Mas 2023: Akawo 173 lane, Masak Pyat 33 lane!

0
1584
Gwòt Joli kote Janjak Akawo te kache a

Moun po nwa ki gen kòb se milat
Tout milat ki pòv se moun nwa
Pawòl Janjak Akawo

Se te nan yon twou wòch yo rele gwòt Joli ki nan 2yèm seksyon komin Ansavo nan Depatman Nip, Lwijan Jak Akawo, majòjon Pikè yo te touye tèt li, jou ki te 11 mas nan lane 1846. Janjak Akawo se te pigwo chèf mouvman Pikè yo ki te pran zam pou goumen kont sistèm pezesouse a pandan 3 lane soti 1843 pou rive 1846. Fòk nou di tou depi tan lakoloni moun anlè yo te toujou konsidere mas popilè yo kòm esklav kòm machpye yo pou yo te ka fè milya.

Lè nou di sa a, sa vle di mas popilè yo la pou travay kou bourik pou kreye richès pou moun anlè yo galonnen sanfren devandèyè san gade dèyè. Yon bon maten nan lane 1843, Janjak Akawo te pran zam kont enjistis, abi ak lòt kalte kalamite tchoul ki nan tèt pouvwa politik la ki se gwo defansè sistèm nan t ap fè peyizan an yo sibi. Batay kont sistèm pezesouse a pat janm fasil parapò ak toutè l genyen nan klas mwayèn restavèk la ak ansasen sanfwanilwa li te genyen tou nan lame kraze zo a ki te osèvis li.

Lè Janjak Akawo te manche zam li ak anpil lòt peyizan pou yo te chache dechouke sistèm nan, li te bijo al kache nan yon twou wòch pou reyaksyonè yo pat met lapat sou li. Detan l nan two wòch sa a, kote l te al krab kò l la sou bitasyon Joli a, li te sispèk jandam militè ak ansasen nan lame anraje krazezo Janbatis Riche a ki te prezidan nan epòk sa a.  Men, se nan koute pawòl ki sot anba bouch anpil nan abitan nan zòn nan ki pèmèt moun yo konnen ki kote Akawo te kache ekzakteman.

Nan Gwòt Joli a

Se te nan gwòt Joli a menm Akawo te mouri. Anplisdesa, anpil moun rapòte tou se misye ki touye tèt li. « Men sa k fè l te touye tèt li, se paske l te wè l pat lwen pou yo mete lapat sou li. E li te sèmante li pap kite yo pran l touvivan pou kriminèl nan lame pouvwa a al fè l pase mizè ak kalamite ». Nan twou wòch kote l te kache a se yon abitan ki te rele Kleren, ki te konn pote tout bagay bay misye tankou zam, minisyon, manje, dlo elatriye.

Gen yon toutè ki te vin denonse Kleren epi kriminèl pouvwa a yo te vin arete l. Yo te tèlman fè misye pase mizè, maltrete l, matirize l, pitit li yo te reziyen yo mennen lame Riche a kote papa yo te kache a yon jou madichon ki te 11 mas 1846 la. Kote Akawo te kache a, li te gentan limenm wè jandam Riche yo. San l pa reflechi, li tire tèt li e li te mouri kèk minit apre. Pou limenm se te sèl fason pou l pat kite lènmi an met lapat sou li tou vivan.

« Fòk nou di tou Akawo pat rete lontan nan twou wòch sa a, kote Kleren te mennen l al kache a pou l te mennen batay rezistans kont Riche a. Se te 3 ou 4 jou sèlman, pa plis pase sa. Kounyea, se nan gwòt sa a anpil moun al fè degre yo, epi depoze ofrann pou lespri sa a lidè rebelyon peyizan an yo vin ye a depi lane 1843 ». Se konsa istoryen Michèl Ektò te rakonte istwa a nan liv li ekri sou Patisipasyon Popilasyon an nan kriz 1843-1848 la.

Kadav Janjak Akawo pigwo lidè nan batay Peyizan yo nan epòk la te rete nan twou wòch nan Jolia nèt. Se konsa chak lane k pase pil tè desann nan gwòt la, lè lapli tonbe vin  kouvri kò a nèt. Pou koze sa a menm se Wesnè Kamilyen (1929 – 2017), yon sitwayen Titwou Nip ki te konn istwa zòn nan byen ki te di sa. Sòlda kriminèl Riche yo te koupe tèt Janjak Akawo apre misye te fin touye tèt li a e yo te pote l l nan kazèn Titwou a kòm prèv li mouri vre. Apre sa yo te vin antere tèt la nan simityè lavil la.

Batay Pikè yo

Nan tout listwa l, Ayiti fè fas kare ak plizyè gwo kriz kote Mas Popilè yo te leve kanpe, frape pye yo atè pou yo te mete sistèm pezesouse a ajenou. Nan 4 gwo kriz sa a yo, se sa 1843-18481867-18701908-1915 ak 1986-1994 yo ki te pi malouk. Nan toulekat kriz sa yo, se toujou Pèp Souvren an ki toujou leve kanpe pou l di Abraam di sètase, li pa kapab ankò ! Se nan konsa tou yon bann Peyizan nan Sid pral leve kanpe sou lobedyans Janjak Akawo.

Depi dikdantan, Pèp Souvren an te toujou leve kanpe tankou Pikè yo te fè l ant 1843 ak 1848  pou yo chache dechouke sistèm pezesouse sa a ki toujou sèvi ak katchapika lavichè pwazon lamizè grangou ak soufrans kòm pi gwo zam pou depafini ak lavi yo. Menm jan ak reyalite jounen jodi a depi 1843, tout kondisyon yo toujou reyini pou Pèp la leve kanpe pou dechouke pwazon vyolan sa a yo bay pou oligachi dlo pote vini a. Epoutan malgre tout larivyè san ki koule deja, kondisyon lavi yo vin pi angrave chak jou piplis.

Malgre tout pil sakrifis Pèp la fè, olye ti Mari ta monte, reyalite montre pito l fèk kare desann. Konsa, tan youn nan rejim politik ki te pase yo pat fouti geri java ki rele pwoblèm k ap depafini ak Mas Popilè yo, epi pou yo ta jwenn yon lavi miyò. Tout kriz sa a yo se te sitou gwo falèz ki te fouye an moun anwo ak moun anba a yo ki te akouche yo. Sa k pi grav la menm klas tilolit sa a yo, ou tande rele moun anwo yo, sitou sa dlo afè pa bon pote vin chwe pa bò isit yo, sa fè prèske 2 syèk.

Malgre tout batay sa a yo Oligachi reyaksyonè yo sèmante yo ta pito Ayiti fin disparèt pase pou yo ta kite Pèp la jwenn posibilite pou l ta resi rale yon ti souf anba kalvè ak kalamite pou l ka rive viv tankou moun tout bon dwe viv nan lonè ak diyite. Moun anlè yo di apre yo se yo, ou byen si se pa yo l, li pa dwe pèsonn ankò. E apre yo si se pa ta yo Ayiti mèt peri anba grif bandi jan n wè sa ape pase jounen jodi a kote vyolans fè 5/5 24/24.

Masak Pyat 12 mas 1990, kote kriminèl yo te masakre 11 peyizan epi boule plis pase 375 kay

Malgre tout goumen, tout batay Mas Popilè yo mennen mafya Siwolibanè yo gen ta rive pran anpil rasin sou bout tè Papa Desalin nan depi 1830 kote dlo afè pa bon te mennen yo vin chwe la a. Klas moun anlè yo toujou marinen gwo konplo divizyon nan mitan Mas Popilè yo. Anplis yo rive mare konfyolo depi sou jeneral nan lame pou rive sou ti jandam nan lame kraze zo a pou kontinye kraze zo tout sa k ta vle met tèt yo ansanm leve kanpe epi mobilize pou reklame yon alemye.

Masak Pyat 33 lane apre

Masak Pyat la se toujou batay ant grandon ak peyizan pou koze tè ki te mennen la. Mas 2023 fè 33 lane apre masak ki te fèt nan Vilaj Pyat yon lokalite nan Latibonit. 33 lane apre Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen kontinye ap mande jistis pou viktim yo. Jou ki te 12 mas 1990 la, sou gouvènman Èta Paskal Twouyo a, 30 militè kriminèl nan lame makout Jeneral Abraam nan te monte nan Vilaj Pyat kote yo te sasinen anviwon 11 peyizan. Anplisdesa menm kriminèl an zèpolèt yo te pike dife nan plis pase 375 kay ki te kankannen rapyetè.

Se yon gwo goumen pou tè ant grandon ki te bezwen pran tè ti Peyizan yo ki te lòtè masak sa a. Nan konsa, jou ki te jedi 12 mas 2023 an, Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen te fè yon mach nan lari pou yo te reklame jistis ak reparasyon pou 11 peyizan militè makout jal Abraam yo te sasinen yo. « 12 mas 2023 sa a fè 33 lane depi ti peyizan Pyat yo ap mennen gwo batay pou yo ka rive jwenn jistis pou 11 tokay yo lame te sasinen » Se sa Kastra Dòvil te deklare lè sa a nan non Peyizan Pyat yo.

Nan lane 2003, gen yon òdonans ki te soti nan zafè sa a. Lè sa a te gen nèf akizasyon ki te soti kont 53 nan ansasen yo ak lòt kriminèl ki te gen pat men yo tranpe nan masak sa. Nan mitan yo, ou  te jwenn jeneral Pwospè Avril (sa pap pa la, menm jan nan vèp Jeremi an), Anri Wobè Makchal ak anpil lòt grandon ansasen ankò. Men se sèlman 9 nan kriminèl yo lajistis nan Latibonit te reyisi fouke epi mete nan prizon.

Malerezman jou ki te 29 fevriye 2004 la nan lokazyon panzou Bouch (pitit) ak Chirak te fè kont Titid la prizon Gonayiv la te kraze. Tout kriminèl ki te fè masak Pyat yo te pwofite chape poul yo mande pye yo ki sa yo manje yo pa ba yo. Nan mwa janvye 2005, swa yon lane apre Koudapèl nan Gonayiv te deklare òdonans sa a pa vo kakarat dèyè bwèt. Sa te lakòz pou jis jounen jodi tout kriminèl yo tankou Pwospè Avril ape flannen tout jounen nan boul figi fanmi viktim yo. Jandam wi yo di w !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here