Mas 2013-mas 2023 : Koumandan Chavès 10 lane travèse

0
1192
Koumandan Hugo Chavez

Jou ki te dimanch 5 mas la te fè 10 lane depi koumandan Chavès te travèse. Nan lokazyon sa a, yon latriye òganizasyon te reyini nan riyèl Bèn nan, nan lokal Aso a pou te komemore dat sa a. Kolektif Òganizasyon Pwogresis Ayisyen pou Solidarite ak lòt Pèp (KOPASP), Asanble Pèp Karayib yo (APK-Ayiti), Mouvman Sosyal ALBA (Chapit ALBA) te met ansanm pou te bay gwo kokennchenn gason sa a yon bèl ochan  l byen merite.

Ekspozisyon foto, gwo deklarasyon, anpil temwayaj, prestasyon atis angaje ak patisipasyon òganizasyon sa a yo ki te pran inisyativ la. Men pozisyon yo nan okazyon 10 lane lanmò sispèk prezidan Hugo Chavez la. Chapo pou kanmarad Chavez !

5 mas 2013, 5 mas 2023 fè egzakteman 10 lane depi kanmarad nou prezidan Hugo Rafael Chávez Frías (Hugo Chavez) travèse.

Lanmò sispèk prezidan Chavez la rive nan yon kontèks kote Sosyalis 21yèm    syèk chavis yo t ap tabli nan peyi Venezyela a t ap pran anpil kou anba grif enperyalis meriken. Prezidan Chavez te dirije peyi Venezyela nan lane 1999 pou rive 2013, kote li te koumanse mete chita yon pouvwa sosyalis. Kèk moman enpòtan nan lavi kanmarad Chávez ak pouvwa sosyalis 21nyèm syèk la.

Chavez ak ekip li òganize 2 tantativ koudeta popilè kont ansyen Prezidan Carlos Andrés Perez nan dat 4 fevriye ak 27 novanm 1992. Nan moman sa a, Chavez t ap dirije Mouvman Bolivaryen Revolisyonè 200 (MBR-200). Tantativ koudeta 4 fevriye a te lakòz li fè prizon pandan plizyè lane. Men ekip MBR-200 an te kontinye batay la. Nan plede batay san rete Chavez vin jwenn bon jab rezilta.

Se nan konsa, nan lane 1998, Chavez eli prezidan. Se nan moman sa a li tanmen yon seri refòm nan peyi Venezyela. Pou mete chita sosyalis venteyinyèm syèk la, pouvwa Chavez la bay Venezyela yon lòt konstitisyon ki chita sou yon demokrasi patisipativ. Konstitisyon sa a konsakre nasyonalizasyon antrepriz estratejik yo, li tabli 5 pouvwa nan peyi Venezyela.

Pouvwa egzekitif, pouvwa lejislatif, pouvwa jidisyè, pouvwa elektoral ak yon pouvwa sitwayen. Konstitisyon an garanti dwa edikasyon ak lasante gratis epi li bay sitwayen yo dwa pou revoke eli yo anvan manda yo fini si yo pa fè travay yo osnon si yo vyole lalwa. Nan dat 11 avril 2002, enperyalis meriken ak fòs reyaksyonè lokal yo te bay Chavez yon koudeta.

Nan menm moman an, enperyalis meriken gentan apiye koudeta Pedro Carmona te bay pouvwa a. Men pèp la ak yon pati nan lame a te leve kanpe nan tout peyi a. Nan 2 jou sèlman, yo te oblije remèt Chavez pouvwa a. Nan dat 14 desanm 2004, Prezidan Chavez nan tèt kole ak prezidan Castro, lanse pwojè Alyans Bolivaryèn pou Pèp Ki nan Amerik yo (ALBA).

Pwojè ALBA a se pou pèmèt yon veritab entegrasyon ant pèp ki nan Amerik Latin ak Karayib la. Epi tou pou konstwi yon nouvo lòd entènasyonal miltipolè anfas Zòn Lib Echanj ant Amerik yo (ZLEA) ki te gen enperyalis meriken dèyè li. Pwogram ALBA a antre aplikasyon nan dat 28 avril 2005. Se nan kad pwogram ALBA a, Kiba ak Venezyela te lanse operasyon mirak la ki te pèmèt yo opere plis pase 2 milyon moun nan je nan mond lan san yon pyas.

29 jen 2005, pouvwa Chavez la lanse Akò Petwokaribe a. Men Ayiti te vin manm li apati 2008. Akò Petwokaribe a se volè enèjetik pwogram ALBA a. Men mafya ki te pran tèt Leta a nan peyi Ayiti te gagote lajan Petwokaribe a
Nan lane 2007, Chavez mete kanpe Pati Sosyalis Inifye Venezyela (PSUV an franse).

Pati sa a rasanble divès fòmasyon politik nan goch la nan peyi Venezyela
Nan dat 19 rive 21 novanm 2009, nan yon rankont entènasyonal plizyè pati lagoch te reyalize nan vil Karakas Venezyela, Hugo Chavez te lanse yon apèl pou mete kanpe « Senkyènm Entènasyonal la. Nan lane 2012, Chavez pran yon katriyèm manda, men li pat gentan enstale. Maladi kansè sispèk la te pote l ale nan dat 5 mas 2013.

Jounen jodi a ankò, enperyalis meriken kontinye ap fè anpil atak kont pouvwa sosyalis la nan peyi Venezyela. Men, pèp la kontinye reziste. Pabò lakay nou an Ayiti, yo tabli yon pouvwa maryonèt epi y ap fè pèp la monte yon masuife anba gang pwograme pou kenbe dominasyon yo sou peyi a. Nan okazyon 10 lane lanmò sispèk prezidan sosyalis Hugo Chávez la, KOPASP, APK ak Chapit ALBA Ayiti voye yon gwo kout chapo solidarite pou pèp venezyela a ak tout gouvènman Maduro a.

Guy NUMA pou KOPASP, Bruno SAINT HUBERT  pou APK-Ayiti, pou
Chapit ALBA Ayiti, se Micherline Islanda ADUEL

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here