MOLEGHAF denonse Akò politik pou yon tranzisyon pasifik ak òdone a !

MOLEGHAF denonse Akò politik pou yon tranzisyon pasifik ak òdone a marande ak sitiyasyon sosyo-ekonomik katastwofik enperyalis meriken mete mas yo.

0
115
MOLEGHAF denonse Akò politik pou yon tranzisyon pasifik ak òdone a marande ak sitiyasyon sosyo-ekonomik katastwofik enperyalis meriken mete mas yo!

Yon lòt fwa ankò ansanm Òganizasyon ak pati politik, ki makonnen ak sosyete sivil anwo yo, san respè pou mas yo, drennen oprime yo nan yon twou san fon, ki pote non: Akò politik pou yon tranzisyon pasifik ak òdone.

Aprè plis pase 13 lane dominasyon ak ekplwatasyon rejim politik neyodivalyeris PHTK a, ak enperyalis meriken, nan bay KARIKOM jwe wòl entèmedyè, renouvle pouvwa pati ak òganizasyon politik kriminèl sa yo. Li ofri yo tout privilèj ak avantaj posib pou kontinye ran pitit zantray manman libète a, Ayiti, soufri pi plis anba tray ak tribilasyon li yo. Konbyen tan pou konplo sa pran ankò?

Tout diskou ak revandikasyon SALI PIBLIK tonbe. Tout diskou ak revandikasyon pou te akouche yon tranzisyon KOUPE FACHE tonbe. Mas popilè yo twouve yo nan yon sitiyasyon kote se sèlman diskou enperyalis la, pou tanmen yon tranzisyon pasifik nan livre yo, ki rete sèl kòk chante nan moman an. Sa parèt klè tankou gout dlo lapli, ennmi mas popilè yo nan pwòp peyi l ; sa vle di, ennmi mas oprime yo al chita ak KARIKOM rasis pou kale yon tranzisyon separe gato sou baz pou misyon miltinasyonal sekirite yo antre nan peyi a.

MOLEGHAF pa dakò, sou nenpòt fòm, pou fòs okipasyon antre sou bout tè papa Dasalin lan. Kontrèman ak gwoup, Òganizasyon ak pati ki nan tranzisyon pasifik anba òdonans enperyalis meriken. Poutan, n ap kontinye afime pozisyon nou kont tout gwoup ame ki sou kontwòl boujwazi ak CORE GROUP k ap simen latwoublay, touye malere ak malerèz, ki fin pase tout mizè yo nan izin faktori, nan mache piblik, nan kanpe nan lari pou vann kichòy detaye menm sistèm k ap pwodui lanmò san kontwole yo.

Sèl solisyon Mas yo se endiye epi revòlte anba prensip zansèt nou yo nan seremoni Bwa kayiman, ak Jan Jak Desalin nan Krètapyewo. Menmjan Papa Nasyon an Jan Jak Desalin te di : « tout moun ki vle rete esklav sòti nan Fò a, tout sa ki vle mouri kòm moun lib rete nan bò kote l ». Nan sans sa a, MOLEGHAF ap di tout gwoup ; Òganizasyon ak pati politik ki vle rete esklav CORE GROUP ak KARIKOM, se pou mas yo vomi nou. Tout òganizasyon ki vle kanpe djougan nan respekte eskanp figi yo, rete bò kote Mas yo.

Dekrè san koutcha, san fwa ni lwa, ki bay dènye kout siflè pou fòs okipasyon antre nan peyi a pandan Òganizasyon ak pati goch dwat yo koube anba dokiman kriminèl sa, pwouve klè se Konze yo ye. Istwa gen pou jije tout eleman dwat kostim goch, sosyalis ti boujwa ki te aksepte ale sou chimen KARIKOM lan pou likide peyi a ak tout espwa mas yo ki pa janm sispann fin rann bout souf yo anba kle kou enperyalis meriken ak alye li yo. Yon lòt fwa, Mas yo pran nan yon zak trayizon. Kreyon istwa pa gen gòm !

Nanpwen nouvote pou pèsòn k ap viv sitiyasyon katastwofik sa k ap bwase tout jèvrin klas moun ki pi mal yo. Dènye evènman san parèy CORE GROUP pwovoke nan dat 29 fevriye a, pa yon ze kale san kouve. Gwo monte sèn masak, lavichè, revokasyon ouvriye, travayè, fè dappiyanp sou tè peyizan, pa yon fè pwodui brit sou kou. Se tout yon ansanm revandikasyon pou chanjman lavi nan tout dimansyon koze a ki mennen kriz la la. Mobilizasyon malere ak malerèz nan Izin faktori yo pou akonpayman sosyal, salè, jouk patwon sa yo rive fèmen pòtay, epi voye yo lakay yo san pri avi, ki akouche kriz la nan tout nivo sa. Fò n pa bliye, se kout rèl peyizan san tè toupatou nan peyi a, pou denonse grif gwo envestisè miltinasyonal yo sou do yo, nan vòlè tè pou fè Izin endistri ki kale sa n ap viv la. Pou n fini sou rapèl sa, fòk nou sonje se rezistans mas defavorize yo, kont pwojè nèg ak fanm gwo zam lagè nan tout depatman lwès, zòn metwopolitèn lan, pou fè yo kouri kite espas kote yo fonde lavi sosyal, kiltirel, ekonomik yo a, ki rapousib kriz pikan kwenna sa a. Kouman yon Akò politik fè pa konsyan sou tout eta gravite sitiyasyon sa ye la, pou li pa tande ni ak wè, se retounen mas yo sou menm chimen maleng lan? Sou vwa demokrasi boujwa ki t ap toupizi oprime yo depi plis pase yon dizèn (10) lane. Se pase anba pye souvrènte ak oto detèminasyon pèp sa nan fè li vale san kraze enpozisyon yon misyon miltinasyonal sekirite pou vin mete chita pi byen enperyalis meriken nan peyi a, epi fè n aksepte ak vizyon, misyon tranzisyon an.

Pandan klas kapitalis anvayisè a fin febli pwodiksyon agrikòl ayisyen an ak redui yon bon mwatye nan peyizànri a, preske tout peyi a te blije plonje nan Izin faktori pou repwodui lavi yo.

Boutofen, depi nan mwa janvye pou rive avril 2024, mas yo te deja ap fè yon veritab rezistans wòdpòte douvan yon enflasyon ki depase 22.9%. Chak jou anplis yo pa gen rapò ak lajan pou konbat monte pri sa y ap manje, bwè, abiye, san konte kote pou yo rete. Kondisyon vi yo vin pi malouk. Ouvriye yo, travayè yo, peyizan yo, ti machann yo, anndan yon kriz jeneralize. Pandan klas kapitalis anvayisè a fin febli pwodiksyon agrikòl ayisyen an ak redui yon bon mwatye nan peyizànri a, preske tout peyi a te blije plonje nan Izin faktori pou repwodui lavi yo.

Toutfwa pwodiksyon agrikòl ayisyen an paka kanpe sou anyen, peyizan yo pa te gen lòt chwa, livre yo bay boujwa yo epi depann manje kolonyal la. Sa ki lakòz malgre enkapasite sistèm lan, l ap chache fè envestiman pou kontinye kenbe menm mas oprime sa yo nan yon esklavaj san parèy. Malere ak malerèz yo paka rete nan kabann.

Depi douvan bren lè lanjelis bay do pou solèy leve fòk yo pete kouri pou rive nan pòtay Izin lan, pou al sove jounen travay la. Aprè lè pou yo tounen lakay yo, tout fòs kouraj yo ki gentan fin epwize nan wouke anba machin Izin yo. Malgre tout kalkil, sa pa anpeche kondisyon lavi yo pa pi anvlimen. Si n ap konstate jounen jodia, preske tout Izin sa yo fèmen nan depatman lwès la.

Ouvriye ak travayè yo lage bra pandye. Chomaj la vin ogmante pi plis. N ap fè fas ak yon ogmantasyon lavi nan popilasyon yo ki san parèy. Pandanstan, genyen anpil moun k ap mouri tou paske yo paka reponn ak mizè fewòs sa a. Nan tout istwa lavi moun nan peyi Ayiti, jan tout moun ap konstate li a, se premye fwa mas yo rive desann nan yon pwen parèy. Kondisyon materyèl ak ekzistansyèl yo degrade. Kesyon moun lan vin pa gen okenn enpotans sou ti bout tè sa a.

Fas ak sitiyasyon trajik mas yo ap fè fas la, se pou yo endiye epi revòlte pandan MOLEGHAF ap kontinye gen yon sèl vizaj nan lit istorik la.

David Oxygène
Sekretè jeneral MOLEGHAF

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here