Mache Ri Rigo : Yon bèl istwa lanmou

0
1730
Mache nan Ri Rigo, Petyonvil

Manman n voye n peze kafe ooooooooooo
An arivan nan Ri Rigo yon jandam arete n
Mezani anmwe sa n va di lakay lè n va rive
                            Chan tradisyonèl Ayisyen


Nan Ri Rigo nan Petyonvil se yon bèl istwa lanmou ki pe pase 24/24 7/7. Lè nou pale sou Ri Rigo, se pa Ri 3 Frè Rigo ki nan nannan lavil Okay. Non se pito ri Rigo nan mitan kè Petyonvil la. Ri sa a koumanse pi ba Pak Sent Terèz la, ou rantre adwat lè n ape monte soti Jivèna. Pi devan, ou l pral kase yon koub epi ale tou dwat pase nan wonpwen an al bout nan yon mi nan Ri Goula apre l fin fann estasyon Meyòt la an de.

Se sou pati sa a nan ri a, nou pral pale. Li pa twò long pase sa. Apèn si l longè 200 mèt konsa. Sa nou kab pa konnen, pou bagay ki pe pase 24/24 nan 200 mèt ti bout ri sa a se kòm si l te menm longè ak 250 kilomèt. Sa ta ve di l ta menm longè ak wout ki pou mennen w jis nan Baryè Boutèy nan vil Okap. Kòmn sot di nou, nan ti bout sa a nan Rigo se la bèl istwa lanmou sa a koumanse chak jou e ki pa janm sonje fini.

Li pase nan mitan wonpwen an pou l rive nan kalfou Ri Manyi kote konpayi Teleko a te ye a. An n di si w ta bay ansyen lokal Teleko a do kòmkwa ou ta met tèt ou sou lanmè men ki kote l ye. Nan 2 ti bout pati sa a yo ki nan mitan 3 ri sèlman swa Ri Gregwa ki glise densann soti anba bab Senpyè, Ri Jefra ki soti nan do Senpyè file desann nan Koloni ak Ri Manyi, se pa ni de ni twa koze.

Alòs, istwa lanmou nou pral pale n nan se pa yon lanmou konsa konsa l ye. Gendelè gwo kamyon chaje kou Papa Legba ak machandiz tout kalte konn pèdi fren pote boure sou ti machann yo pòdyab. Lè konsa bèl Istwa lanmou sa a konn chavire bònèt li an bèl istwa lanmò sanzatann. Ni tou se pa menm kalib lanmou lachè n konprann nan. Se pito yon lanmou espesyal. Se yon lanmou n pa janm wè nan tout vi n. se yon lanmou teyat nèt.

Youn nan kote n pi renmen pase paske se tout lavi sosyete a k ap dewoule la si w konn yon fim sinema ki pa janm fin pase kote w jwenn tout kalte aktè rich kou pòv, fanm kou gason. Ou byen yon fim sinema k ap pase lajounen kou lannwit san youn nan aktè, ni aktèz yo pa janm menm santi yo ti zing fatig. Ri Rigo nan Petyonvil se pa sèlman yon bèl istwa lanmou n pa ta janm panse. Se yon bèl ansiklopedi kote w jwenn yon tyaka antwopoloji, sosyoloji, etnoloji, epsikoloji, sitou ekonomi nan sektè enfòmèl la ak anpil lòt kalte ji ankò.

Gagè kowona ak fatra

Yon maten mas 2020, n kite lakay nou byen bonnè pou n desann lavil al bouske lavi. Epòk sa a kowoperan loksidan zantray kayiman te apèn pote yon èd imanitè yo te rele kowona pou Ayiti nou an.  Kowona sa a w tande a se yon gwo apse fin pouriti yo te vin plante byen fon sou yon lòt maklouklou ki limenm te kloure nan yon kwa kalvè ki rele ensekirite ak kidnaping. Kowona sa a w tande a se ta dwe dènye grenn kou ki ta dwe fin sasinen koukou ki rele lavi ti nèg an Ayiti.

Gouvèman nan epòk la te tèlman kontan kowona pral ba yo yon souf ak pil manifestasyon tout jounen kote popilasyon an t ap mande kot kòb Petwo a pase ak lavi miyò pou pitit yo? Sa k te pi komik la minis TPTK a te gen tan pran tout radyo ape klewonnen pra l gen 150.000 kadav tou vivan ki pral trepase chak jou ki jou nan grif maladi pichon sa a yo bay pou kowona a. Wi 150.000 kadav chak jou se gwo madichon sa a gouvèlman an te bay pou fè moun pè.

Enjenyè Sennsi Nadè ki te minis TPTK te gen tan fè kòm Antwàn nan plenn Gonmye ki wè pi lwen pase grenn pwonmennen. Tout mam nan gouvèlmana an te gen tan louvri ponp finèb epi louvri izin sèkèy tout longè tout gwòsè. Men sa nonm nan te swete pou bèlmè l se nan dengonn manman l l al ateri san frennen kou kamyon chaje ki pèdi fren. Sa yo te espere pou fè yo fè mago a pat rive vre.

Nan bout ri Rigo

Nan tibout Ri Rigo sa a se pa ti koze sèlman, se gwo koze 24/24. Moun sou moun, mouch sou mouch, mouch sou moun tou. Moto sou moun, moun sou moto, machin ape monte sou ti machann. Machin ape monte sou moun ki vin achte, machandiz sou moun, moun sou machandiz, konmès sou tèt machann, pratik ape monte sou komès moun. Si yon reyalizatè ta bezwen monte yon fim ki ta rele Ri Rigo yon bèl istwa lanmou, li pa menm bezwen pèdi tan l fè kasting.

Li pa menm bezwen fè okenn repetisyon paske tout aktè yo, machann kou kliyan, pi maton nan enpwovizasyon pase si yo te fè repetisyon apre yon fin aprann eskrip yo pa kè. Nan fim sa a ki rele Ri Rigo yon bèl istwa damoun ant aktè yo byen reyèl, yo natirèl, yo vivan byen vivan. Aktè yo pa menm bezwen pyès makiyaj, ni perik, ni kostim, ni ekleraj. Paske flanm sòlèy la sifi pou ba yo limyè.

Fanm kou gason, gran moun kou jenn moun, kliyan kou pratik, yo tout tèlman jwe byen youn nan yo pa menm bezwen eskrip pou yo jwe wòl yo san manke yon sekans. Nan fim vivan sa a ki jwe devan galri yon ponp finèb ki gen zan an zòn nan kote vivan ape antere mò. Nan fim sa a, w ap jwenn machann vyann tout kalte, machan salami, machan ze bouyi, ze fri ak ze k pa ni bouyi ni fri.

Nan ti bout ri sa a ki pa longè 200 mèt, ou mèt kwè m, w ap jwenn sèn ki pou fè w ri jis ou pèdi rès jansiv ou ; si w te gentan mazora depi sou tan benmbo. Nan ti bout lari sa a, ou jwenn tout bagay nèt al kole. Machann ape salanbe kliyan ki bay move pri. Kliyan k ape fè pri anvan yo achte. Machann k ape ri. Pastè k vin di ti machann men jezu jwif yo nan papòt la ap vini. Se pi bèl tyaka ki te ka gen nan sosyete a kote ou jwenn tout kalib marengwen mal melanje ak femèl ak manman ak pitit.

Tout moun jwenn

Nan ti bout ri tou kout sa a, ki soti nan kalfou Manyi ak Rigo ki al bout nan wonpwen an anba Ri Gregwa a, ou jwenn moun k ape file ni kouto ni koulin. Ou jwenn magazen, boutik, restoran, fonmasi, boulanje, machann chenjanbe, machann aleken, machann bann apye, machann vyann kabrit, poul bèf. Ou jwenn diri, mayi, pitimi pa mamit pa sak pa ti gòdèt. Machann lwil nan dwoum, lwil nan galon ak lwil nan ti bidon fè kenken. Lè w rive nan kalfou Jefra a, lè gen yon ti lapli dlo a desann li lave dèyè machann vyann ak machan pèpè yo anvan l al tonbe nan yon ravin nan Koloni an.

Nan menm ti bout ri sa a, ou jwenn legliz, lekòl, klinik pou wete grenn dan k pa bon ankò pou mete dan pèpè. Yon maten n pe pase pou n rantre apre n fi n jwe marèl pou kabre yon pil fatra ki layite kò l nan kalfou a devan yon konpayi telefòn e ki sèvi l kòm bèl antre. Nou fofile nan mitan plizyè wou moto ki kanpe ape tann pasaje. Nou tande yon machann yanm ape bay yon lòt machann yon bon ti konsèy kote l di l konsa.

« Gade tou aprann sa tande kòm machann. Depi w wè 3 ou 4 kliyan ba w 200 pyas pou yon bout yanm, ou mèt bay li. Si 3 ou 4 moun ka ofri w menm pri a san 1 pat konnen pa kenbe pri se sa l vo vre ». Machann nan, menm kote a lonjè bout yanm blan an bay kliyan fanm nan ki te ofri l 200 pyas la an dènye a. Pi devan nan kalfou Jefra ak Rigo a nou jwenn yon pil fatra menm wòtè ak tèt mòn lesyèl. Gen yon bann machann chabon ki chita sou li byen alèz si w konn se Blèz ak tout madanm li yo ki chita sou yon ti chèz ba san pyès pinèz.

Detan yon kamyonèt ape klaksonnen pou yo ba l pase, n ap mayimoulen kò n pou n fè kèk foto pil fatra a. Men machann yo konprann se pòtre pa yo nou bezwen tire. Se konsa n wè youn nan yo ki gen yon kachnen nan machwèl nou di l konsa a « Bonjou bèl ti machann chabon. Kouman w ye ? Ki mirak w gen kachnen sa a nan figi w la. M pa janm wè okenn machann mete bagay sa a nan figi yo fasil. Se byen pou w pwoteje tèt w kont pon gongon yo rele kolera a ».

Li te reponn : « Piga n sezi non. Non mouche, m pa mete kachnen an pou kowona. Nan ki kowona m te ye. M deja nan mizè m pou m nan siveye kowona ki pi byen pase m. Se pou lòde fatra a pa fin touye m, wi m mete l pito ». Lè ti machann nan fin reponn nou konsa a n fè tout jounen an pe reflechi sou sa l di n nan. Sa te fè n poze tèt nou kesyon èske nan espektak ki nan Ri Rigo a se pa yon bèl istwa lanmou ant ti machann yo ak kowona a tou ?

Nou pase plizyè grenn jou ak menm kesyon dwòl sa a ap poze tèt nou. Menm kesyon malatchong sa a. Èske nan fim ki jwe chak jou nan ri Rigo a èske pa gen yon bèl istwa lanmou ant ti machann chabon yo ak pil fatra 17 wòtè sa a yo.  Lè w tande sovaj lameri yo debake anchango kou siprann se lè sa a istwa lanmou sa a konn transfòme an lago deli sa k kapab vin kenbe m. Machann ji bokal, machann mango ak machann zaboka tout gou tout koulè. Machann lam, machann pikliz aliyen youn akote lòt.

Moun ki bay ponya, moun ki nan sòl ak sabotay  Bank bòlèt anbilan, bank bòlèt sou tèt, sa k nan valiz, sa k nan sak, sa nan kay youn a kote lòt pou n pa di youn sou lòt. Yo tout vann 100 boul 10 fwa nan yon jounen paske gen 10 tiraj 5 maten 5 aswè menm si yo konnen se 3 sèlman k pe bay. Pi devan jwenn yon latriye konnetè ki bay do yo nan mache Chada a. se sitou pwovizyon pou moun fè lamanjay yo vannnan yo.

Si lajounen bèl istwa lanmou sa a pase nan ni Rigo a, n pa bezwen di n pou aswè menm. Nan wonpwen an kote ti bout ri sa a koumanse a, espetak la fenk kare kontinye pandan tout lannwit lan. Machann sigarèt, machann kleren (Gen patizan k gen yon kliyan kredi la), machann fritay, Machann fwi ak legim ki sot Kenskòf pa gen okenn pwoblèm yo dòmi sou twotwa. Jamè dodo, chofè moto, tout se aktè ki jwe nan feyton sa a ki rele Ri Rigo yon bèl istwa damou an. Nou kab pa kwè n, men se nou k pou di nou ki jan l gou.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here