Konferans pou laprès BAI ak MOLEGHAF

0
992
Oxygene David, (MOLEGHAF), agoch, ak Mario Joseph (BAI)

Biwo avoka Entènasyonal yo (BAI) ak MOLEGHAF wete chapo yo byen ba pou salye Près pale, ekri, an liy ak televize ki fè deplasman pou kouvri konferans pou laprès jodi vandredi 4 desanm 2020 an. 

Objektif konferans pou laprès sa: se pou BAI ak MOLEGHAF pozisyone yo sou konjonkti sosyopolitik peyi a, espesyalman sou enjerans  gwo peyi enperyalis yo nan zafè polititik Ayiti, sou dènye liy dwat mobilizasyon pou kapote rejim konwonpi-sanginè phtk a epi sou zak teworis deta ki pran fòm ensekirite jeneralize ak represyon politik toupatou nan peyi a.

BAI ak MOLEGHAF ap  lonje dwèt yo byen long sou kò gwoup, ki se yon estrikti ilegal epi rasis ki gen ladan l prensipalman gwo peyi enperyalis yo tankou Etazini, ki se pi gwo responsab mizè, enstabilite politik ak zak teworis deta k ap simaye dèy, kidnapin ak laperèz nan kan popilasyon an, akote restavèk yo Jovenel MOISE. E pou n pi klè, Etazini, kèk fwa atravè Kò gwoup, gen yon doub responabilite kriminèl nan sitirasyon malouk Ayiti ap viv la : Etazini oubyen kò gwoup responsab paske se li ki te inisye rejim konwonpi sanginè phtk a nan kad de (2) eleksyon bouyi vide san patisibasyon pèp la, men tou paske kò gwoup oubyen Etazini se sèl sipò rejim konwonpi sanginè phtk a genyen, pandan l ap piye trezò piblik la ;  pandan l ap defann etranje, bawon phtk yo ak boujwa ki vòlè kòb petrokaribe a ;  pandan l ap  masakre mas yo nan katye popilè yo, touye, bastonnen, arete epi boure nan prizon ilegalman advèsè politik li ; pandan l ap  kraze tout enstitisyon demokratik ki la pou garanti yon leta ki chita sou la lwa epi defann enterè sosyete a ; pandan l ap pase anba pye konstitisyon 1987 la ki se baz tout prensip viv ansanm anndan  sosyete a,  elatriye. Kidonk, MOLEGHAF ak BAI denonse peyi enperyalis yo ki nan kò gwoup la, kòm yon bann rasis ki kenbe phtk sou pouvwa a kont volonte pèp la ak fòs viv peyi a pou fè Ayiti tounen yon twou latrin, jan Donald Trump te di l la.

Nan sans sa, BAI ak MOLEGHAF ap denonse tou, tout sektè ki konprann yo ka mete pèp la nan yon atantis politik, kòmkwadire pou mas yo kanpe sou batay yo epi tann administrasyon Joe Biden lan 20 janvye 2021 pou kapote  rejim konwonpi sanginè  phtk a, ke Joe Biden li-menm ak Obama te inisye nan peyi a nan kad briganday elektoral 2011 yo.

Pèp Ayisyen pat nan charite politik an 1803, se pa an 2020 l ap nan charite politik. Si revolisyon ki te bann endepans lan pat pitit fi kriminèl kolon fransè yo, se pa batay pou emansipasyon mas yo ki pwal pitit fi kriminèl Yankee.

BAI ak MOLEGHAF ap mande mas yo rete mobilize e konte sèlman sou fòs yo pou kapote Jovenel MOISE sou pouvwa a epi kraze sistèm peze souse a

 Pou rezon fondamantal sa, BAI ak MOLEGHAF ap mande mas yo rete mobilize e konte sèlman sou fòs yo pou kapote Jovenel MOISE sou pouvwa a epi kraze sistèm peze souse a, nan lide pou akouche yon sosyete tou nèf kote tout moun ap gen menm dwa ak menm chans san fòs kote.  

Pou n fini, n ap lanse yon pinga bay swadizan otorite ki plase pou garanti sekirite ak respè dwa libète piblik yo, ki konprann yo ka kite baryè lib pou bandi pwòch pouvwa a oubyen milis pouvwa a masakre, kidnape, sasinen epi ransonnen popilasyon an yon bò,  epi yon lòt bò y ap fè represyon sovaj kont pèp la chak fwa yo pran lari pou denonse zak ensekirite sa yo epi mande leta pran responsabilite l.

Sèl sa n ap di yo, tout zak sa yo ap dokimante e lè rèy konwonpi sanginè phtk yo fini, y ap gen pou rann kont. E lè sa, pèsonn pa pwal ka di se pèsekisyon politik paske dosye yo la e yo byen dokimante.

Potoprens, vandredi 4 desanm  2020

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here