Occide Jeanty

0
1040
Occide Jeanty

Oksid Janti fèt Pòtoprens 18 mas 1860. Li te lekòl primè polimatik nan Koupo. Li te pase Lise Petyon. Fè mizik pou sèvi peyi l te toujou nan lide li. Se pou sa afè bon nèt lekòl pat gen anpil enpòtans pou li. Li te konnen bon nòt pa fouti regle tout bagay nan lavi yon nèg. Pou Oksid Janti, se pat tèt pa li ki te pase an premye. Nan tan sa a, peyi a ak tout pèp la te bezwen yon mizik nan enterè yo, e se sou sa li deside travay. Li te fè gwo jefò pou l te vin yon bon mizisyen, enstrimantalis ak konpozitè.

Rive yon lè, Oksid Janti jwenn yon bous pou al etidye an Frans. Li potko fè lontan deyò, gouvènman an bay lòd pou tout etidyan tounen an Ayiti paske li pat dakò ak atitid yo nan peyi sa a. Se konsa, Oksid Janti tounen an Ayiti epi yo rele l devan yon tribinal. Lè sa a, li pwoteste rèd kont akizasyon yo ak mank libète a. Devan sa, prezidan Salomon foure l nan rejiman lame kote yo te plis malmennen jèn sòlda. Lè sa a, Oksid Janti di tèt li fòk li sèvi ak mizik li pou regle moun ki t ap ba l baryè yo. Ositou, li deside konpoze yon seri mizik patriyotik. Ladan yo, se lavi sosyete ayisyen an li mete. Li pran pawòl ki sot nan nanm pèp la nan diferan aktivite epi li plake yo sou diferan estil mizik, sou yon kadans byen frape. Nan “1804” ki im, Oksid rele tout moun vin sèvi peyi a. Anpil moun rive di mizik sa a te merite im nasyonal, nan plas Ladesalinyen la.

Lè Meriken debake nan peyi a an 1915, yo mande chanjman nan mizik nou, menm jan yo t ap chèche kontwole ekonomi nasyonal la. Yo te vle mizik nasyonal yo konsantre sou aktivite lame sèlman. Oksid Janti di non, byen fò.

Yo sèvi ak sa pou fè li pèdi dyòb li nan okès militè peyi a, epi pou jennen pwodiksyon li. Poutan, Oksid Janti pa dekouraje. Li kontinye konpoze mizik nasyonalis toujou sou istwa peyi a. Men malerezman, tèm mizik yo pat pale sou sa ki t ap pase nan epòk okipasyon an ditou, yo te plis konsantre sou nasyonalis 1804 la sèlman. 

Kanmenm, mizik Oksid Janti yo te jwe nan kyòs sou plas piblik nan diferan vil. Yo te konn rale bòn, travayè, bòs mason, paske pitit peyi a te ka fè kò ak mizik yo. Kòm sitiyasyon ekonomik Oksid t ap bese, li vin bije bay leson epi akòde enstriman. Li vin gen mwens tan pou fè nouvo mizik. Nan yon sèten mezi, travay li te soufri malgre li te anvi fè pi plis. Tout jan, li kite yon dyakout byen plen pou nou. 

Atelye, vol 1 No 2, out 1980

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here