Komemorasyon masak peyizan Janrabèl ak Mawotyè yo!

0
476
Tèt kole ti Peyizan Ayisyen renouvle angajman l nan batay pou mande jistis ak reparasyon pou tout viktim masak peyizan Janrabèl ak Mawotyè yo

23 Jiyè 1987- 23 jiyè 2017, 30 lane depi atoufè sanfwanilwa te mare sosis yo ak grandon sou konplisite kèk otorite nan leta a pou yo etenn souf plis pase plizyè santèn ti peyizan ayisyen nan depatman Nòdwès la. Espesyalman nan komin Janrabèl, kote peyizan yo te òganize yo nan yon regwoupman,  yo te rele : Tèt Ansanm, pou yo te mande tè pou yo travay, non sèlman kòm gwoup moun ki makònen ak tè men nan enterè depatman an . Se konsa chak ane pou komemore dat sa, Tèt kole ti Peyizan Ayisyen renouvle angajman l nan batay pou mande jistis ak reparasyon pou tout viktim masak sa a, kèlkilanswa viktim dirèk ou endirèk yo.

Se konsa divès aktivite te òganize nan dat 21 pou rive 23 Jiyè 2017  nan kèk zòn kote masak yo te fèt. Nan dat 21 Jiyè 2017 te gen plizyè sitin nan komin Pòdpè. Nan youn ki te fèt devan Ministè Agrikilti a, diferan militan te plante pikèt yo pou yo te siyale : pandan 30 lane Tèt kole ti peyizan ayisyen toujou kanpe sou de pye militè l, l ap goumen nan Nòdwès la pou l mande zotobre nan ministè yo pran responsablite yo  pou bay peyizan yo tè, asire sekirite peyizan yo sou tè yo,  kanalize dlo 3 rivyè a pou wouze tè a pou peyizan yo kapab travay.

Yo fè konnen nan lane 2013 prezidan ki te la a Michel Martelly te deklare nan Raymond yon katye nan premye seksyon kominal komin Jan Rabèl  « Li pral fè baraj pou dlo 3 rivye a, palmantè yo vote yon bidjè 320 milyon goud pou baraj la » Anyen pa janm fèt, sanble bandi Mateli yo te gagote kòb la.

Manifestan yo denonse tou : nan bidjè rektifikatif 2017- 2018 la, gen lajan pou baraj rivyè bas, baraj dlo 3 rivyè a ankò, kòb pou wout Kafou jòf Pòdpè, yo swete lajan sa a tou pa gaspiye nan fè kanaval tribò e babò, nan fè touris nan peyi etranje jan sa te konn fèt sou Martelly.  Popilasyon Nòdwès la pare yon po kann ak tout foumi pou yo,: se pou tout rezon sa yo, nou vin devan ministè agrikilti pou fòse otorite yo nan lajan yo mete nan bidjè 2017- 2018 pou yo fè aktivite pou moun Nòdwès yo, sitou sa nou sot site yo avan ane fiskal la fini.

Moun Nòdwès nan mizè, pa gen manje, pa gen wout, fatra ap bay moun maladi ajoute sou sa pa menm gen yon bon lopital pou peyizan yo ale. Sa k pi rèd, jou ki te 21 Jiyè 2017 la, nan meri Jan Rabèl la otorite santral yo te prezan, yo te vin gade kijan pou yo fè eksplwatasyon min nan komin nan.  Noumenm, nou konnen dega  eksplwatasyon min fè nan divès peyi nan Amerik Latin lan sou lavi moun, sou anviwonman, konsekans li genyen sou dlo moun ap fonksyone, popilasyon Nòdwès te vote palmantè yo, se pa pou bagay sa yo, fòk yo pran responsablite yo nan enterè pèp Nòdwès la.

Nou tande gouvènman Jovenel/ Lafontan ap mete lame sou pye, nou konnen lame sa, se pou fè represyon sou popilasyon an, pou fasilite grandon yo kontinye pran tè ti  peyizan, pou fasilite gran miltinasyonal yo vin fè zòn franch touristik, zòn franch agwo endistriyèl ak pwodui OGM pou fini ak tè ti peyizan yo, pou ti peyizan kontinye kite peyi a, al pase mizè kay vwazen epi mouri sasinen pirèd, nan Sendomeng, Chili, Brezil ak Taiwan.

Sòti ministè agrikilti pase ministè Travo piblik pou rive devan pakè Nòdwès la kote militan TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN yo, pat sispann sonnen lanbi rasanbleman an pou mande lajistis, arete epi jije tout moun ki koupab nan sasinay 23 Jiye 1987 la,tankou  fanmi Nikol Poidvien, Remy Lucas ki se menm fanmi ak gwo bawon ki nan PHTK,  yo rezo gang ki bay tèt yo non bandi legal, yo rele Stanley Lucas a.

Nan menm jounen sa aTèt kole ti peyizan ayisyen te pran diresyon Janrabèl, kote yo t al depoze yon pwojè nan meri komin lan, pou yo mande yon espas pou yo konstui yon sant nan memwa viktim masak 23 Jiyè 1987 yo.

Nan kontèks sa TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, ap kontinye renouvle angajmanl nan divès baz li prezan nan peyi a, pou mande bon jan akonpayman pou tipeyizan yon an peyi a, semans, bank agrikòl, irigasyon, bay peyizan yo tè pou yo plante   pou olye prezidan ap mache likide tè agrikòl yo bay gwo milti nasyonal yo , pou plante plant pou fè kawotchyou, ak lòt pwodui pou y al itilize nan lòtbò dlo.

Youn nan demann manifestan yo se  pou Lakou Siperyè Dèkont fè swivi sou rapò UCREF la, sou kesyon lajan Agritrans lan. Yo mande tou pou Palman an jije prezidan enkilpe a : Jovenel Moise.

Aba leta restavèk peyi kapitalis yo.

Viv pwodiksyon nasyonal, viv yon Ayiti ki granmoun tèt li.

Elysée Luckner Vil

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY