Nou se travayè

0
610

Nou se larivyè

Ki pap janmen teri

Nou se yon solèy

Ki pap janmen kouche

Nou se yon flanm dife

Ki pap janmen etenn

Nou se yon loray  

Ki pap sispann gwonde

Nou se travayè

Nou bati bèl kay

Nou rete nan kay pay

Se nou ki fè kabann

Men nou dòmi sou nat

Sou matla lajwisans

Pwofitè ap wonfle

Noumenm pòv travayè

Tou swe, tou bouke

N ap trennen lan mizè.

Nou se travayè.

Paske nou se travayè

Lespwa n gwosè latè

E nan priyè jouda yo

Se nou kab di amèn!

                 Tony Leroy

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here