Konnen ak konprann kont kisa n ap batay

Ki pèspektiv batay mas pèp la anfas ideyoloji kapitalis konwonpi an ?

0
3283
Depi ti konkonm ap goumen ak berejèn, mas popilè yo nan peyi Ayiti pa janm bouke batay pou yo jwenn chimen lavimiyò, chimen libète ak byennèt pou tout moun.

Depi plizyè mwa klas eksplwate yo nan lari toupatou nan peyi a. Soti nan mwa jen 2019 pou rive jounen jodi a, chak jou pi plis gen kategori anplis k ap rejwenn mobilizasyon. Si dènye jou sa yo, apre twa mwa mobilizasyon rèd, nan depatman Lwès, Sid ak Sidès ta sanble gen yon ti poz, nan plizyè lòt depatman tankou Nip, Latibonit, Plato Santral sitiyasyon an rete tenn fas. Moun yo ap manifeste pou mande prezidan Tèt Kale a, Nèg bannann nan, Jovenel Moyiz remèt pouvwa a. Gen divès etap nan batay la kote nou te gen lenpresyon mobilizasyon yo ta pral  debouche nan yon soulèvman demokratik popilè jeneralize men te gen yon bagay ki manke. Kontrèman ak sa anpil moun ta vle fè kwè, sitou sila ki nan entènasyonal la, revandikasyon moun yo pa fantezis ditou. Se pa paske yo pa konnen kisa yo vle ni nonplis tou paske yo se yon bann aryennafè ki pran plezi bay tèt yo pwogram nan kouri monte desann nan lari a anba solèy cho. Manifestasyon yo ak tout revandikasyon yo se ekspresyon yon gwo kriz ki gen plizyè fasèt peyi a ak tout sistèm kapitalis la ap travèse. Pou aspè jeneral la, se sa k fè nou kapab wè se pa nan peyi Ayiti sèlman gen gwo mobilizasyon nan moman an.

Manifestasyon yo se ekspresyon yon gwo kriz ki gen plizyè fasèt peyi a ak tout sistèm kapitalis la ap travèse.

Nan ka nou menm Ayiti, peyi a ap degrenngole chak jou piplis. N ap viv nan yon peyi kraze, yon peyi mizè sou lagraba kote pa preske gen lavi ankò. Popilasyon an ozabwa. Depi omwens 2 lane, travayè-travayèz nan soutretans yo ap mande ogmante salè minimòm lan a 1000 goud pou yon jounen travay 8tèd tan ak divès avantaj sosyal tankou sibvansyon manje ak transpò, lojman sosyal desan, pi bon sèvis nan Ona ak Ofatma, elatriye…

Se sa k fè, sou yon pa moun yo ap manifeste pou yo di yo bouke ak sitiyasyon katastwofik y ap viv ladann nan tankou grangou, chomaj, lavichè, ensekirite, salè pwatrinè pou sila k ap travay yo. Epitou yon lòt pa, yo ap manifeste poutèt yo pran konsyans pandan lavi yo ap depafini gen divès moun, pami yo Jovenel Moyiz, k ap piye, vòlè epi gagote tout ti resous peyi a genyen. Pa egzanp nan bidjè 2017-2018 la, malgre nivo lagraba kondisyon lavi malere-malerèz nan peyi a te tonbe, pouvwa aloufa Tèt Kale a te deside monte taks ak enpo sou tèt pèp la, pandan y ap bay boujwa ki te finanse eleksyon Jovenel Moyiz yo tout kalite avantaj. Yo monte pri matrikil fiskal, pri paspò, pri lisans, pri kontravansyon, taks sou lwaye ak afèmay tè, konstriksyon elt… anmenmtan tou pandan yo ap redwi posyon bidjè sante, yo ogmante pòsyon bidjè ki pou ale jwenn palman an, primati ak palè nasyonal pou yo kapab jwenn lajan pou yo gagote. Popilasyon an gen santiman kat la mal bat, richès ki genyen yo mal pataje. Yo gen santiman tou sitiyasyon sa pa kapab kontinye konsa ! Y ap goumen anfèt, pou chanje sistèm epi retire Leta peyi a anba men klas dominan eksplwatè, piyajè, vòlè k ap peze souse majorite moun nan peyi a sitou sila yo ki nan klas popilè yo.

Kèk nan gwo boujwa k ap pwofite sistèm k ap depafini peyi a

Depi ti konkonm ap goumen ak berejèn, mas popilè yo nan peyi Ayiti pa janm bouke batay pou yo jwenn chimen lavi miyò, chimen libète ak byennèt pou tout moun. Nan divès faz batay sa, yo toujou gen yon seri de moun, kategori oswa klas moun, ki kouche ankwa sou wout yo pou anpeche batay la abouti. Kategori oswa klas moun sa yo ap defann enterè enperyalis la, grandon ak boujwa yo nan peyi a. Men tou jan sa parèt aklè pou tout moun nan dènye moman sa yo, klas dominan yo, kit se granmanjè nan leta, kit se grandon, kit se gwo komèsan nan enpò-ekspò, kit sa ki nan soutretans yo, yo tout anba lòd enperyalis yo. Se sa k fè pwoblèm nan pa poze nan yon senp chanje rejim, men li montre pi fondamantalman gen yon kriz nan nannan sistèm nan ki merite adrese pou lavi kapab blayi pou tout moun. Se sa nou rele yon kriz revolisyonè. An n gade pi byen kisa yon kriz revolisyonè ye !

Kisa yon kriz revolisyonè ye? 

Nan plizyè liv analiz li ekri Lenin fe tantativ pou defini kisa yon kriz revolisyonè, li eseye defini konsèp kriz revolisyonè a anpatikilye nan « La Maladie infantile du communisme » epi nan « La Faillite de la IIe Internationale » (Maladi Timoun Piti ak Fayit Dezyèm Entènasyonal la). Men se sitou nan Fayit Dezyèm Entènasyonal la li bay yon lis kritè ki kapab pèmèt dekri pi byen ak evalye kriz revolisyonè a. Pami kritè yo men twa sa li konsidere ki fondamantal jisteman pou n pale des « indices d’une situation révolutionnaire » :

a) Enposiblite pou klas dominan yo kontinye kenbe dominasyon yo san yo pa chanje l fòm; kriz nan tèt Leta ak sosyete a, kriz nan politik klas dominan ap aplike anndan sosyete a. Sa vle di baz sosyete pa vle viv menmjan anvan anko epi tet sosyete a pa kapab fose baz la kontinye viv nan menm kondisyon an ;

b) Sitiyasyon nòmal detrès ak mizè klas yo ap peze yo vin pi grav pase aksan grav ;

c) Ogmantasyon aktivite mas yo pou chanje kondisyon lavi yo.

Daprè Lenin, se ansanm chanjman objektif sa yo nan sitiyasyon sosyal la ki konstitye sa n rele yon sitiyasyon revolisyonè. Fò n konsidere tou pou sitiyasyon an revolisyonè tout bon vre, nou pa kapab pran kritè yo nan izolasyon youn parapò ak lòt men nan entè-depandans yo, nan makonay yo. Sa vle di nan menm moman “aktivite mas yo ap ogmante an” se nan menm moman sa tou kriz nan klas oswa fraksyon klas k ap dirije yo parèt. Kidonk youn kondisyone lòt. Nan sans sa, kapasite militan yo pou apresye egzateman sitiyasyon revolisyonè a enpòtan anpil. Yon militan ki pa devlope kapasite sa lakay li, se pratikman yon komedyen k ap mennen batay mas yo nan lòbèy. Li enkapab pou ede batay la vanse.

Nan Maladi Timoun Piti, Lenin fè kèk retouch sou premye kritè nou sot pale la yo. Andiplis li ensiste sou yon lòt kritè enpòtan anpil ki se raliman kouch tiboujwazi yo (classes moyennes) nan batay mas travayè travayèz yo pou chanjman an. Men la ankò, kritè raliman sa pa yon fenomèn pou kont li. Se nan relasyon li ak lòt kritè yo, pou n konsidere l nan sitiyasyon kriz revolisyonè a. Otan mas popilè yo detèmine nan batay la, se plis rasanbleman kouch entèmedyè yo ap solid pou anpeche trayizon ak woule m de bò. Se poutèt sa Trotski ekri nan L’Histoire de la révolution russe : « La réciprocité conditionnelle de ces prémisses est évidente : plus le prolétariat agit résolument et avec assurance, et plus il a la possibilité d’entraîner les couches intermédiaires, plus la couche dominante est isolée, plus la démoralisation s’accentue chez elle. Et par contre la désagrégation des dirigeants porte de l’eau au moulin de la classe révolutionnaire ».

(Tradiksyon lib. « Lojik pwason kraze nan bouyon prensip sa yo kle tankou dlo kokoye: plis pwoletarya a ap aji ak rezolisyon ak detèminasyon, se plis li gen posibilite pou antrene kouch entèmedyè yo, se plis tou l ap izole klas dominan yo. Plis klas dominan yo izole, se plis demoralizasyon ap vin fò nan mitan yo. Sou yon lòt bò, delala klas dirijan yo ap pote anpil van nan batay klas revolisyonè a pou l al Lagonav”)

Nati kriz la nan peyi pa nou Ayiti

Jan nou kapab wè sa apati ti prezantasyon rapid kritè Lenin yo, sitiyasyon an mi nan peyi pou gen yon revolisyon. Tout kondisyon yo reyini pou n di n ap viv yon kriz revolisyonè wodpòt. Se yon kriz sistèm ki mande pou chodyè a chavire net. Chavire chodyè a vle di pa kite manje a kontinye bouyi sou menm dife a ak nan menm veso a. Menmsi li pa sifi, pawòl sa tradui yon premye etap nan nivo konsyans mas yo sou sa ki merite fèt rapid rapid. Se sa pawòl k ap pale nan lari a depi plizyò mwa, pawòl chanje sistèm nan vle di. Se pa yon pawòl vèbal. Sistèm n ap goumen pou chanje jounen an se yon konplèks ki ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl. Jan yon dokiman fè sonje sa, istorikman li sòti nan konsepsyon Aleksann Petyon (prezidan Ayiti 1807-1818) te genyen sou fason pou li jere pouvwa a nan avantaj moun ki te nan menm klas sosyal avèk li. Konpayèl Petyon, JanPyè Bwaye (prezidan Ayiti 1818-1843) ki pran pouvwa a apre l fin mouri, pral konsolide sistèm sa nan jan yo monte aparèy Leta a ak jan yo fòse sosyete a devlope dapre yon chema apatay. Leta Petyon-Bwaye a se yon modèl Leta rasis ki pa t gen sousi pou amelyore kondisyon lavi gwo popilasyon peyi a. Se sistèm sa ak tout modèl Leta ak sosyete li konstwi pandan pase 200 lane ki rive nan bout li jounen jodi a.

Soti 1991, lavi ap degrade, salè travayè yo ap vin pi piti.

Youn nan siy ki montre kijan nivo kriz la wo se lè n ap gade jounen jodi a gen yon seri gwo palto, politisyen tradisyonèl ak boujwa ki anbake nan pawòl chanje sistèm nan, pandan pyès nan yo pat janm konn pote ansanm revandikasyon ak vre pwoblèm mas pèp la. Menm yo menm ki t ap soutni Eske sa vle di politisyen sa yo chanje? Eske sa vle di moun k ap batay nan kan mas pèp la kapab fè yo konfyans pou vanse ak yo poutèt yo ap pale pawòl chanje sistèm nan? Repons lan san ezite se NON. Dayè si n byen gade n ap wè pyès nan yo pa prezante ankenn mekanis pou soti sosyete a anba grif gwo boujwa oswa grandon nan peyi a ni nonplis tou yo pa gen ankenn pwopozisyon pou soti peyi a anba dominasyon politik ak ekonomik anbasad enperyalis yo – anpatikilye meriken – ki la pou garanti eksplwatasyon nan peyi a. Okontrè si n gade byen yon lòt fwa ankò, n ap wè yo tout dakò pou mache tèt bese devan ajenda enperyalis la. Menm nan mitan jèn ti politisyen ki nan pwomotè mouvman Petwokaribe a, gen divès tandans ki se pou mennen mouvman ale chache onksyon nan pye je vèt kè lanfè. Sa pa dwe etone lè n konnen enterè anpil nan yo marande ak enterè blan yo. Kidonk nivo konsyans mas Pèp la sou kriz la pi avanse pase nivo politisyen gwo levit yo.

Anmenmtan tou, nou kapab konstate kijan enperyalis la ap miltipliye mouvman pou pa kite kriz la chape nèt pou l debouche sou revolisyon popilè a. Enperyalis meriken sitou rasanble tout ajan ak koutye li yo pou montre yo nesesite pou yo fè fwon pou mete pansman sou java kriz la. Dènye inisyativ Enperyalis la pran se rasanble patwon ayisyen ak dominiken nan Miyami. Kriz la tèlman mi, li sou wout pachiman si militan revolisyonè yo pa fè travay yo kòmsadwa.

Bonjan remèd pou kriz la 

Pou nou menm tout inisyativ sa yo se jwèt tibebe. Remèd pou kriz la se chavire sistèm nan nèt nèt. Ki vle di anyen pa dwe rete. Nou vle rekonstwi men nou pap rekonstwi sou menm fondasyon an. Solisyon an se pa refòm se revolisyon. Se pa drese ak korije, se refèt nèt. Nou menm nan Kolektif la ak nan Gwoup Rhizomes, nou pap fè yon peyi pou kèk moun viv byen men yon peyi pou tout moun. Chak goud Leta depanse fòk li ka di konkrètman nan kijan l ap itil popilasyon an. Li pa nòmal pou lajan taks malere-malerèz ap peye ofisyèl ak fonksyonè anndan tankou deyò peyi epi yo pa gen anyen yo itil peyi a ak popilasyon an. Li pa nòmal pou dirijan yo ap viv nan lwil, rete nan gwo kay ap woule bèl machin pandan popilasyon an ap penpennen nan malsite (tout depans nan nivo sa yo dwe jele omwens pou twa (3) pwochèn lane yo annatandan peyi a reprann kap li). Youn nan gwo chanjman enpòtan ki pou fèt nan dispozitif pouvwa popilè a se fasilite patisipasyon politik tout moun nan peyi an anpatikilye medam yo sitou fanm travayè, ouvriye, peyizan ak ti machann yo. Dapre dènye estimasyon IHSI (2015) fanm yo reprezante 53 % moun nan sosyete ayisyen a pifò medam sa yo se malere k ap bat dlo pou fè bè. Sa se pa pawòl pou eleksyon men lide pou yon chanjman anpwofondè nan lojik jan sosyete a òganize.

Fòk kat la rebat globalman nan sosyete a.

Fò n soti nan lesplwatasyon an, fòn soti nan dominasyon an, fòn soti nan lopresyon ak eksklizyon.  Kontrèman ak sa òganizasyon zefeyis tiboujwazi ap defann, kesyon parite a pa nan biwo Leta senpman ni nonplis tou, li pa sèlman yon kesyon pousantay. Fòk kat la rebat globalman nan sosyete a, anplis fòk parite fi ak gason an egal ego nan tout ògan Leta a men fòk se vwa fanm ki majorite nan sosyete a – ti machann yo, travayè fanm nan izin yo, fanm k ap travay kay moun yo, agrikiltris yo – ki pou eksprime tout bon vre. Se pa byennerèz ki dwe chita pale nan plas yo, nan non yo. Pou sa fèt, fòk gen mezi ki pran pou korije lòbèy nan tout sosyete a. Parite a mande mezi ki pou pèmèt li rive fèt vre (ki sa ki pou fèt pou jodi, ki sa ki pou fèt pou demen). Mezi pou parite yo mande yon seri oryantasyon nan mantalite sosyete a, oryantasyon sa yo pral pran ko nan chwa Leta. Konsa, li enpòtan pou sosyete a pa kite parite tounen chwal batay pou kèk kategori taye banda.

Bò kote egzijans jistis sosyal ak chanje tout bon vre kondisyon lavi popilasyon an, youn nan ijans pouvwa popilè a ap genyen pou l adrese rapid vit se pran kontwòl sekirite ak sikilasyon zam tout kote sou teritwa a. Se pa yon travay ki pi senp paske teren an pyeje ak zam boujwa yo, Tèt Kale mete ak enperyalis la simen tout kote, sitou nan katye popilè yo pou kontwole mouvman popilasyon an. Youn nan mezi rapid pouvwa popilè a ap genyen pou pran nan sans sa se fikse kad pou ekzèse yon kontwol estrik sou konpayi sekirite yo ak garanti prezans Lapolis popilè ak tout mwayen travay yo mande pou chak grenn seksyon kominal ki gen nan peyi a. Se sitwayen nan zòn yo k ap gen kontwòl Lapolis tout kote sou teritwa a. Lapolis la pa dwe depaman ak popilasyon an. Nan sans sa, ap gen brigad sitwayen –fanm ak gason – k ap kontwole epi akonpaye travay Lapolis la.

Kolektif Kanmarad Janil Prezan
Novanm –Desanm 2019
ALASO VOL 3 # 4, OKTOB-DESANM 2019

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here