Reyaksyon Jimmy “Barbecue” Cherizier sou kèk move zak lapolis la

0
3105
Chef lapolis Frantz Elbé ak Jimmy Cherizier

Jodi mèkredi 5 Oktòb 2022 a, Jimmy “Barbecue” Cherizier, pòtpawòl Fòs Revolisyonè G9 Anfanmi ak Alye, voye yon mesaj pou pèp ayisyen an pou l siyale opinion nasyonal la, Lapolis la ap pran yon move wout.

 

Cherizier fè konnen, Lapolis la ap sèvi ak yon pakèt endividi fòs fènwa pou fè yon latriye travay sal nan peyi a, tankou sa te konn fèt ak Tonton makout yo sou rejim boutdi Divalye a, ak zenglendo yo sou Franck Romain/KNG, ak atoufè eskadwon lanmò FRAPH yo sou rejim koudeta Raoul Cédras/Michel François a.

Cherizier pwofite voye yon gwo pinga pou chèf Lapolis la, Frantz Elbé. Li fè l konnen, se limenm k ap responsab tout zak kriminèl lapolis la, paske gen kèk polisye ki pran plezi, mete yon pakèt kriminèl sanfòmasyon, san inifòm, sanfwanilwa nan cha yo pou sasine pèp la, poutèt l ap revandike dwa l,  goumen pou chanje kondisyon lavi l. Se nan sans sa a, manifestan yo rive menm mande : « pou Ariel rache manyòk li, bay tè a blanch » ki se yon premye pa nan batay revolisyon total kapital la, anvan pou pèp la rive debousole sistèm pezesouse.

An n koute !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here