Orijin Esplwatasyon Fanm

0
1144
Yon fanm k ap travay

Se tout tan nou tande sèten fanm ak sèten gason Ayisyen tankou etranje k ap pale sou jan fanm yo ap sibi yon eksplwatasyon chen anraje, yon doub eksplwatasyon  nan pifò peyi sou latè, kit se lakay nou Ayiti, kit se isit Ozetazini, kit se Chili, kit se Afrikdisid, kit se Iran, kit se Dominikani elt…

Men pwoblèm ki pi souvan pa poze lan tout longè li, lan tout lajè li osinon ki mal poze se orijin esplwatasyon fanm yo lan sosyete a, se ki kote eksplwatasyon sa a soti?

Pou sèten fanm, se gason ki lakòz eksplwatasyon yo, sa vle di lit pou liberasyon fanm yo se yon lit anti gason li dwe ye. Pou fanm sa yo se pa marye ak gason, se pa viv ak gason ki solisyon pwoblèm yo. Pou yon lòt seri fanm se lit refòmis tankou lit pou fanm genyen dwa vote, genyen dwa okipe pòs lan gouvènman tankou vini senatè, depite e menm vini prezidan ki solisyon pwoblèm fanm yo.

Dechoukaj sistèm kapitalis lan pou mete sistèm sosyalis lan mande gwo goumen pou fanm yo kòtakòt ak gason yo.

Pou yon lòt seri fanm se lit pou liberasyon total peyi yo, pou yon chanjman lan rasin tout sosyete a ki ka garanti egalite pou fanm menmjan ak gason, ki ka mete yon ola lan baton pou eksplwatasyon fanm yo ap sibi a.

Pami twa tandans sa yo kilès ki korèk, kilès ki ka ede, noumenm fanm Ayisyen patikilyèman konbat eksplwatasyon n ap sibi lakay, lan travay, lan sosyete a anjeneral? Pou reponn kesyon sa a byen, an nou voye yon koutje gade listwa.

Lontan, lontan lan epòk sosyete primitif yo, komin primitif yo, divizyon lan travay pa te fèt sou baz sèks, sa vle di sou baz yon moun gason osinon fanm. Sosyete a pa te divize anklas eksplwate eksplwatè, sa ki vle di yon gwoup moun k ap souse san yon lòt gwoup. Latè, zouti pou travay latè te byen tout moun, yo pa te richès okenn moun, yo pa te rele okenn moun chèmètchèmetrès. Oganizasyon politik sosyete a te senp, lidè politik la pa te yon moun espesyal, ki anlè tèt tout moun, k ap kraze zo moun, ki kwè li siperyè pase tout moun. Lidè a te soti nan mitan pèp la, li te viv nan mitan pèp la.

Lan epòk sa a, agrikilti, travay latè te senp fanm yo te jwe yon wòl prensipal nan pwodiksyon, nan agrikilti, pandan gason yo te konnen mache anpil nan forè, nan bwa, fè lachas elt. Epòk sa a fanm yo te kontwole pwodiksyon, kontwole agrikilti,e kòm se wòl yon moun  jwe nan pwodiksyon ki detèmine plas ou            nan sosyete a nou ka wè fanm yo te konnen okipe yon gwo plas. Men lè pwodiksyon nan sosyete a vini ap chanje, lè se gade bèt, se elvaj bèt ki vini pi rantab e tou se enstrimen tankou lans, laso, pikwa ak flèch ki vini ap jwe yon pi gwo wòl, e kòm se gason ki fè elvaj bèt, se yo ki itilize diferan zouti nou fènk site yo. Gason yo vini okipe yon plas pi enpotan nan pwodiksyon, nan sosyete a. Fanm yo vini pèdi plas santral yo, plas enpotan yo te genyen nan pwodiksyon an, nan agrikilti a, nan travay latè a.

Ak ogmantasyon pwodiksyon nan diferan branch li, kit se elvaj, kit se agrikilti, kit se travay atizanal, ni fanm ni gason vini genyen kapasite pou yo pwodui pi plis nan sa bezwen pou yo viv, pou yo okipe tèt yo. Anmenmtan tou valè travay ki genyen pou fèt-la vini pi plis pou chak manm nan sosyete-a. Travay la tèlman vini anpil, yo te vin bezwen plis bra pou fè bagay yo mache. Se lagè  ant diferan komin primitif yo ki pral bay nouvo bra yo. Lè lagè fèt ant yo, vin gen prizonye e se prizonye sa yo ki pral tounen esklav.

Pwoblèm ki pi souvan pa poze lan tout longè li, lan tout lajè li osinon ki mal poze se orijin esplwatasyon fanm yo lan sosyete a,.

Nou deja wè ak ogmantasyon nan pwodiksyon, ak akimilasyon richès jèm pou transfòmasyon nan sosyete a deja la. Komin primitif, mòd pwodiksyon primitif la vini ap fè plas pou lesklavaj. Transfòmasyon nan pwodiksyon vin lakòz transfòmasyon nan sosyete a, chanjman nan relasyon ant diferan moun nan sosyete a. Sosyete kote pa te gen diferan klas la vini yon sosyete kote genyen 2 klas moun: esklav ak mèt. Lòt jan ou kab di menm bagay sa a se : genyen yon klas moun eksplwate ki vle di moun ki sibi eksplwatasyon-an, ak yon lòt klas moun eksplwatè, ki vle di moun k ap fè ekplwatasyon an.

Lè richès koumanse ap sanble e lè se elvaj bèt ki bay richès la, ki moun ki vini kontwole richès sa-a? Se jisteman gason yo. Se gason yo ki mèt bèt yo, se yo ki fè elvaj, se yo ki posede machandiz, e se yo ki fè twokay esklav pou bèt.

Fanm yo te la pou jwi nan richès gason yo men yo pa te genyen okenn dwa sou richès yo ; yo pa te posede okenn nan richès yo. Nou ka wè wòl prensipal fanm yo te konnen ap jwe nan sosyete-a pou tèt plas yo nan travay latè, travay agrikilti, nan pwodiksyon an jeneral vini menm bagay ki bay gason you wòl prensipal nan sosyete-a. Fanm yo vin pèdi dwa yo, yo vin pa aktif nan pwodiksyon ankò.

Apati sa nou sòt di la-a li dwe klè pou fanm tankou gason k’ap li nou, you sèl jan fanm yo kapab vin rejwe wòl enpòtan nan sosyete-a, yon sèl jan fanm yo ka vin gen menm dwa ak gason se lè yo ta vin reprann plas yo nan pwodiksyon-an, se lè yo ta vin genyen yon pi gwo wòl nan mach sosyete-a angiz wòl prinsipal yo genyen kounye-a ki se travay lakay fè pitit, epi okipe pitit.

Nou pale sou sosyete primitif yo kote fanm te jwe you wòl santral. Nou pale tou sou sosyete esklavajis la kote fanm vin pèdi wòl yo. An nou fè yon gade ki kalite sosyete, ki kalite mòd pwodiksyon ki swiv sosyete esklavajis la. Apre li, vini genyen sosyete feyodal-la kote menmjan ak sosyete esklavajis-la genyen 2 klas moun opoze. Sou yon bò gen eksplwaè yo, yo rele seyè, gwo feyodal, gwo mèt tè yo, sou lòt bò genyen moun k ap sibi esplwatasyon an, sèf yo. Sèf yo te konn travay latè pou gwo feyodal yo, gwo mèt yo e sèf te genyen you ti moso tè kote yo plante pou yo ak fanmi yo.

Nan kalite sosyete sa-a fanm yo te pòtre, yo pa te gen pouvwa.

Menmjan ak sosyete primitif la ki pote jèm destriksyon li, vin fè plas bay sosyete esklavajis la, menm jan sosyete esklavajis la pote jèm pou pwòp destriksyon-l pou vin fè plas bay sosyete feyodal la, sosyete feyodal la li menm tou pote jèm pwòp destriksyon pa li pou fè plas pou sosyete kapitalis la.

Se developman nan endistri, pwogrè lasyans, dekouvèt machin ak vapè, bato ak motè ki vini pèmèt sistèm feyodal la vini pa ka fonksyone ankò se pou li fè plas pou yon sistèm ki pi avanse, sistèm kapitalis la. Sa rive nan sèten peyi Ewop, tankou Langletè. Diferan devlopman sa yo vin pèmèt peyi Ewòp tankou Angletè, Espay, Lafrans louvri zèl yo anpil kote nan zòn Amerik la, Azi ak Afrik pou tabli koloni, esklavaj ak destriksyon baz sosyal ki te ekziste nan peyi sa yo. Sistèm kapitalis la, mòd pwodiksyon kapitalis la li men tou gen 2 klas opoze ladan-li, gen eksplwatè yo ki se gwo boujwa e sou lòt bò-a gen klas eksplwate ki se ouvriye, travayè.

E se tout tan nou poze pwoblèm fanm yo, abi yo sibi nan sistèm kapitalis la, nan mòd pwodiksyon kapitalis la, ki baze sou eksplwatasyon travayè fanm tankou gason yo tou. Kouman travay fanm fè lakay tankou deyò pa genyen valè ekonomik yo ta sipoze genyen?

Yon etid sou valè lajan travay fanm fè nan travay nan kay Ozetazini, travay lave, pase, fè manje, fè makèt, okipe ti moun, balanse bidjè kay, montre si yon fanm t ap touche pa semèn, fòk yo ta peye li 793 dola 79 pou sa. Lè dirijan sistèm kapitalis la pa vle rekonèt vre pri travay fanm yo ( yo itilizi li pou detèminen pri travay gason yo) pri travay klas travayè a, nou wè kouman se ni fanm ni gason ki soti viktim sistèm kapitalis la, sistèm eksplwatasyon an.

Konsa nou wè koneksyon dirèk ki genyen ant jan pwodiksyon mache nan yon peyi, nan yon sosyete ak eksplwatasyon fanm yo, nou wè tou kouman diferan sosyete gade fanm, trete fanm yo. Nou wè apre sosyete primitif la kote fanm te jwe yon gwo wòl, tout lòt sosyete mòd pwodiksyon ki pase aprè yo kite  esklavajis, feyodal, kapitalis tout se sosyete ak klas yo ye, tout se sosyete kote fanm pa gen valè. Kesyon ki merite poze kounye a, se ki sistèm, ki mòd pwodiksyon ki ka garanti egalite pou fanm, ki ka pèmèt klas travayè fanm tankou gason kontwole pwodiksyon, kontwole peyi yo?  Ki jan fanm yo dwe goumen pou chanje sitiyasyon an?

Yon sèl solisyon pou rezoud kesyon esplwatasyon fanm yo, travayè yo, se dechouke sistèm kapitalis la, sistèm pouri sa-a.

Si nou kesyone jeneral listwa nou ka wè fanm kit se lakay Ayiti, kit se nan diferan peyi etranje ap goumen lontan e yo kontinye ap goumen. Fanm nan diferan peyi gen kèk jou depi y ap goumen pou egalite, pou dwa demokratik yo, dwa pou yo touche menm valè kòb ak gason pou menm travay lan. Fanm yo goumen pou genyen gadri pou pitit yo, pou yo ka ale travay, yo goumen pou yo gen dwa vote, dwa okipe plas enpotan nan politik, yo goumen pou yo gen plis kontwòl sou kò yo, pou yo ka fè avòtman lè yo panse sa  nesesè, yo goumen pou liberasyon peyi yo, yo goumen kont fòs enperyalis ki vle ousnon k ap domine peyi yo. Ak tout lit sa yo genyen sèten refòm ki fèt pou amelyore kondisyon fanm yo, men lit fanm yo dwe ale pi lwen. Fanm yo dwe reyalize ki sa ki sous pwoblèm yo. Yo dwe konprann, sous pwoblèm yo pa chita nan lefètke yo pa genyen sèten dwa tankou vote, dwa fè avòtman, elt… sous pwoblèm yo se sistèm kapitalis la, jounen jodia. Yon sistèm kote se yon ti ponyen k ap jwi sou do yon majorite, yon sistèm kote kontwòl prodiksyon machandiz pa nan men travayè, li pa nan men majorite fanm, majorite gason k’ap soufri, ki esplwate.

Yon sèl solisyon pou rezoud kesyon esplwatasyon fanm yo, travayè yo, se dechouke sistèm kapitalis la, sistèm pouri sa-a. Menm jan nou wè sistèm esklavajis la te kraze pou fè plas pou sistèm feyodal la ki li menm kraze tou pou fè plas pou sistèm kapitalis lan, konsa sistèm kapitalis devlope jèm pwòp destriksyon pa li e l dwe kraze pou fè plas pou sistèm sosyalis la. E wòl fanm yo se goumen pou mete kanpe sistèm sosyalis la, yon sistèm kote sa’k plante se li ki rekòlte, kote travayè fanm tankou gason kontwole pwodiksyon machandiz kote yo pa oblije vann fòs kouraj yo pou granmèsi.

Dechoukaj sistèm kapitalis lan pou mete sistèm sosyalis lan mande gwo goumen, gwo batay pou fanm yo kòtakòt ak gason yo. Fòk nou presize gason pwogresis, gason revolisyonè yo ki kwè tout bon vre fanm yo dwe genyen menm dwa ak yo, fanm yo fè pati klas travayè, klas eksplwate a. Pifò fanm nan sosyete a viktim yon doub eksplwatasyon: Tout dabò sistèm lan, mòd pwodiksyon kapitalis lan eksplwate yo. Plis, genyen mari, genyen gason ki eksplwate fanm yo tou. Tou de fòm eksplwatasyon sa yo konekte youn ak lòt men se eksplwatasyon fanm yo sibi nan sistèm kapitalis la ki prensipal paske se li ki enfliyanse rapò ant fanm ak gason yo. E nou menm fanm Ayisyen dwe reyalize orijin prensipal pwoblèm nou se jisteman divizyon klas ki fèt nan sosyete a, se jan peyi nou osinon peyi kote n ap viv lan, Etazini, òganize sou plan ekonomik epi sou plan sosyal ak politik. E kòm nan peyi isit tankou lakay ekonomi a baze sou esplwatasyon yon ti gwoup moun ap fè sou majorite a genyen nesesite pou nou menm fanm Ayisyen nou goumen pou yon chanjman radikal nan sosyete a anmentan n ap poze kèk pwoblèm patikilye nou menm fanm yo.

Fanm dwe reyalize se pa rete chita lakay, rete tann gason lite pou yo ki va garanti yo yon nouvo plas nan sosyete a. Se sèlman lè fanm yo va lite kòtakòt ak gason, yo va garanti liberasyon yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here