Nikòl, Monik ak Remon : Bon travèse !

0
1754
Lantèman twa polisye yo ki te tonbe anba bal bandi nan zòn Metivye

Kriye pa leve mò
Si kriye te leve mò
Antwàn ta gen tan leve

Pwovèb Ayisyen


Detan 2022 a t ap mare pakèt li pou l lage pye l pou l te kite plas la pou 2023, li te tou pwofite pase men pran plizyè konpatriyòt. Pami yo, ou te jwenn plizyè atis oubyen sila a yo ki te konn kore travay atis yo tankou Dada Dyakamann ki te manadjè Chlechle. 2022 a te pase men pran tou Sègo Jannwèl ak Filip Lavlanèt ki te jwenn men sòl pa yo. Lane 2022 te apèn disparèt pou kite plas pou 2023 a parèt, lame lanmò te gen tan pran devan pou l te parèt tèt li.

Depi sou 19 jou gen 3 jenn polisye ki tonbe anba grenn bal plizyè bandi nan zòn Metivye ak Franswa, ki pandye anlè nan tèt Petyonvil. Lik Elyezè 20 tyèm promosyon ki te gen 44 lane sèlman. Dikens Sejis 24 yèm promosyon ki te gen tan wè 37 rèkòt kafe. Jeral Oksinal 30 tyèm pwomosyon 36 lane. Rikens Estaniklas ki limenm disparèt tankou yon gwo kout zèklè nan 1apli latousen koumansman novann.

Mezanmi ooo, tren lanmò kontinye vale teren san fren anyen pa fouti fè l sispann fè nou kriye

Kèk jou apre depi l te fèk fin parèt 2023 parèt ak flanbo lanmò l tou limen pou l kontinye tenyen tiyon dife lavi anpil frè n ak sè n. Se konsa, nan jou ki te samdi 21 janvye a se te tou pa Nikòl Senviktò ki se yon rèn chantrèl pou l te mache bra dèyè detan lanmò t ap lapide l ak kout fwèt kach fè l chante tankou wosiyòl. Fòk ou ta di se randevou yo te pran paske menmjou a, flanm dife ki te pran nan kay li te fè Monik Dofen kraze yon kitesa brid sou kou nan Monreyal.

Mezanmi ooo, tren lanmò kontinye vale teren san fren anyen pa fouti fè l sispann fè nou kriye lè l pase nan lakou n. Se konsa nan pote boure angranjan, lanmò pote boure angranjan sou atis mizisyen chantè kou chantèz, fanm k ap defann dwa fanm. Pou koumansman 2023 a l gen tan anbake Remon Kajis chantè prensipal dyaz Bosa Konmbo sou bato Imamou pou l Mennen l al chante bonjan konpa nan peyi Alada.

Nikòl Senviktò

Kiyès Nikòl Senviktò te ye?

Nikòl Senviktò te di yon jou devan tout moun. Mwen pa gen tan ni pou m renmen ni pou m fè pitit. Tout tan m se pou m chante, se chante sèl ki pitit mwen. Pèsonn pa bezwen pèdi tan pou fè nnou konprann tout tan Nikòl se te pou l chante epi tout lanmou l se te pou chante. Anplis, Manzè te konn chante ak yon bèl vwa soprano li te genyen e se chante klasik li te konn chante. Li te pwofesè mizik tou nan anpil lekòl. Li se piti orijinal zantray tè Ayiti Toma.

Nikòl te vin sou tè sa a nan lane 1937 e l pati kite n jou ki te 21 janvye 2023 anvan grenn je sòlèy te vire do ban nou pou l te chavire pòpyè l al kache anba lanmè dèyè zile Lagonav. Si w te konn al nan konsè òkès Sent Trinite te konn ap bay yo. Ou pa fouti di, ou pat konn tande vwa Nikòl. Pwofesè ki gen bon tanperaman, Nikòl pat janm fè jeretyen lè pou l pataje konesans li ak lòt moun ki te vin aprann. Li te retounen nan peyi a an 1977 apre l te fin pase 13 lane nan plizyè peyi Lewòp

Pandan 22 lane l te konn prezante yon emisyon mizik klasik nan Radyo Nasyonal. Li te konn fè kou mizik ak kou chan nan plizyè lekòl tankou Lise Aleksann Dima. Enas, Inivèsite Kiskeya, Enstiti Etid ak Rechèch Afriken an Ayiti tout se kote Nikòl konn kontan pataje konesans li ak elèv ak etidyan. Minis Kilti a Madan Emeli Pwofèt Milse te voye kondoleyans pou fami l ak tout elèv li ak zanmi l yo.

Monik Dofen

Monik Dofen Fanm ki batay pou fanm

Se jou ki te lendi 23 janvye a Altèprès anonse youn fanm k ap goumen pou dwa fanm yo respekte travèse kou kout zèklè. Monik Dofen, yon fanm ki te ranmase tout  kouray li pou l mennen gwo batay pou dwa fanm respekte an Ayiti te wè lanmò ki debake lakay li nan Monreyal nan peyi Kanada. Se detan yo gwo flanm dife pete nan katye Awounoustik Katyèvil samdi 21 janvye a gwo malè sa a te rive sou li san klaksòn.

Kominote fanm ki pe defann kòz fanm Ayisyèn yo pran gwo kou ki pa ret ak koukou. Kou sa a fè anpil mounki te konn manzè  mal anpil. Monik Dofen mouri toufe paske lafimen te fè l pat ka respire lè flanm dife te pran nan kay li nan aswè 21 janvye a. Lè ponpye rive tout sa yo fè pou yo te ba l lavi aaaa anyen pat ka mache. Manzè pat gen okenn lòsyè souf ankò. « Se yon nouvèl ki fè moun mal anpil. Pesonn pat ka konnen si Monik te ka mouri tankou 1 poul konsa ». Se sa sosyològ Ayisyèn ki rele Danyèl Maglwa, youn nan responsab òganizasyon fanm Kay Fanm te reponn kesyon jounalis.

Remon Kajis

Nan memwa  Remon Kajis

10 avril 1947- 24 janvye 2023 se jou katchapika lanmò koupe kòd lavi misye nan kalfou si m te konnen nan Eta Florid Ozetazini. Yon gran chantè ki te maton nan chante, e ki te parèt tèt li nan lane 60 ak 70 yo. Remon se yon konpozitè kite alèz nan konpoze mizik konpa. Nan gwoup mizik minidyaz ki rele Bosa Konmbo a, bolewo l yo se te bagay dous ak kanaval li yo se te toujou leve danse.

Yon mo, yon pawòl, yon chita pale pou di yon bèl Ayibobo Ochan pou fè yon bèl veye ak yon bèl lantèman. Bèl  pou voye Remon Kajis ale, menmsi bèl mizik li yo ap toujou rete pe kònen twou zòrèy nou. Jwe yo. Sonje pawòl ak blag li rakonte nou. Raymond ap monte kote van loko pa ka pouse l. Se sèl vibrasyon Lanmou ki ka mennen l ale. Fanatik bonjan konpa ap toujou sonje Remon Kajis.

Menmjan yo te fè sa pou Nikòl Senviktò, Ministè Kilti voye yon bèl ochan pou Remon Kajis ki travèse apre l fi pase 75 lane ape feraye sou tout latè. Ochan pou Remon Kajis, pou tout bèl ak bon mesaj li te pote ba nou. Mèsi Remon, ou mèt ale pou w al kontinye chante tout bèl chante w yo. Kontinye chante kòm si tout mizisyen Bosa yo te kanpe dèyè w ape mache yon bon Konpa pi dous pase Nemou ak Siko a.

Jan Jesnè Anri (Koupe Kloure)

1998-2023 : 25 lane Koupe travèse

Jan Jesnè Anri, tout moun konnen sou non Koupe Kloure, te fèt nan lakou Leyogàn jou ki te 10 me 1925. Anvan li te kòmanse jwe mizik, li te konn jwe foutbòl pou ekip Bèlè a ki rele Èglenwa a kòm defansè. Dayè se nan jwèt foutbòl la menmmenm non Koupe Kloure a pral vini. Kòm mizisyen, Koupe Kloure te vini ak pwòp estil pa l. E ou te mèt vire kò w tounen kò w se li sèl ki konn sekrè a. Estil pa l ki rele Konpa Manba a se limenm sèl ki konn sou ki pye pou l kanpe pou l moulen l.

Se ak estil mizik pa l sa a, li pral konstwi youn nan pi bèl karyè l jouk li rive jwenn tit la ak tout bèl kouwòn sa a ki konsakre l kòm wa gen tit Wa Koupe. Ministè Kilti ak Kominikasyon nan lokazyon sa te bay yon bèl ochan pou Wa Koupe ki te kite nou 29 janvye 1998. Menmsi wa a travèse, men kouwòn nan toujou rete nan chak mizik li te konpoze yo. E gen nan mizik sa a yo tankou Miyanm Miyanm, 50 lane apre w ap tande l se kòm si se te premye fwa. Mizik sa a dous si w konn yon gwo barik siwo siwolin.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here