Akayè: yon kokenn aksidan touye anpil moun

0
1022

Nan apremidi, jou mèkredi 28 avril 2021 an, yon kokenn aksidan, yon fwa ankò te frape komin Akayè sou wout Karyès la nan lokalite Williamson (Monwi). Fwa sa a, se de machin transpò piblik ki pou yon rezon oubyen yon lòt antre ankolizyon.

Selon premye temwayaj yo, se yon minibis Pappadap ki fè transpò Pòtoprens ak Senmak, ki t ap eseye double yon lòt otomobil, se nan zèfè initil sa a minibis la al frape yon lòt bis ki fè Gonayiv ak Pòtoprens ki te nan direksyon opoze ak limenm.

Pwoteksyon sivil ak Lakwa wouj te fè dilijans yo, yo pat pran tan pou yo rive sou plas aksidan pou yo te kab pote swen bay viktim yo. 

Bis Pappadap la ki te gen 15 moun, 14  te te pèdi lavi yo lapoula. Se plizyè wywayaj anbilans te bije fè pou pote yon latriye blese nan lopital Refòme nan Sentar ak nan lopital Nikola Aman nan Akayè.

Dapre dènye bilan otorite yo se 21 moun ki mouri ak 31 blese.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here