ap aprann nan mitan anpil lòt ti Ayisyen. Nan sans sa a, madanm li te konn kontribye anpil nan festival ak patisipe nan tout lòt aktivite tankou ranmase lajan pou sipòte lekòl la. Atha te toujou prezan nan men kontre ant paran yo pou achte penti e menm pentire sal klas yo paske sistèm lan pat wè lekòl  sa yo ak yon bon rega nan kominote a. Anfen, pou n di sa sèlman, lè Atha lib kote li t ap travay ak fòs fizik li, pwofesè Chavannes te konn vin ofri sèvis li kòm benevol nan lekòl la, jouktan li te youn nan twa paran Direktris la te chwazi pou rankontre yon komisyon ki t ap soti Wachintonn sou yon pwogram angle pou tout timoun ki ta fenk soti an Ayiti. Apwobasyon pwogram sa a ta mete Atha nan sistèm ledikasyon peyi Etazini nan mwa Septanm 1980 nan lekòl PS189 kòm anseyan pou jouk li rive pran retrèt li.

Konbatan Atha pa t rete izole Ozetazini paske li te rejwenn pè Sentespri yo tankou pè Adrien, pè Yves Urfié, pè Dejean elatriye ki te annekzil bò isit. Li te konn patisipe nan tout aktivite anfavè patriyòt nou yo ki te pran (kanntè) ti bato pou kouri kite lakay pou lamizè ak lavyolans nan Nouyòk osinon nan vil Wachintonn.

Li te youn nan manm fondatè alafwa Asosiyasyon moun Tirivyè Latibonit, Asosiyasyon pwofesè nan Nouyòk ak FARE ki se Federasyon Asosiyasyon rejyonal Ayisyen aletranje.

Li te manm Gwoup Charlot Jaquelin ak mouvman Kakola ki t ap simaye gwo lide nan kominote a. Atha te renmen di pwezi, pa nenpòt kalite pwezi pou fè moun reve je klè. Youn li te plis renmen di, lè l nan mitan konpatriyòt ki kite peyi Ayiti se Podanj, yon tèks Koralen. Alòske Chavannes te deyò pou lontan, li te toujou ap reflechi sou devlopman Tirivyè anpatikilye epi ak rès peyi a anjeneral. Se konsa nou te jwenn li kòm youn nan manm fondatè alafwa Asosiyasyon moun Tirivyè Latibonit, Asosiyasyon pwofesè nan Nouyòk ak FARE ki se Federasyon Asosiyasyon rejyonal Ayisyen aletranje.

Menmjan Chavannes pa t pran anpil tan apre retrèt li pou l t al kontinye travay konbatan li nan Tirivyè, se menmjan an tou maladi ki se premye lènmi kretyenvivan pa t pran anpil tan pou te fè l retounen Ozetazini kote rès fanmiy  ap viv toujou pou swen medikal. Apre yon operason delika, medikaman, trètman pasipala, plizyè ane soufrans li sipòte ak kouraj, finalman kòd lavi Atha kase lendi 22 Jiyè 2024 la.

Misye soulaje, kounye a li anpè, soufrans fanmiy ak zanmi l kòmanse diminye. Li pati pou ede nou sispann espikilasyon nou sou chans gerizon l, kòman di nou ta vle espere kont tout espwa.

Mezanmi, malgre lasajès ak gwo laj devan sitiyasyon sa yo nou pa kab fè lojik. Devan evidans lan, nou toujou kwè mirak posib. Se nan nati nou sa ye. Lè n atache ak yon moun anjeneral nou pa kwè li mòtèl. Jodia dlo nan je n pou Atha, demen devan yon lot ka, menm atitid rasyonèl sa a parèt tèt li ankò. An nou fè yon chenn solidarite pou youn bay lòt lebra. Men nan lamen n ap pataje doulè a. N ap soufri tigout mwens… !

Senpati pou Madanm, pitit, frè, sè, tout lòt paran ak zanmi Athanase Chavannes yo!

Bon vwayaj Atha !

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here