Kovid-19 ofri edikaysyon an Ayiti yon opòtinite nou pa dwe rate!

0
875

Pandan ane akademik 2019-2020 an, anpil lekòl te fèmen pou anviwon sis (6) mwa sou dis (10) akòz peryòd « peyi lòk » epi poutèt pandemi KOVID-19 la k ap vale teren lekòl fèmen.

Yon kesyon aprenan yo poze nou souvan se “Èske nou tou pèdi ane akademik la?”
Pou anseyan yo menm, plizyè ap di “Mwen pa konnen si m ap ka pase plizyè mwa san yon salè.” Sa ki pi rèd la, pifò nan yo te deja ap lite menm avan pandemi a.
Youn nan manm pwogram lidèchip paran nou an te di “Mwen pè.”
“Ak kilès yo t ap panse lè yo te pran desizyon sa a? Poukisa nou pa dwe espere twòp bagay nan men lekòl nou yo, e pou elèv nou yo?”

Anseyan, paran, ak direktè lekòl yo pataje lide sa yo ak plis ankò depi lè pandemi KOVID-19 nan te deklannche. Yo te konfime premye ka KOVID-19 yo an Ayiti nan dat 19 mas. Nan jou ki te vini apre, te gen jefò nan sektè piblik ak prive yo ki te konsantre sou mezi sante piblik pou kwape viris la. Otorite yo te konsantre sou lopital, biznis, transpò ak konsekans pandemi an sou ekonomi an. Yo te anonse lekòl Ayiti yo t ap fèmen apati 20 mas. Ministè Edikasyon Nasyonal te deside pou relouvri lekòl nan mwa dawout 2020, epi li voye konsiy konsènan egzijans pou zafè sante ak sekirite ansanm ak obligasyon pou moun kenbe distans youn ak lòt. N ap mande si y ap ka respekte konsiy enpòtan sa yo, paske li difisil pou tout lekòl jwenn materyèl nesesè, poutèt kantite aprenan ki gen nan pifò lekòl, ak ti mwayen lekòl yo genyen. Sitou sa ki nan zòn pwovens yo. Yon lòt enkyetid se si anseyan yo pral rete ak konbyen aprenan ki pral kite lekòl apre pandemi sa a fini.

Kòm ko-fondatris ak PDJ Anseye Pou Ayiti (APA), se yon gran lonè pou mwen travay kòtakòt ak anseyan-lidè, manm kominote nou yo, ak yon ekip ki devwe pou mete tèt ansanm pou n konstui yon vrè sistèm edikasyon nasyonal k ap priyorize egalite ak jistis. Nan APA, nou travay ak kominote yo pou kreye yon rezo lidè sivik gras ak pwogram lokal pou n devlope lidèchip anseyan yo, paran, epi direktè lekòl yo. Ansanm, n ap konstui yon sistèm edikasyon egalego ki chita sou istwa, valè, epi vizyon nou pataje paske nou kwè nan apwòch ki valorize kilti nou lè n ap devlope konpetans lidè kominote yo bezwen. Depi lekòl yo te fèmen nan mwa mas la, lidè nan domèn edikasyon ak òganizasyon kominotè yo te travay pou rete konekte, kontinye bay anseyan yo fòmasyon adistans, epi eksplore apwòch teknoloji senp ak teknoloji avanse pou aprenan yo pandan y ap aprann deyò lekòl la. Gen kèk gwoup ki sèvi kòm pon ant ofisyèl sante piblik yo ak fanmi yo, kote y ap sansibilize moun k ap viv nan zòn riral yo sou KOVID-19. Men ak tout bon entansyon, nouvo lide, ak espri “wi nou kapab” la – nou dwe kanpe epi mande tèt nou: kisa n ap fè vrèman? Èske enpak nou pozitif vre?

Sistèm edikasyon nan peyi Ayiti a se youn nan motè k ap fonksyone depi byen lontan pou l kore chapant inegalite sosyal ki egziste depi nan pase kolonyal nou. Li bay anpil nan chòk ak divizyon nou genyen nan kominote nou yo jarèt. Apeprè 90% lekòl ann Ayiti se enstitisyon prive. Mete sa ak yon sistèm ki p ap vrèman veye sou pwogrè aprenan yo, metòd ansèyman ki pa efikas ankò, enfrastrikti ki fèb, ak anseyan k ap touche yon ti kras kòb, anpil direktè lekòl yo santi yo pèdi. Lè gen yon kriz, se lè sa a ki gen plis limyè k ap klere sou pwoblèm sistèm edikasyon nou an. Gen anpil peyi sou latè k ap fè fas a defi sa yo, espesyalman pandan pandemi global sa a. Nou sipoze mande: Eske tout elèv resevwa menm sipò si lekòl fèmen? Kòman n ap deside kijan pou lekòl yo relouvri?

Envesti nan moun, kominote, fanmi, timoun. Envestisman ki pa chita sou baz egalite pa vrèman inovasyon.

Pou abòde defi sa yo, nou ka anvi bay solisyon rapid san reflechi. Bezwen an ijan. Pa gen manti nan sa. Sitou lè plis pase 40 pousan popilasyon ayisyen an se timoun ki poko gen 15 lane epi se sèlman 41% nan timoun yo ki konplete lekòl fondamantal (epi 1% rive nan inivèsite). Malerezman, majorite efò nou yo pa rive touche tout peyi a epi yo pa dirab. Pandemi sa sèlman agrave difikilte ki nan sistèm edikasyon nou an.

Bon nouvèl la: Fwa sa a nou kapab fè bagay yo byen. An nou pa rete tann jiskaske gen yon lòt pandemi oswa yon lòt dezas natirèl. Se yon opòtinite n ap rate si nou reprann aktivite yo menm jan ak anvan. Oubyen si nou pa abòde poukisa gen kèk elèv ki ka kontinye aprann pandan yo pa ale lekòl, epoutan gen lòt ki pa kapab. Poukisa kèk elèv kontinye gen aksè ak anseyan yo ki kontinye touche pou sa, poutan gen lòt ki pa kapab. Epi pi jeneralman, poukisa yon envestisman nan sistèm edikasyon yo jiska prezan pa yon nesesite ijan. E mwen p ap pale de ni founiti, ni pwojè pou yon ti bout tan. Erezman, solisyon yo deja egziste.

Pou sezi moman sa a, nou bezwen yon apwòch ki diferan. Dabò, an nou defini inovasyon kòm egalite ak jistis. Kouri kreye yon nouvo bagay pa inovasyon. Egalite ak jistis sipoze oryante tout efò yo. Nou sipoze bay moun ki gen kapasite nan zòn pwovens yo priyorite tan pou nou panse se sèlman Pòtoprens ki gen moun ak konpetans. Nou sipoze konstui wout ak lòt enfrastrikti, tan pou n ap mache di pa gen wout. Nou bezwen nouvo sistèm. San sa, n ap fè mannèv ak yon ansyen sistèm k ap detwi sèvo nou, potansyèl nou, pouvwa nou. An nou pa chita ap chanje pyese mèb nan yon kay k ap boule. Sa pou nou fè se chèche konnen kisa ki fè sistèm nan mare, poukisa yo te kreye l pou li pa edike tout pitit peyi a kòmsadwa – epi apresa chavire li. Nou konnen envestisman fondamantal yo enpòtan – tankou bonjan travay, bonjan kote pou rete, posiblite pou ale kay doktè, kouran nan tout kominote yo, epi envestisman regilye nan bonjan edikasyon pou tout moun alawonnbadè. Imajine nou chanje fason nou fonksyone selon yon seri prensip ki kanpe min epi ki oryante anvè egalite ak jistis. Envesti nan moun, kominote, fanmi, timoun. Envestisman ki pa chita sou baz egalite pa vrèman inovasyon. Menm lè nou fè yon jan nou reyisi nan kèk ka, sistèm lan pral kontinye an pàn si l kontinye fonksyone selon objektif inegal moun ki kreye sistèm lan e k ap pwofite de li.

M pa kore yon apwòch kote aktivis ap mache ak yon kaye ak lis pwoblèm pou rezoud, men petèt l ap enpòtan pou n idantifye prensip ki ka pèmèt nou pran bon desizyon. Kèk prensip pou gide travay nou nan APA gen ladan yo:

*Mete tout moun alawonnbadè: Toujou mande ki moun yo pa mete, menm si se pa eksprè. Dedye bon jan resous pou enplike tout moun alawonnbadè. Pa egzanp, tande opinyon paran ak aprenan yo anvan nou pran desizyon pou lekòl la.

*Moun ki viv eksperyans yo vre: Fè yon jan pou nou toujou tande manm kominote a ki te viv pwoblèm yo, epi mete yo bò tab la lè n ap pran desizyon yo.

*Patenarya ki chita sou valè moun: Konstui relasyon ki baze sou kominote a pou ede redistribye pouvwa kounye a ak pi devan. Tabli patenarya ak lòt ki ka fè transfòmasyon menm jan ak nou pou nou ka konstui ansanm.

*Pwofondè chanjman an: Pa gen yon wout dwat pou chavire yon sistèm opresyon. Nan APA, nou antre fon.

Dezyèmman, pa gen wout pa bwa. Pandan ak apre pandemi an, nou sipoze refize lide ki di nou ka fè eksperyans nan sèten sal klas ak kominote anvan nou konnen si l ap reyisi – paske se sèlman rezilta ki konte. Pa egzanp, lide rekritman ak fòmasyon kontini pou anseyan konpetan se twòp tèt chaje pou kominote defavorize nan peyi tankou pa nou. Donk, yo pito itilize leson tou pare ak yon tèks motamo pou bay anseyan yo itilize chak jou. Nou pa t ap janm imajine yon apwòch konsa nan kominote ki pi rich yo. Menm jan an, evite travay pou idantifye solisyon lokal yo paske yon apwòch mache nan yon lòt peyi se yon bagay ki pa akseptab – patikilyèman lè apwòch sa a chita sou mank konfyans ki genyen pou swiv lidèchip moun nan pwòp kominote yo. Nou sipoze rejte medyokrite ak amelyorasyon ti kras pa ti kras ki nòmal pou sèten timoun, pandan lòt yo ka atann sèlman bon bagay. Nou bezwen fè yon kokennchenn chanjman nan fason nou panse, nan apwòch nou, ak rezilta nou revandike pou sistèm edikasyon nou an. Nou sipoze leve nivo a wo.

Lè ou oryante tout efò pou egalite ak jistis sa pral detèmine si nou kapab goumen ak yon lòt pandemi pi devan.

Sa ban mwen enspirasyon chak jou lè mwen wè plizyè santèn anseyan-lidè ak manm kominote patnè APA k ap travay ansanm pou yon transfòmasyon, nan chimen pou vin yon mouvman ak 50,000 sitwayen-lidè avan 2025 rive. Selon jan nou priyorize lidèchip sivik, nou rejte vye kwayans ki di “li pa posib isit la” ak “li twò radikal” ak “li bon se” (e menm “pito nou lèd nou la”). Enspirasyon mwen se pouvwa nou genyen ansanm.

Èske nou gen kouray pou sezi opòtinite sa a pou chanje nannan apwòch travay nou an?  Lè ou oryante tout efò pou egalite ak jistis sa pral detèmine si nou kapab goumen ak yon lòt pandemi pi devan. L ap detèmine si ekonomi nou an ap rekanpe sou de (2) pye l; si dezòd politik p ap vin yon bagay nòmal chak detwa mwa; si nou genyen yon mendèv konpetan ki pare pou rantre nan konpetisyon nan ekonomi global la. Fè l byen pou kèk grenn se pa repons la, paske inegalite ap leve kont nou to ou ta. Egalite nan edikasyon se yon gè kote nou pa viktim – okontrè, chak grenn sitwayen se yon sòlda. Ayisyen nan yon pozisyon san parèy paske nou montre lemond kisa yon pèp ka fè ansanm nan batay pou libète a. Fwa sa, nou pral fè l ak jistis nan edikasyon kòm pwochen revolisyon kiltirèl la.

Nedgine Paul Deroly
Ayibopost Premye Desanm 2020

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here